Akò itilizatè sèvis WhatsApp HCR México

Tanpri, li deklarasyon konfidansyalite a e tèm ak kondisyon jeneral ki rije sèvis WhatsApp ACNUR la México. Voye mesaj nan sèvis sa a konfime ke ou konprann e ou aksepte kondisyon sa yo. Espesifikman, lè w entèraje pou `premye fwa a ak sèvis la, y ap mande w pou w aksepte akò itilizatè sa  e tèm ak kondisyon ki vini avè l, e lè w konfime ke ou dakò lè yo mande w pou w fè sa atravè entèfas WhatsApp la, w ap antre nan yon akò legal ki lye ak ACNUR

Deklarasyon konfidansyalite

  1. Enfòmasyon Pèsonèl

Lè w entèraji avèk sèvis WhatsApp ACNUR la México, ou dakò bay ACNUR kèk enfòmasyon pèsonèl nesesè pou ke aplikasyon an ka fonksyone e pou l ka reponn a mesaj e kesyon ou yo.  Tout aspè prestasyon sèvis la reyalize an akò a politik pwoteksyon enfòmasyon pèsonèl moun ACNUR ap sèvi yo (Política de Protección de Datos de ACNUR).  Ou ka retire konsantman o upo ke ACNUR kapab itilize enfòmasyon ou yo nan nenpòt moman. Ou ka sispan itilize sèvis la tou e mande pou yo elimine tout enfòmasyon ou yo.


Done w yo ap trete pa HCR ak konpayi Twilio e Ciptex, ki asire jesyon sèvis sa a. Mesaj yo ap estoke an sekirite atravè HCR e Ciptex ki se konpayi ki bay sipò teknik ak antretyen pou platfòm nan ap ka wè yo. Pwiske nou itilize chanèl WhatsApp pou sèvis la, WhatsApp ap kaptire sèten done tou, byenke ki pa espesifik pou sèvis sa a, selon tèm ak kondisyon jeneral. li yo. Se done sa yo ke y ap kolekte, estoke epi pataje:

Tip de DoneKòman y ap kolekte done ou yo A kiyès y ap pataje yo
Nimewo telefònY ap kaptire otomatikman de pwofil itilizatè aWhatsApp, Twilio, ACNUR, Ciptex
Non pwofilY ap kaptire otomatikman de pwofil itilizatè aWhatsApp, Twilio
Metadone sou koneksyon ou (IMEI, dirección MAC, dirección IP)Yo anrejistre otomatikman depi dispozitif mobil la ak koneksyon ke itilizatè a itilize a.  WhatsApp, Twilio
Kontni mesaj laEnfòmasyon espesifik ke itilizatè a voye ki tankou foto, videyo ak achiv odyoACNUR, Ciptex

Done yo kaptire otomatikman pa diferan eleman sèvis la epi yo pa bezwen fè anyen pou pataje yo. Gen de lòt done ki ka transmèt sou WhatsApp tou depan de konfigirasyon  espesifik kont ou a ak paramèt aparèy ki genyen aplikasyon WhatsApp la, byenke li pa lye okenn fason ak Sèvis WhatsApp UNHCR México. Konsilte kloz 7 la pou w ka genyen enfòmasyon sou pou konbyen tan done ou yo ap estoke.

  1. Poukisa ACNUR rekolekte epi itilize done ou yo

Sou konsantman w, ACNUR, antanke kontwolè done, ap itilize done pèsonèl ou yo sèlman nan objektif ki endike nan tablo ki anba a, nan ka sa ta nesesè pou prestasyon sèvis la.

Tip de donePoukisa nou bezwen genyen aksè a done ou yo  
Nimewo telefón ak non pwofilPou n ka rete an kontak dièk avè w sou kesyon ou yo, n ap pataje enfòmasyon de kontak ou yo a founisè sèvis ki enpòtan yo oswa lòt ekip ki anndan ACNUR, lè sa nesesè, pou n ka pèmèt yon repons adekwa.  
Kontni mesaj yoPou n ka ba ou bon jan enfòmasyon ak sèvis èd selon demand ou atravè sèvis WhatsApp ACNUR México.

