Kijan UNHCR/ACNUR travay nan Repiblik Dominikèn?

Ekip UNHCR/ACNUR la kowòdone aksyon pou pwoteje moun k ap fè demann azil, moun ki refijye ak moun k ap chèche yon solisyon nan zafè nasyonalite. Sa a gen ladan l kowòdinasyon ak aktè Leta ki konsène yo, antite non-gouvènmantal yo, sosyete sivil ak òganizasyon kominotè yo.

Nan sa a ki konsène refij ak azil, UNHCR bay Komisyon Nasyonal pou Refijye a (CONARE, an espanyòl) sipò teknik ak konsèy nan pwosedi pou rekonesans estati refijye a epi li travay nan kominikasyon pwosedi demann pou estati refijye yo.

Domèn travay nou

  • Pwoteksyon ak konsèy legal
  • Asistans imanitè
  • Fòmasyon pou aktè lokal yo
  • Repons nan ka ijans

Ekip patnè egzekitif nou yo epi Pwogram Asistans

UNHCR, atravè sipò ak jesyon patnè egzekitif yo, bay moun nou sèvi yo kalite asistans sa yo:

  • Asistans imanitè
  • Legal
  • Sikolojik

 UNHCR ak patnè li yo bay tout asistans yo selon posiblite ak disponiblite yo genyen epi yo chanje depann ak sikonstans yo.