Centro Multiservicios Li se yon espas atansyon konplè kiankouraje pwoteksyon, entegrasyon ak viv ansanm pou moun ki refijye, moun ki an mobilite ak kominote lokal la.
📍 Ki adrès li?
Li nan Av. Venustiano Carranza #6250, Col. Castillo, Tijuana, B.C. anndan espas “Proyecto Salesiano” a.
⌚ De kilè a kilè yo ouvri?
Orè atansyon Lendi a Vandredi soti 9:00 a.m. a 1:00 p.m.
🔎 Kisa w ka jwenn?
Nan CMS la gen 27 enstitisyon (gouvènman, òganizasyon entènasyonal ak asosyasyon sivil) k ap kolabore pou fè Baja California tounen yon kote pou ka rekòmanse.
Anplis de sa, sètifye kòm yon Punto Naranja, li se yon espas san danje pou fanm, asire dwa yo nan yon lavi san vyolans.
ℹ️ Sèvis yo bay
Sant Miltisèvis la genyen yon kalandriye sèvis chak semèn pou ou kapab vini selon bezwen ou.
- Enfòmasyon ki veridik
- Jesyon dokiman (batistè,NSS,TVRH,CURP)
- Èd legal
- Travay
- Edikasyon (Sipò pou rantre lekòl ak èd pou revalidasyon etid yo)
- Swen medikal ak dantè
- Swen Sikolojik
- Lyen ak rezo de 42 refij
- Pwoteksyon ti fi, ti gason ak adolesan
- Pwoteksyon moun ki sove de vyolans
- Aktivite ak atelye kiltirèl yo
🎭 Èske w te konnen yon fwa pa mwa nou gen jou enklizyon ak viv ansanm?
Nan dènye vandredi chak mwa, aktivite atistik, kiltirèl, sante ak travay ap fèt nan enstalasyon CMS yo epi yo vize a refijye, aplikan, moun ki an mobilite ak kominote lokal la.
Tout aktivite yo gratis epi tout moun ka patisipe.
🏛️ Konnen enstitisyon ak òganizasyon ki fè pati “Centro Multiservicios” la
- COMAR
- Subsecretaría Estatal de Atención a Grupos Prioritarios
- Instituto Federal de la Defensoría Pública (IFDP)
- Servicio Nacional del Empleo (SNE)
- Secretaría General de Gobierno y Dirección Estatal del Registro Civil
- Secretaria de Educación/ Programa Binacional de Educación Migrante (PROBEM
- Jurisdicción Sanitaria
- Secretaría de Cultura
- Dirección Municipal de Atención al Migrante (DMAM)
- Secretaría Estatal de Bienestar
- Alto Comisionado de las Naciones Unidas para los Refugiados (ACNUR)
- Proyecto Salesiano
- Centro de Recursos para Trabajadores Migrantes (CRTM)
- Centro 32
- Asylum Access (AAMX)
- Universidad Iberoamericana (Ibero)
- Save the Children (STC)
- U.S. Committee for Refugees and Immigrants (USCRI)
- Colegio de la Frontera Norte (COLEF) – Iniciativa de Salud Humanitaria en la Frontera (ISHF)
- INMUJER Baja California
- Visión Mundial
- UABC
- INEA
- Pro Salud Atención
- Secretaria de las Mujeres
- Comisión Estatal de los Derechos Humanos
- Centro de Justicia para las Mujeres
📞 Rele ACNUR gratis nan 800 226 8769 oswa 800 283 2718 pou w mande oryantasyon.
📱 WhatsApp: +52 55 7005 5950 ak +52 55 2535 2950
📧 Oswa sou imel sa a: [email protected]
