Ki jan pou m kreye yon kont imel?

Si w deja kòmanse demach ou yo nan nenpòt enstitisyon oswa òganizasyon, tankou COMAR, INM, ACNUR oswa CONECTA, li trèzenpòtan pou w gen yon imel pou w ka fè suivi ki nesesè yo. Sou Entènèt la, gen plizyè paj ki ofri sèvis imel gratis, tankou Gmail, Outlook oswa Yahoo!

Pou ouvri yon kont imel, ou dwe suiv etap tou senp sa yo:

  • Premye sa ou gen pou w fè se konekte sou Entènèt sou yon òdinatè, tablèt oswa telefòn selilè. Ekri non youn nan sit Entènèt sa yo nan nenpòt sit Entènèt pou moun fè rechèch.
  • Sou sit Entènèt yo a, w ap wè yon bouton ki make: “Crea una cuenta”. Klike.
  • Suiv etap ki parèt sou ekran an pou w kreye kont imel ou a.
  • Non itilizatè ou chwazi a pa dwe yon non ki anrejistre sou sit Entènèt sa a deja. Apre sa, antre yon modpas. W ap bezwen kenbe enfòmasyon sa yo nan tèt ou, oubyen ekri yo pou w pa bliye yo.
  • Y ap mande w kèk enfòmasyon pèsonèl e y ap mande w pou w aksepte kondisyon sèvis y ap bay la, sa gen ladan l anrejistre oubyen itilize enfòmasyon pèsonèl ou.
  • Si w aksepte kondisyon yo, w ap wè espas pou w resevwa epi voye imel la parèt sou ekran an.

Pou w kapab konekte sou bwat imel ou alavni, w ap bezwen note adrès imel ou a ak modpas ou.

Lè w bay lòt moun oswa yon òganizasyon imel ou, w ap kapab resevwa enfòmasyon epi voye enfòmasyon, tankou mesaj tèks, dokiman oswa foto.

W ap wè etap yo nan videyo sa a:

https://fb.watch/v/31klRIsS1/

ACNUR ap travay an favè refijye yo ak kominote k ap akeyi refijye yo

Nan tèks sa a, n ap reponn kèk nan kesyon kominote a poze.

1. Ki sa ACNUR ye?

ACNUR se Ajans ONI pou refijye yo. Li gen manda pou l dirije epi kowòdone aksyon entènasyonal pou pwoteksyon refijye yo nan lemonnantye. N ap ede plizyè milyon moun ki oblije kite peyi yo sove lavi yo, epi vin gen yon pi bon avni.

2. Sa k fè imigran yo diferan ak refijye yo?

Refijye yo se moun ki sove anba konfli ame, sitiyasyon vyolans oswa pèsekisyon e ki pa ka retounen nan peyi yo paske lavi yo an danje. Yo diferan ak imigran akoz rezon ki fè yo kite peyi yo; An jeneral, imigran yo fè sa pou rezon ekonomik, oubyen pou ka ansanm ak fanmi yo, men se pa paske lavi yo an danje, e se volontèman yo kite peyi yo. Nan ka refijye yo, yo pa kite peyi yo volontèman, yo fè sa pou yo sove lavi yo.

3. Ki jan ACNUR ede refijye yo?

Si yon moun ap fè demach nan COMAR oubyen yo deja rekonèt li kòm yon refijye, ACNUR ansanm ak òganizasyon nan sosyete sivil la ap kolabore pou:

  • Ba w enfòmasyon sou demach ak sèvis yo bay nan peyi a.
  • Akonpaye w nan demach w ap fè nan COMAR ak demach ou yo nan INM.
  • Ba w sipò asistans legal gratis si ka pa w la mande sa.
  • Ba w èd pandan yon ti tan pou bezwen debaz yo. Sa ap pèmèt gen mwens moun k ap viv nan lari.
  • Ba w oryantasyon k a pèmèt ou etidye oubyen kontinye etid ou, jwenn aksè ak sèvis sante, fòme tèt ou oswa gen dokiman k ap pèmèt ou jwenn travay.
  • Mete l an kontak ak kèk òganizasyon ak otorite yo pou pwoteje lavi l, sekirite l ak entegrite l pandan ti tan l ap fè nan Meksik.

Anplis de sa, ACNUR gen pwogram entegrasyon pou refijye yo kòmanse yon nouvèl vi nan Meksik. Pa egzanp, ACNUR ede moun yo rekonèt kòm refijye e ki deplase ale nan yon lòt vil kòm moun ki gen pi gwo posiblite pou yo jwenn travay ak sèvis. Depi lè pwogram nan te kòmanse an 2016, plis pase 10,000 moun te relokalize nan vil ki nan sant ak nan nò Meksik.

