Si ou Tapachula pou w ka kòmanse pwosedi ou a nan COMAR enfòmasyon sa a se pou ou.

Comisión Mexicana de Ayuda a Refugiados (COMAR) nan Tapachula, chanje adrès kote pou w al fè demann kondisyon refijye nan peyi Meksik la. A pati lendi 25 septanm nan, ou dwe ale  sou Parque Ecológico Tapachula a pou yo ka ba ou nimewo folyo ou.

📱Sa a se lyen Google maps la: https://maps.app.goo.gl/Bvio7Hubm4xUTctS6

Sonje enfòmasyon sa yo:

  • Si w gentan genyen nimewo folyo oswa randevou, li pa nesesè pou w ale sou Parque Ecológico a. 
  • Pwosedi nan COMAR la se sèlman pou moun ki vle rete viv nan peyi Meksik e ki vle resevwa pwoteksyon kòm refijye nan peyi a. 
  • Yo pa bay ni dokiman, ni pèmi sou Parque Ecológico a ki pèmèt moun deplase nan peyi Meksik.

Pa bliye! 👀

Tout pwosedi a gratis, pesòn pa gen dwa mande w kòb oswa favè pou yo ede w.

Si w gen dout oubyen kesyon, ACNUR ka aryante w.                                                                 

Rele nou gratis nan 800 226 8769 oswa ekri nou sou WhatsApp nan +52   55 7005 5950