Repiblik Dominikèn nan pozisyon wout siklòn, tanpèt twopikal, depresyon twopikal ak tout konsekans yo, epi li ekspoze ak katastwòf natirèl fenomèn natirèl yo lakòz. Anplis, tranblemanntè ka pase.
Nan Repiblik Dominikèn, Sant Operasyon pou Ijans (COE, an espanyòl) se enstitisyon ki responsab pou planifye epi dirije kowòdinasyon enstitisyon nan Sistèm Nasyonal la pou Prevansyon, Diminisyon ak Repons ak Dezas.
Anvan siklòn nan
Konsilte otorite Pwoteksyon Sivil yo pou konnen si w nan yon zòn danje
Pwoteje fenèt yo ak pòt yo epi sekirize pòt deyò yo ak twati yo
Rasire w bagay ki lach sou do kay la tankou antèn, tank dlo oswa liy pou tann rad yo bien chita
Gen yon twous premye swen, radyo, lanp, pil, balèn ak zouti bazik
Dekonekte aparèy elektrik yo
Sere dokiman enpòtan yo nan yon valiz ki pa pran dlo
Rasanble veso pou sere ase dlo
Fè pwovizyon manje ki p ap gate pandan plizyè jou
Genyen nimewo telefòn ak kontak pwoteksyon sivil lokal la
Konnen ki kote ki gen yon abri pwovizwa
Pandan siklòn nan
Rete lakay ou toutotan w santi w an sekirite
Kite kay la si otorite yo deside sa a
Pa travèse larivyè oswa kouran dlo lapli fè, ni lè w ap mache oubyen nan machin
Rete nan kote yo bay abri a toutotan se sa a otorite yo deside
Aprè siklòn nan
Rasire w tout moun nan fanmi an byen
Revize kondisyon kay yo, ansanm ak enstalasyon kouran, tiyo dlo ak tib gaz yo
Enfòme otorite yo si kay la te afekte
Debouche dlo ki bloke pou evite pil marengwen
Fokis plis sou règ lijyèn nan manje yo
Anvan yon tranblemanntè
Toujou gen yon twous premye swen, flach, radyo ak pil. Kenbe pwovizyon manje ak dlo
Fè yon plan pou w konnen kisa pou w fè ak ki kote pou reyini aprè tranbleman an sispann. Chèche kote ki pi an sekirite nan kay ou a.
Pandan yon tranblemanntè
Pa kouri kite kote w ye a pandan tranblemanntè a. Rete lwen fenèt, miwa oswa etajè ki gen bagay sou yo ki ka tonbe. Pa janm kanpe anba kan pòt yo
Si w ap kondwi, pake machin nan lwen poto limyè ak kab yo toutotan w kapab. Kanpe bò kote machin nan, pa janm rete anndan oswa anba machin nan.
Aprè yon tranblemanntè
Fèmen tiyo gaz, tiyo dlo ak limyè yo. Si gen moun ki blese, mande otorite yo èd. Si w oblije evakye, pa retounen jiskaske w verifye kote a sekirize.
Pa limen ni alimèt ni aparèy elektrik toutotan w pa rasire w pa gen okenn fwit gaz. Pa manje manje ki te an kontak ak vè kase, pousyè, debri oswa nenpòt lòt bagay ki ka kontamine
Limen radyo a pou w tande enstriksyon yo. Evite kwè nan mesaj tèks oswa rimè k ap kouri. Sèvi ak telefòn nan sèlman nan ka ijans