Paj sa a gen enstriksyon sèlman pou moun ki nan pwosesis anrejistreman nan ACNUR Tapachula e ki te resevwa yon apèl telefonik.
Pi devan wap jwenn enstriksyon pouw kap voye dokiman ou yo nimerikman bay ACNUR nan Tapachula. Nap rekòmande w ke se ou menm menm ki fè pwosesis la.
1. Rantre sou lyen sa a.
https://help.unhcr.org/mexico/registro-tapachula/
2. Rantre modpas la.
ENPÒTAN: Modpas la se pou ou sèlman li ye, ou pa ka pataje l ak moun e ou ka itilize l sèlman yon fwa; an ka ou yon lòt moun ki pa gen anyen pou wè ak dosye w la ta eseye rantre e voye dokiman li yo, anrejistreman w lan pap ka fèt.
![](https://help.unhcr.org/mexico/wp-content/uploads/sites/22/2021/12/CAR-CREO-01-1024x481.png)
3. Verifye ke done ki parèt nan seksyon ki rele “Done oubyen enfòmasyon pouw rantre” yo kòrèk. Si yo OK, kontinye. Si w ta wè yon erè nan non w oswa siyati w, tanpri pa voye dokiman w yo, pa voye fòmilè a nonplis, rele nou pou fè nou konnen erè a nan 800 226 8769 (ou pap peye pou apèl la).
![](https://help.unhcr.org/mexico/wp-content/uploads/sites/22/2021/12/CAR-CREO-02-1024x591.png)
4. Nan seksyon ki make “Dokiman yo” an, klike e aprè chache dokiman nimerik pwotokòl ou an epi seleksyone l.
![](https://help.unhcr.org/mexico/wp-content/uploads/sites/22/2021/12/CAR-CREO-03-1024x282.png)
5. Nan lòt pati a ou dwe ajoute dokiman idantifikasyon w yo.
- Premye bagay seleksyone kantite dokiman w ap voye.
- Dezyèm bagay seleksyone ki tip dokiman li ye
- Aprè klike pou seleksyone ak ajoute
- Fè menm bagay la avèk chak dokiman ke w ap voye
- Revize si kantite dokiman ke w ajoute yo se menm kantite a ki parèt sou ekran an. Si se menm nan seleksyone kaz OK a.
![](https://help.unhcr.org/mexico/wp-content/uploads/sites/22/2021/12/CAR-CREO-04-1024x657.png)
![](https://help.unhcr.org/mexico/wp-content/uploads/sites/22/2021/12/CAR-CREO-05-1024x136.png)
6. Pou fini, ekri non ak siyati konplè moun ki ranpli fòmilè a.
![](https://help.unhcr.org/mexico/wp-content/uploads/sites/22/2021/12/CAR-CREO-06-1024x266.png)
7. Aprè, klike sou pati ki make “Submit” la.
![](https://help.unhcr.org/mexico/wp-content/uploads/sites/22/2021/12/CAR-CREO-07-1024x187.png)
Aprè sa w ap wè ekran an gen yon mesaj konfimasyon ki di: “OK. Formulario correcto!” W ap resevwa tou yon imel konfimasyon.
![](https://help.unhcr.org/mexico/wp-content/uploads/sites/22/2022/01/CAR-TAP-08.png)
Premye pati enskripsyon w nan nan ACNUR Tapachula fini kounyè a. Gen kèk etap anplis ki rete nan anrejistreman an. Nan jou sa yo, yon moun nan ACNUR ap kontakte w yon fason pou finalize anrejistreman w lan epi fè w konnen sèvis ak pwogram ki disponib ke nou kapab ofri w selon bezwen w yo: Chak ka diferan. Tanpri rete veyatif ak imel ou epi telefòn ou.
Anrejistreman nan ACNUR fèt sou baz volontè e li gen pou objektif konnen sitiyasyon w pou yo kapab ba w oryantasyon espesifik sou sèvis ak pwogram ki disponib pou ou menm ak fanmi w. Sipò ekonomik yo limite e anrejistreman an pa bay garanti ke w ap jwenn asistans ekonomik.
Si w fè yon erè oswa ou gen dout sou fason pou w ajoute e voye dokiman w yo, kontakte nou nan 800 226 8769 / 800 283 2718
Pa kite yo bon sou ou! Sèvis ACNUR ofri yo gratis, pa gen moun ki kapab mande w pou w bay yon bagay an echanj pou sèvis ke ACNUR bay yo, oubyen pou yo pèmèt anrejistreman w lan fèt.