Enstriksyon pou rejis dijital CAR-Tapachula

Paj sa a gen enstriksyon sèlman pou moun ki nan pwosesis anrejistreman nan ACNUR Tapachula e ki te resevwa yon apèl telefonik.

Pi devan wap jwenn enstriksyon pouw kap voye dokiman ou yo nimerikman bay ACNUR nan Tapachula. Nap rekòmande w ke se ou menm menm ki fè pwosesis la.

1. Rantre sou lyen sa a.

https://help.unhcr.org/mexico/registro-tapachula/

2. Rantre modpas la.

ENPÒTAN: Modpas la se pou ou sèlman li ye, ou pa ka pataje l ak moun e ou ka itilize l sèlman yon fwa; an ka ou yon lòt moun ki pa gen anyen pou wè ak dosye w la ta eseye rantre e voye dokiman li yo, anrejistreman w lan pap ka fèt.

3. Verifye ke done ki parèt nan seksyon ki rele “Done oubyen enfòmasyon pouw rantre” yo kòrèk. Si yo OK, kontinye. Si w ta wè yon erè nan non w oswa siyati w, tanpri pa voye dokiman w yo, pa voye fòmilè a nonplis, rele nou pou fè nou konnen erè a nan 800 226 8769 (ou pap peye pou apèl la).    

4. Nan seksyon ki make “Dokiman yo” an, klike e aprè chache dokiman nimerik pwotokòl ou an epi seleksyone l. 

5. Nan lòt pati a ou dwe ajoute dokiman idantifikasyon w yo.  

  • Premye bagay seleksyone kantite dokiman w ap voye.
  • Dezyèm bagay seleksyone ki tip dokiman li ye
  • Aprè klike pou seleksyone ak ajoute
  • Fè menm bagay la avèk chak dokiman ke w ap voye
  • Revize si kantite dokiman ke w ajoute yo se menm kantite a ki parèt sou ekran an. Si se menm nan seleksyone kaz OK a.

6. Pou fini, ekri non ak siyati konplè moun ki ranpli fòmilè a. 

7. Aprè, klike sou pati ki make “Submit” la.  

Aprè sa w ap wè ekran an gen yon mesaj konfimasyon ki di: “OK. Formulario correcto!” W ap resevwa tou yon imel konfimasyon.  

Premye pati enskripsyon w nan nan ACNUR Tapachula fini kounyè a. Gen kèk etap anplis ki rete nan anrejistreman an. Nan jou sa yo, yon moun nan ACNUR ap kontakte w yon fason pou finalize anrejistreman w lan epi fè w konnen sèvis ak pwogram ki disponib ke nou kapab ofri w selon bezwen w yo: Chak ka diferan. Tanpri rete veyatif ak imel ou epi telefòn ou.

Anrejistreman nan ACNUR fèt sou baz volontè e li gen pou objektif konnen sitiyasyon w pou yo kapab ba w oryantasyon espesifik sou sèvis ak pwogram ki disponib pou ou menm ak fanmi w. Sipò ekonomik yo limite e anrejistreman an pa bay garanti ke w ap jwenn asistans ekonomik.

Si w fè yon erè oswa ou gen dout sou fason pou w ajoute e voye dokiman w yo, kontakte nou nan 800 226 8769 / 800 283 2718

Pa kite yo bon sou ou! Sèvis ACNUR ofri yo gratis, pa gen moun ki kapab mande w pou w bay yon bagay an echanj pou sèvis ke ACNUR bay yo, oubyen pou yo pèmèt anrejistreman w lan fèt.