Kisa l ye?
Centro Multiservicios Li se yon espas atansyon konplè ki ankouraje pwoteksyon, entegrasyon ak viv ansanm pou moun ki refijye, moun ki an mobilite ak kominote lokal la.
Ki adrès li?
Li nan Aveni Venustiano Carranza, nimewo 6250, Col. Castillo, Tijuana, B.C. anndan espas “Proyecto Salesiano” a.
De kilè a kilè yo ouvri?
Orè atansyon Lendi a Vandredi soti 9:00 a.m. a 1:00 p.m.
Klike sou lyen sa a pou w ka wè kalandriye sèvis “Centro Multiservicios” la.
Kisa w ka jwenn?
Nan CMS la gen 23 enstitisyon (gouvènman, òganizasyon entènasyonal ak asosyasyon sivil) k ap kolabore pou fè Baja California tounen yon kote pou ka rekòmanse.
Anplis de sa, sètifye kòm yon Punto Naranja, li se yon espas san danje pou fanm, asire dwa yo nan yon lavi san vyolans.
Sèvis yo bay
- Enfòmasyon ki veridik
- Jesyon dokiman (batistè,NSS,TVRH,CURP)
- Èd legal
- Travay
- Edikasyon (Sipò pou rantre lekòl ak èd pou revalidasyon etid yo)
- Swen medikal ak dantè
- Swen Sikolojik
- Lyen ak rezo de 42 refij
- Pwoteksyon ti fi, ti gason ak adolesan
- Pwoteksyon moun ki sove de vyolans
- Aktivite ak atelye kiltirèl yo
Èske w te konnen yon fwa pa mwa nou gen jou enklizyon ak viv ansanm?
Nan dènye vandredi chak mwa, aktivite atistik, kiltirèl, sante ak travay ap fèt nan enstalasyon CMS yo epi yo vize a refijye, aplikan, moun ki an mobilite ak kominote lokal la.
Tout aktivite yo gratis epi tout moun ka patisipe.
Konnen enstitisyon ak òganizasyon ki fè pati “Centro Multiservicios la
- Subsecretaría de Atención a Grupos Prioritarios (SAGP).
- Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados (COMAR).
- Instituto Federal de la Defensoría Pública (IFDP).
- Servicio Nacional del Empleo (SNE).
- Registro Civil.
- Secretaría de Educación/ Programa Binacional de Educación Migrante (PROBEM).
- Jurisdicción Sanitaria.
- Instituto de Cultura de Baja California (ICBC).
- Dirección Municipal de Atención al Migrante (DMAM).
- Instituto Municipal de Arte y Cultura (IMAC).
- La Agencia de Naciones Unidas para los Refugiados (ACNUR).
- Proyecto Salesiano.
- Centro de Recursos para Trabajadores Migrantes (CRTM).
- Centro 32.
- HIAS.
- Asylum Access (AAMX).
- Universidad Iberoamericana (Ibero).
- Save the Children (STC).
- Instituto de la Mujer Baja California (INMUJER BC)
- Instituto Municipal de la Mujer (IMMUJER TIJUANA)
- Colegio de la Frontera Norte (COLEF)
- US Committee for Refugees (USCRI)
- Instituto Nacional para la Educación de los Adultos (INEA).