Konnen kisa “Centro Multiservicios Baja California – Frontera Solidaria” a ye


Kisa l ye?

“Centro Multiservicios” la se yon espas atansyon entegral ki fè promosyon proteksyon, entegrasyon ak koekszistans moun ki refijye, moun ki an deplasman ak moun nan kominote lokal la.

Ki adrès li?                                                                             

Li nan Aveni Venustiano Carranza, nimewo 6250, Col. Castillo, Tijuana, B.C. anndan espas “Proyecto Salesiano” a.

De kilè a kilè yo ouvri?

De lendi a vandredi de 9:00 nan maten a 2 nan aprè midi.

Klike sou lyen sa a pou w ka wè kalandriye sèvis “Centro Multiservicios” la.

Kisa w ka jwenn?

Nan “Centro Multiservicios” la genyen 19 ensitisyon (gouvènman, òganizasyon entènasyonal ak òganizasyon sosyete sivil) ki kolabore ansanm pou pèmèt ke Baja California kapab yon espas kote ou ka reprann lavi w.

An plis, antanke yon sant ki sètifye kòm pwen oranj, li se yon espas ki si pou fanm yo paske yo travay pou kapab genyen dwa a yon vi san vyolans. “Centro Multiservicios” la genyen ladan l òganizasyon ki kapab ba w oryantasyon ak èd an ka ou ou ta soufri vyolans.  

Sèvis yo bay

  • Komanse pwosedi rekonesans kondisyon refijye nan peyi Meksik, ke yo konnen nan kèk lòt peyi sou non azil.
  • Enfòmasyon pou moun ki refjye, moun ki fè demann azil ak moun ki an deplasman.
  • Yo bay ak de nesans
  • Èd pou w ka jwenn dokiman tankou (CURP, Nimewo sekirite sosyal, ti kat en an an, rezidans pèmanan ak kanè bank)
  • Swen medikal ak swen dantè
  • Lyen avèk lekòl ak travay
  • Èd pou ka jwenn refijye
  • Oryantasyon legal
  • Sèvis sikolojik pou tout laj
  • Aktivite kiltirèl, atistik ak spòtif
  • Atansyon a moun ki sove anba vyolans pou jan yo

Èske w te konnen ke yon fwa nan yon mwa nou genyen jounen enklizyon ak koekzistans?

Chak dènye vandredi nan mwa a, yo fè aktivite atistik, kiltirèl, aktivite sou sante, travay nan espas “Centros Multiservicios” la e yo fè aktivite sa yo pou moun ki refijye, moun ki fè demann azil, moun ki an deplasman ak moun nan kominote lokal la.

Tout aktivite yo gratis e nenpòt moun ka patisipe ladan yo. Gen yon aktivite ke ou ta renmen nou fè? Fè nou konn sa.

Konnen enstitisyon ak òganizasyon ki fè pati “Centro Multiservicios la

  1. Subsecretaría de Asuntos Migratorios (SAM).
  2. Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados (COMAR).
  3. Instituto Federal de la Defensoría Pública (IFDP).
  4. Servicio Nacional del Empleo (SNE).
  5. Secretaría de Gobierno y Registro Civil.
  6. Secretaria de Educación/ Programa Binacional de Educación Migrante (PROBEM).
  7. Jurisdicción Sanitaria.
  8. Instituto de Cultura de Baja California (ICBC).
  9. Dirección Municipal de Atención al Migrante (DMAM).
  10. Instituto Municipal de Arte y Cultura (IMAC).
  11. Alto Comisionado de las Naciones Unidas para los Refugiados (ACNUR).
  12. Proyecto Salesiano.
  13. Centro de Recursos para Trabajadores Migrantes (CRTM).
  14. Centro 32.
  15. La Sociedad Hebrea de Ayuda a Inmigrantes (HIAS).
  16. Asylum Access (AAMX).
  17. Universidad Iberoamericana (Ibero).
  18. Save the Children (STC).
  19. Comité Internacional de Rescate (IRC).