Patnè teknolojik ACNUR la, Twilio, ki fè tretman done yo, ap gen aksè e trete menm done sa yo nan objektif pou ede ACNUR bay yon sèvis efikas a atravè platfòm li a. Sa enplike redireksyonman mesaj itilizatè yo vè ACNUR e vise vèsa, ak otomatizasyon livrezon mesaj ki baze sou kontni mesaj ke nou resevwa.

Anplis de sa, ACNUR ak Twilio ap kolekte done anonim (sa vle di, done ki itilize yon fason pou ke pèsonn pa ka lye yo ak idantite w) sou itilizasyon sèvis la. Done sa yo pral itilize pou revize ak amelyore pèfòmans aplikasyon an.

Nou pap vann enfòmasyon ou yo epi ACNUR ak patnè teknolojik li yo pap itilize yo non plis pou okenn lòt rezon ke sa ki mansyone nan paragraf pi wo yo, ni nou p ap pataje yo a lòt moun san konsantman w.

  1. Sekirite done ou yo

ACNUR ak patnè teknolojik li yo, Twilio ak Ciptex, ap kenbe enfòmasyon pèsonèl ou yo an sekirite epi konfidansyèl, tankou itilizasyon chifre WhatsApp la ak enrejistreman nan tout sekirite nan nyaj prive ACNUR. Antanke yon òganizasyon entènasyonal, ACNUR benefisye privilèj ak iminite ki ede l pwoteje done ou yo pou ke gouvènman oswa lòt enstans kip a otorize pa genyen aksè ak yo.

  1. Konfidansyalite done ou yo

ACNUR genyen règ ki strik ki pèmèt ke li kenbe done li kolekte nan men ou yo konfidansyèl epi an tout sekirite, pou asire l ke moun ki pa otorize pa gen aksè ak yo daprè Politik Pwoteksyon Done ACNUR. Se sèl Anplwaye ACNUR k ap travay espesyalman nan Sèvis WhatsApp ACNUR nan México k ap wè done ou yo pou yo ka reponn kesyon w yo oubyen pou yo ka asire yo ke repons otomatik yo ap fonksyone kòrèkteman. Anplis de sa, anplwaye k ap travay nan sipò ak antretyen teknolojik founisè ACNUR la, Ciptex, ap respekte tou règ pou kenbe enfòmasyon ou yo konfidansyèl epi an tout sekirite.

  1. Pataje done ou yo

UNHCR p ap pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo ak lòt moun (sof WhatsApp, Twilio ak Ciptex, jan sa mansyone nan kloz 1 pi wo a) san yo pa mande w konsantman w. Pou sèvis la ke fonksyone,n ap voye done ou yo sou WhatsApp epi Twilio ap trete yo  lè ou entèraji avèk sèvis la, men yo p ap wè kontni mesaj yo. Se sèl anplwaye ACNUR yo k ap opere sèvis la k ap wè kontni mesaj la. Patnè founisè sipò ak antretyen ACNUR yo ap gen aksè a kontni mesaj yo tou pou yo ka bay epi kenbe sèvis WhatsApp la. Si li nesesè pou nou pataje done ou yo a patnè ACNUR yo pou yo ka fè swivi kesyon ou yo oubyen ka ou yo, n ap mande w konsantman w anvan.

  1. Pataje done pou evite domaj, bay enfòmasyon sou moun ki disparèt oswa respekte dwa entènasyonal

ACNUR ka prezève enfòmasyon ou yo epi pataje yo a lòt moun si òganizasyon an kwè tout bon ke li nesesè pou l fè sa pou evite lanmò oswa blesi kòporèl imedyat pou ou oswa pou lòt moun, ede lokalize refijye oswa lòt moun ke yo fòse deplase ke yo te rapòte kòm disparèt, oswa anpeche vyolasyon lwa entènasyonal yo.

7. Anile sèvis la epi elimine done ou yo

Ou ka chwazi sispann itilize sèvis la nenpòt ki lè epi mande pou yo efase done ou yo sou sistèm acnur la. Pou w sispann itilize sèvis la, tou senpleman voye mesaj “UNSUBSCRIBE” a sèvis la pou w ka sispann resevwa mesaj. Pou w mande pou efase done ou yo ak entèraksyon ou yo, voye mo “EFASE” a sèvis la epi y ap mande w konfime ke ou pa vle itilize sèvis la ankò epi efase done ou yo sou platfòm la, ak tout mesaj ke ou te echanj ak ACNUR. Sa ka pran jiska 10 jou pou nou trete demann la epi efase done ou yo, men n ap eseye fè sa pi vit posib.