4. Ki kalite èd ACNUR bay otorite yo ak kominote lokal yo?

ACNUR ede kominote lokal ki resevwa refijye yo gras a diferan pwojè ki pèmèt moun viv ansanm nan lapè, nan domèn tankou edikasyon, sante, espò ak enfrastrikti. Gras a pwojè sa yo, refijye yo ak kominote yo kapab patisipe nan aktivite ki ankouraje yo byen viv ansanm.

Pa egzanp, nan Palenque, Chiapas, men kèk aktivite yo te fè:

  • Enstalasyon 70 lanp ekleraj piblik nan PakalNa.
  • Livrezon 118 òdinatè nan lekòl nan Palenque; ladan yo, gen 58 ki te ale nan koloni PakalNa.
  • Livrezon 2 òdinatè pou Ajans Oksilyè Minisipal PakalNa a, pou ede yo aprann pi byen òganize yo.
  • Livrezon anbilans nan Palenque.
  • Konstriksyon yon dom k ap vin yon tribinal santral nan Francisco León, Ocosingo.

5. Pou ki sa gen plis refijye nan kominote mwen an chak jou?

Nan dènye ane yo, peyi Amerik Santral yo te fè fas ak sitiyasyon vyolans ki te fòse plizyè milye moun kite peyi yo pou chèche pwoteksyon, e Meksik vin tounen yon destinasyon pou anpil nan moun sa yo. Pifò moun ki mande azil nan Meksik fè sa nan sid peyi a. Ni ACNUR ni COMAR pap ede moun vin Meksik.

6. Èske dokiman COMAR bay imigran yo pwoteje yo kont otorite yo?

Non.

Sètifika COMAR bay la montre yon moun deja kòmanse demach li yo e moun sa a bezwen pwoteksyon antanke refijye, epi li pa kapab retounen nan peyi kote l soti a.

Yon lòt bò, sètifika COMAR la endispansab pou w fè Kat Vizitè pou Rezon Imanitè a nan Enstiti Nasyonal Migrasyon an (INM), ki se enstitisyon k ap regilarize sejou w nan Meksik. Sètifika ki montre ou deja kòmanse demach yo pa yon dokiman ki fè w legal antanke imigran.

Dapre lalwa, sètifika COMAR bay pou moun ki kòmanse demach yo ak kat vizit pou rezon imanitè a pral pèmèt yo gen dwa pou yo fè aktivite tankou travay, jwenn edikasyon, sante, lojman, elatriye.

7. Èske moun ki fè demann pou l vin gen estati refijye nan COMAR la oswa moun yo rekonèt kòm refijye yo gen kèk iminite oswa pwoteksyon kont otorite yo, lapolis, elatriye?

Non.

Moun ki mande pou yo gen estati refijye yo sèlman gen pwoteksyon pou yo pa retounen nan peyi yo, men si yo komèt yon krim, y ap gen menm tretman ak nenpòt moun nan Meksik, epi si yo fè sa, y ap ba yo sanksyon yo merite a.

8. Èske ACNUR ka pwoteje yon moun ki fè demach pou l gen estati refijye oswa yon refijye pou lapolis pa arete l?

Non.

ACNUR ap travay pou pwoteje moun ki sove kite peyi yo, men li pap kapab pwoteje aplikan oswa refijye yo si yo komèt yon krim. Tout moun k ap viv nan peyi Meksik dwe respekte lwa peyi a.

Nan peyi Meksik, ACNUR pa bay dokiman ki pwoteje kriminèl, oubyen ki regilarize sitiyasyon moun.

9. Si yon imigran oswa yon refijye an danje, oubyen si li gen yon pwoblèm legal ak kominote kote l ap viv la, kot ki moun pou l ale?

Otorite lokal yo, lapolis. Si w an danje, ou ka rele 911 epi mande èd. ACNUR ak COMAR kapab sèlman ba w enfòmasyon sou lwa ki an vigè nan Meksik yo. Anplis de sa, si ka w la mande sa, ACNUR kapab ede w pran kontak ak avoka ki ka ede w gratis.

10. Si yon moun k ap fè demach pou l vin yon refijye, oubyen yon refijye, gen pwoblèm ak leta, se pa ak imigrasyon, sa vle di li fè yon krim, èske ACNUR ak COMAR kapab ede l?

Non.

L ap gen pou l peye konsekans aksyon l yo jan lalwa peyi Meksik mande sa pou kounye a. UNHCR ka ede w pran kontak ak Enstiti Federal Defans Piblik (Instituto Federal de la Defensoría Pública) (IFDP) pou w ka jwenn èd legal.

Ki lè yon moun se yon refijye?

