Randevou a

Si w respekte tout kondisyon yo, ou dwe preanrejistre w epi pran yon randevou sou sit entènèt Sistema Integral de Nacionalidad y Naturalización (SINNA).

Avan w kòmanse:

  • 📧 Ou dwe genyen yon imel
  • 🖥️ Se sèl sou yon òdinatè w ap ka fè preanrejistreman an (ou pap ka fè l ni sou telefòn ni sou tablèt).
  • 💾 Depi w kòmanse preanrejistreman an ou dwe fini l. Si w pa fini l enfòmasyon ou te gentan mete yo pap rete sovgade sou sistèm nan.

Pasos para tu pre-registro y cita

  1. Antre sou sit entènèt: https://reipv6.sre.gob.mx/sinna/
  2. Mete imel ou: Tape imel ou pou yo ka voye lyen an pou ou.
  3. Tcheke imel ou: Ouvè imel yo voye pou ou a epi klike sou lyen an.
  4. Fè preanrejistreman an: Antre enfòmasyon w epi ranpli fòmilè DNN-3.
  5. Chwazi lye a: Seleksyone lye kote ou vle al fè pwosedi a.
  6. Seleksyone randevou a: Chwazi jou ak lè a.
  7. Konfime: Y ap voye nimewo folio ak konfimasyon randevou a ba ou sou imel ou.

Nan ACNUR nou ka oryante w gratis nan tout pwosesis natiralizasyon ou a.

📞 Telefòn gratis: 800 226 8769 oswa 800 283 2718 (Si w pa anndan peyi Meksik, sonje tape +52 devan nimewo a)
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Oswa sou imel sa a[email protected]

<< Natiralizasyon