Done ou yo pral estoke pou yon peryòd maksimòm de 365 jou apati de dènye entèraksyon an ak sèvis la, apre sa y ap efase; sof done anonim ke ACNUR ak Twilio te itilize pou yo te ka evalye sèvis la. Si ou ta vle itilize sèvis la on lòt fwa ankò aprè ou te chwazi soti epi mande efase done ou yo, ou ka kontakte sèvis la ankò epi bay konsantman renouvle w tankou premye fwa lè ou te itilize l la.

  1. Fè demann done ou yo

Si w ta vle konnen ki done pèsonèl ACNUR kolekte sou ou nan kad sèvis sa a, ou ka mande ACNUR pou l pataje yo avèk ou nenpòt ki lè atravè Sèvis WhatsApp la pandan w ap voye yon imèl nan [email protected].

9. Soulve enkyetid

ACNUR pran angajman pou l travay avèk ou pou jwenn yon rezolisyon ekitab sou enkyetid ou genyen sou itilizasyon sèvis ou a, ak enkyetid konsènan vi prive ou. Si ou santi ke nou pa kapab ede w nan enkyetid ou yo atravè chanèl kominikasyon ki etabli nan kloz 8 pi wo a, oswa si ou genyen nenpòt lòt plent, kòmantè oswa enkyetid, ou gen dwa depoze yon plent nan kad mekanis plent entèn nou an. mekanis. Pou w ka genyen enfòmasyon sou mekanis sa a, tanpri vizite https://help.unhcr.org/mexico/ht/

  1. Notifikasyon chanjman

ACNUR gen dwa pou chanje Politik konfidansyalite sa a a nenpòt moman. Chak fwa yo fè chanjman, y ap fè w konnen epi w dwe aksepte nouvo kondisyon yo pou w ka kontinye itilize sèvis la.

Tèm ak Kondisyon Jeneral yo

  1. Itilizasyon sèvis Whatsapp ACNUR México

Lè w itilize Sèvis WhatsApp ACNUR nan México, ou dakò ak gid sa yo e Kondisyon Sèvis WhatsApp ki egziste deja yo:

  • Pa bay fo enfòmasyon sou relasyon w avèk on lòt itilizatè.
  • Pa pataje enfòmasyon pèsonèl ou ni pa lòt moun sof si yo mande w fè sa.
  • Lè operatè chat yo mande w enfòmasyon pou yo ka detèmine ki sèvis ki disponib pou ou, si w deside pataje enfòmasyon sa a, tanpri asire w ke ou bay li pi ekzat posib.
  • Pa itilize langaj obsèn, diskriminatwa oswa abizif avèk operatè chat yo.
  • Ou pa ka vann enfòmasyon ke ou jwenn nan sèvis la a lòt moun ou pa ka touche nan men yo non plis si yo itilize enfòmasyon sa a sou telefòn pòtab ou.
  • Pa itilize aplikasyon an pou w vyole dwa pwopriyete entelektyèl lòt moun oswa antite (tankou dwa dotè, konsepsyon, patant, mak komèsyal, konsepsyon ak enfòmasyon konfidansyèl ki ka fè pati kontni li).
  •  
  • Restriksyon aksè

ACNUR gen dwa deside nan total diskresyon li: (a) pou l pa reponn itilizatè sèvis la si yo abizif oswa si yo pa respekte responsablite ki mansyone pi wo yo, epi/oswa (b) yo ka pa pèmèt ke itilizatè yo pa genyen aksè a sèvis la si s ata ka mete an danje nenpòt moun.

