Imigrasyon ekonomik refijye kalifye yo

Mobilite travay refijye yo retire baryè ki anpeche refijye yo demenaje nan yon lòt peyi pou travay. Nan peyi Kanada, refijye yo ka aplike pou yo imigre selon konpetans oswa eksperyans travay yo atravè pwogram imigrasyon regilye yo. Aplikasyon atravè Economic Mobility Pathways Pilot (EMPP) (Pilòt Chemen Mobilite Ekonomik) fasilite travay refijye yo ak lòt moun ki bezwen pwoteksyon entènasyonal, lè yo anile sèten kondisyon (pa egzanp, gen yon paspò valab). Kandida EMPP yo dwe aplike andeyò Kanada.

Gen kèk ONG ki gen yon akò avèk IRCC pou yo idantifye kandida refijye ki kalifye pou pòs travay ki disponib nan peyi Kanada. Yo p ap mande refijye yo peman pou sèvis yo. De (2) nan ONG sa yo (Talent Beyond Boundaries ak TalentLift) gen yon baz done sou entènèt kote refijye ki enterese yo ka kreye yon pwofil ki gen ladan konpetans ak eksperyans travay yo. Talent Beyond Boundaries ak TalentLift gade nan baz done sa yo lè y ap fè rekritman pou wòl espesifik pou anplwayè Kanadyen yo. Se anplwayè yo ki deside ki moun pou yo rekrite. 


Lyen ki itil: