“Registro Federal de Contribuyentes” oswa RFC a se “Servicio de Administración Tributaria” (SAT) ki bay li, e li pèmèt ou regle aktivite ekonomik fòmèl nan peyi Meksik.
Si w se yon moun ki refijye oswa yon moun ki genyen pwoteksyon konplemantè ki rekonèt pa COMAR ki vle travay de fason endepandan e ki vle bay fakti oswa nan travay fòmèl ou ou genyen oswa w ap genyen yon antre anyèl, ki egal ou byen siperyè a 400.000 pesos, ou dwe fè RFC a avèk “firma electrónica (e-firma).”
Sonje ke tout pwosesis la gratis. Ou pap peye yon pyas ni pou w pran randevou a, ni pou w fè pwosesis la.
Premye pa. Pran randevou
Pou w pran randevou a, ou ka ale dirèkteman nan biwo SAT ki nan eta kote w ap viv la ou byen ou ka fè l sou entènèt sou sit https://citas.sat.gob.mx/
💡Si w pran randevou a sou entènèt, ou dwe anrejistre l avèk opsyon “Inscripción al padrón de contribuyentes Personas Físicas”.
Dezyèm pa. Ale nan biwo SAT
Ale a lè nan biwo SAT avèk konfimasyon randevou w la avèk original e kopi dokiman sa yo:
- CURP ki a jou (konsilte si CURP la a jou sou lyen sa a https://www.gob.mx/curp/ )
- Comprobante de domicilio (ki ka yon resi kouran ki pwouve nan ki adrès w ap viv)
- Dokiman ke imigrasyon ba ou, tankou:
- Rezidans pèmanan (TRP); oswa
- Dokiman imigrasyon ki montre ke li rekonèt moun nan kòm rezidan pèmanan e ki montre ke moun nan genyen pèmi pou l kapab travay.
👀Pandan tout pwosesis la se yon obligasyon pou w genyen yon imel, epi jou randevou pa bliye ale avèk yon djomp (kle usb, jump drive)
Si w bezwen plis enfòmasyon, nan ACNUR nou ka oryante w gratis. Kontakte nou!
📞 Rele nou gratis nan: 800 226 8769 oswa nan 800 283 2718
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950