  1. Kloz responsabilite

ACNUR fè efò pou l asire l ke kontni li bay nan Sèvis WhatsApp ACNUR la nan México kapab pi egzat ke posib, men enfòmasyon, sitou sa ki an rapò ak chanjman ki gen rapò ak COVID-19 la, chanje regilyèman e sa ka koze yon ti reta nan mete ajou enfòmasyon nan sèvis la. Anplis de sa, ACNUR pa an mezi pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak yon lòt peyi diferan de peyi kote operasyon an ap dewoule a. Menm si ACNUR pa ka garanti ke pa gen erè nan enfòmasyon yo bay yo, li fè efò pou korije nenpòt erè ke yo detekte.Yo bay kontni aplikasyon an bay “jan l ye a”, san okenn garanti. ACNUR espesyalman pa bay okenn garanti konsènan adekwasyon, kalite, rapidite, presizyon oswa entegrite enfòmasyon ak sèvis yo ofri atravè aplikasyon an.

Nan kad sèvis sa a, ACNUR pa andose responsabilite WhatsApp oswa nenpòt lòt aplikasyon mesajri lòt founisè. Itilizasyon sèvis la pa vle di ke itilizatè a gen garanti aksè a enfòmasyon oswa a sèvis espesifik.

Itilizasyon deziyasyon patikilye peyi oswa teritwa pa enplike okenn jijman bò kote ACNUR konsènan estati legal peyi oswa teritwa sa yo, otorite ak enstitisyon yo, oswa delimitasyon fwontyè yo.

  1. Enfòmasyon ki pa sòti bò kote ACNUR

Sèvis la ka voye w sou enfòmasyon ki soti bò kote founisè sèvis la oswa aktè ekstèn a ACNUR, tankou founisè kontni, lòt antite ki bay enfòmasyon sou Aplikasyon an, nenpòt itilizatè Aplikasyon an oswa lòt moun oubyen antite. Anplis de sa, Genyen lòt aktè ki ka bay enfòmasyon sou ACNUR. ACNUR pa gen kontwòl enfòmasyon ke aktè ekstèn yo bay. Sa vle di ACNUR pa ka di si enfòmasyon ekstèn sa yo egzat e òganizasyon an pa kapab responsab de enfòmasyon an oswa nenpòt rezilta, tankou pèt oswa domaj, ki soti nan li. ACNUR pa bay okenn garanti e li renonse espesyalman a nenpòt responsablite nenpòt ki nati pou nenpòt pèt oswa domaj ki koze an relasyon a itilizasyon sèvis sa yo.

  1. Mezi Sekirite

ACNUR ap pran mezi teknik ak òganizasyonèl apwopriye pou asire ke done ou yo an sekirite epi yo pa kapab voye oswa itilize pa aktè ki pa genyen otorizasyon pou fè sa, men li pa ka garanti yon sekirite konplè akòz de risk ki prezan nan aplikasyon an zouti dijital yo.

Itilizasyon WhatsApp enplike tou ke sèten done ak itilizasyon kaptire pa META, ki se mèt WhatsApp, kèlkeswa jan ou sèvi ak sèvis sa a. ACNUR pa ka responsab okenn pwoblèm oswa lòt itilizasyon done ou yo pa lòt antite, ni de lòt risk ki soti nan itilizasyon aplikasyon mobil lòt antite.

    6. Chanjman nan sèvis WhatsApp

ACNUR ap revize regilyèman fason sèvis la fonksyone epi fè chanjman pou amelyore li si sa posib. Lè w itilize sèvis la, ou bay ACNUR pèmisyon pou l revize konvèsasyon ak angajman ak moun yo de fason anonim pou l ka detèmine ki chanjman oswa amelyorasyon ki nesesè. Si yo fè chanjman ki afekte ou, done pèsonèl ou yo oswa nenpòt aspè nan Akò sa a, ACNUR ap fè w konnen chanjman sa yo. ACNUR ka nan obligasyon pou l chanje sèvis la selon resous ki disponib oswa chanjman nan sitiyasyon an san l pa avèti w alavans, men y ap enfòme w de chanjman yo aprè.

7. Kontak

Si w gen nenpòt kesyon oswa enkyetid konsènan Akò Itilizatè sa a, tanpri voye yon imèl nan [email protected].

Pou plis enfòmasyon kontak ak moyen pou bay fidbak sou sèvis la, vizite help.unhcr.org/{country}.

8. Pwopriyete entèlektyèl

pou ACNUR yo ke yo bay atravè Aplikasyon an rete pwopriyete ACNUR, sof si yo endike sa otreman. Ou ka wè telechaje ak enprime ekstrè materyèl yo ak lòt enfòmasyon ke yo bay sou aplikasyon pou sèlman itilizasyon pèsonèl e non komèsyal, san w pa gen pyès dwa pou w vann, revann oswa kreye zèv a pati de yo.