Yon moun ki te oblije kite peyi l paske li an danje. Dapre Lwa sou Refijye yo, pwoteksyon konplemantè ak azil politik, nan Meksik yon refijye se yon moun ki:

  • Pè pou yo pa pèsekite l akoz ras li, relijyon l, nasyonalite l, sèks li, ran sosyal li, oswa opinyon politik li.
  • Li pa nan peyi li, epi li pa gen pwoteksyon.
  • Li te kouri kite peyi l paske lavi l, sekirite l, oswa libète l te menase akoz vyolans ak konfli ki gen nan peyi l.
  • Li an danje, oubyen l ap viv youn nan sitiyasyon ki vin apre yo:
  • Ekstòsyon, asèlman, vyolans fizik oswa seksyèl gang oswa gwoup ame fè.
  • Yo ba l kou, fè presyon sou li, e yo fè vyolans fizik sou li akoz sèks li, oryantasyon seksyèl li, oswa paske li di li se gason oswa fi. Pa egzanp, moun LGBTI yo.
  • Menas, kou oswa vyolans seksyèl yon mennaj, mari/madanm, ansyen mennaj, ansyen mari/madanm, fanmi, oswa lòt moun fè sou moun.
  • Yo te pran kay li oswa tout sa l genyen.
  • Yo oblije al nan pwostitisyon oswa marye kont volonte yo.

Nenpòt etranje ki sou tèritwa Meksik e ki pè retounen nan peyi l pou rezon sa yo kapab mande pwoteksyon nan men gouvènman meksiken an kòm refijye.

Refijye yo ka ret viv nan Meksik yon fason ki legal, san pwoblèm.

Ki sa nou ka konsidere kòm vyolans nan yon koup?

Malerezman, vyolans sou fanm se yon bagay ki kontinye rive trè souvan. Pami fòm vyolans yo plis fè sou medam yo, gen vyolans fizik ak vyolans seksyèl, e anpil fwa vyolans sa yo se mennaj oswa mari fi a, oswa yon ansyen mennaj, yon ansyen mari, ki fè yo. Yo rele vyolans sa a “vyolans domestik” tou. Nan relasyon koup yo, yo fè anpil vyolans sikolojik oswa vyolans emosyonèl tou, epi li ka difisil pou moun wè sa.

Li ka difisil pou medam ki nan yon relasyon ki gen vyolans konprann yo viktim yon kalite trètman ki pa akseptab: se ka akoz chagren, paske yo vin abitye ak relasyon an, oubyen pafwa, paske yo pè. Men kèk egzanp vyolans domestik oswa vyolans nan koup fanm konn viktim:

  • Mennaj oswa mari a ap joure yo oswa ofanse yo san rete
  • Y ap kontwole kò yo – ki lè oswa ki sa pou yo manje, ki lè pou yo ale nan twalèt ou pa
  • Y ap kontwole soti yo – kote pou yo ale ou non, kenbe yo fèmen anndan kay
  • Y ap kontwole kontak yo genyen ak zanmi ak fanmi yo
  • Y ap kontwole fason yo fè lajan, oswa posiblite yo gen pou yo travay poukont yo
  • Ba yo kalòt, oswa yo frape yo nan figi
  • Voye bagay dèyè yo
  • Pouse yo oswa yo rale yo nan cheve
  • Ba yo kout pwen oswa kout nenpòt bagay
  • Ba yo kout pye, trennen yo
  • Toufe yo nan gagann
  • Fè espre yo boule yo
  • Menase yo ak revòlvè, kouto, oswa lòt zam; itilize nenpòt nan zam sa yo kont fi a
  • Fòse yo fè sèks san yo pa dakò
  • Fè sèks paske yo pè sa mennaj oswa mari yo ka fè
  • Fòse yo fè yon zak seksyèl yo konsidere ki degradan oswa ki imilyan

Anplis de domaj fizik ak emosyonèl fanm yo sibi, vyolans lan afekte anviwònman fanmi an tou ak byennèt pitit fi ak pitit gason yo. Lè timoun yo ak jèn yo temwen zak vyolans, sa ka afekte tou, epi yo ka viktim menm zak sa yo.

Gen plizyè òganizasyon ki bay konsèy sikolojik e menm konsèy jiridik pou fanm k ap soufri akoz vyolans domestik e ki vle soti ladan l.

Si w konnen yon moun y ap fè vyolans sou li, kontakte ACNUR pou yo ka ba w enfòmasyon sou òganizasyon sa yo:

Tel. 800 226 8769

WhatsApp: +52 55 7005 5950

Vyolans sou fanm pa yon bagay ki natirèl. Vin jwenn nou pou w mete yon fen nan sa!