Nenpòt itilizasyon ki pa pou rezon pèsonèl, ki gen ladan l repwodiksyon oswa tradiksyon yon pati enpòtan nan materyèl pwopriyete ACNUR yo, mande pou w genyen yon otorizasyon ekri ACNUR.

Anplis de sa, ACNUR gen dwa pou chèche tout resous ki disponib pa lalwa pou nenpòt vyolasyon tèm ak kondisyon sa yo tankou nenpòt vyolasyon dwa ACNUR sou non ak anblèm ACNUR ak dwa li an relasyon ak enfòmasyon, zèv da, tèks, videyo, odyo oswa imaj ki disponib atravè aplikasyon an.

9. Pwopriyete entèlektyèl

Non ak anblèm ACNUR se pwopriyete eksklizif ACNUR. Yo pwoteje pa dwa entènasyonal. Itilizasyon san otorizasyon entèdi. Yo pa ka kopye yo oswa repwodwi sou okenn fason san otorizasyon ekri alavans ACNUR.

10. Notifikasyon chanjman

    Kontni Sèvis WhatsApp ACNUR la nan México yo chwazi l selon pwòp kritè ACNUR e an fonksyon de antytè diskresyon li a nenpòt ki lè, epi yo ka chanje san avètisman. ACNUR gen dwa a nenpòt ki lè pou chanje oswa sispann nenpòt aspè oswa karakteristik nan sèvis enfòmasyon WhatsApp ACNUR nan México, tankou pami yo tèm ak kondisyon sa yo ak disponiblite yo.

    11. Estati espesyal ACNUR ak kòman soulve enkyetid

      ACNUR genyen yon estati espesyal antanke yon òganizasyon ki anndan Nasyonzini e, nan sans sa a, li resevwa kèk pwoteksyon adisyonèl ki lye ak endepandans e netralite nan aktivite li yo, tankou sèvis enfòmasyon WhatsApp ACNUR la nan México. Se poutèt sa, anyen nan avi sa a oswa nan Sèvis WhatsApp ACNUR la nan México pa dwe konsidere kòm yon renons a nenpòt nan privilèj ak iminite ACNUR kòm pati entegral Nasyonzini an akò ak enstriman legal nasyonal e entènasyonal aplikab yo.

      12. Rezolisyon konfli

        Nenpòt dezakò ki ta soulve akoz de Akò sa a e ki pa ka rezoud amikalman ap rezoud an akò ak pwosedi sa a:

        • Dapre yon avi konsilyasyon kominike atravè yon mwayen rezonab pa yonn nan Pati yo a lòt Pati a, dezakò a ap soumèt a konsilyasyon ki pa obligatwa ki fèt an akò ak Règ Konsilyasyon aktyèl yo nan Komisyon Lwa Nasyonzini pou Dwa Komèsyal Entènasyonal (UNCITRAL), oswa daprè nenpòt lòt pwosedi ki siyen ant Pati yo pa ekri. Lang k ap itilize nan pwosedi konsilyasyon an se ap anglè, sof si yo ta mete yo dakò yon lòt jan.
        • Si dezakò sa a pa rezoud nan 60 jou apati de dat yo te bay avi konsilyasyon an pa yonn nan Pati a lòt Pati a, yo dwe soumèt diskisyon an a abitraj an akò ak Règ Abitraj UNCITRAL ki anvigè yo. Tribinal abitral la ap konpoze de yon sèl abit epi lang pwosedi se ap anglè, sof si yo mete yo dakò sou yon lòt lang. Lye abitraj la se ap Jenèv, kote ACNUR gen syèj li. Pwosedi abitraj yo ap fèt a distans (pa egzanp, pa konferans telefòn oswa prezantasyon nekri) in fwa ke sa posib.

        13. Entèripsyon sèvis la

          ACNUR ka chanje oswa sispann Sèvis WhatsApp la nenpòt ki lè san avètisman. ACNUR p ap responsab okenn enpak negatif oswa lòt rezilta ki soti nan chanjman sa yo oswa sispansyon sèvis la.