Enfòmasyon jeneral sou Repiblik Dominikèn
Lajan legal aktyèlman nan Repiblik Dominikèn se peso dominiken an.
Lè w rive an Repiblik Dominikèn, ou dwe achte peso dominiken. Pou sa a, ou ka ale nan yon biwo echanj oswa nan yon bank epi louvri yon kont. Evite achte dola nan men moun oswa kote ki pa fyab.
Tou depann kote w soti pou vin Repiblik Dominikèn, lajan w la ap gen yon valè diferan.
Ou ka sèvi ak lyen sa a pou w konnen konbyen peso dominiken ou ka resevwa daprè lajan w genyen an: (Gade zouti konvètisè lajan an)
Sonje valè yo ka chanje chak jou. Ou ka wè to dola aktyèl la nan tout peyi a atravè Bank Santral Repiblik Dominikèn: (Klike la a pou wè to dola a)
Kolera
Kolera se yon enfeksyon nan entesten yon bakteri ki rele Vibrio cholerae bay e ki lakòz anpil dyare dlo ak vomisman. Si li pa trete, kolera ka lakòz lanmò akòz dezidratasyon (pèt dlo ak sèl nan kò a) nan kèk èdtan.
Ki sentòm yo?
Yo parèt ant 2 ak 5 jou aprè enfeksyon an:
- Poupou oswa twalèt dlo anpil, menm jan ak dlo diri
- Vomisman
- Vant fè mal (nan vant)
- Dezidratasyon
Kòman li transmèt?
Li nan twalèt ak vomisman moun ki enfekte yo. Kolera antre nan bouch:
- Lè nou manje manje oswa bwè dlo ki kontamine
- Ak men ki sal
- Lè gen kontak ak vomisman oswa twalèt ki enfekte
Mwayen prevansyon:
Lave men
- Byen lave men w ak dlo ak savon
- Anvan w manje
- Lè w rive lakay
- Aprè w sot nan twalèt
- Pou prepare manje yo
- Aprè w fin chanje panmpèz sou tibebe
- Aprè w fin retire twalèt oswa vomisman yon kote
Manje
- Netwaye pwodwi nan bwat epi ki nan anbalaj yo ak klowòks anvan w louvri yo
- Manje manje ki byen kwit
- Byen lave fwi ak vejetal yo
- Kenbe kote w ap fè manje a pwòp
- Kouvri manje yo lè w fin prepare yo pou pwoteje yo kont mouch
Bwè dlo
- Si w pa gen mwayen pou bwè dlo nan galon, mete 5 gout klowòks nan chak galon dlo ki klè epi kite l poze pandan 30 minit anvan w bwè l. Aprè w fin trete l epi bwè l, pwoteje l pou l pa kontamine.
Sous: Ministè Sante Piblik Repiblik Dominikèn (2022)
Ou ka deplase nan Repiblik Dominikèn ak mwayen sa yo:
Metro de Santo Domingo
Metro de Santo Domingo (Tren Sen Domeng) la gen de liy, pifò ladan yo se moun nan kominote a ki itilize yo pou yo ale travay oswa nan nenpòt lòt aktivite. Liy 1 an soti nan nò pou rive nan sid pase sou avni Máximo Gómez, soti nan zòn Villa Mella pou rive Centro de los Héroes, kote Kongrè a, Kou Siprèm Lajistis ak Direksyon Jeneral Migrasyon an ye. Liy 2 a soti nan lès pou rive nan lwès nan avni John F. Kennedy. Yon tikè ale retou koute RD$15.00 peso dominiken, plis RD$40.00 ale retou, oswa RD$80.00 pou yon jou. Li fonksyone chak jou soti nan 6:00 nan maten jiska 10:30 nan lannwit.
Taksi
Taksi yo fasil pou jwenn nan vil la oswa anndan peyi a, jeneralman deyò estasyon tren oswa otobis prensipal yo oswa nan plas piblik yo. Nan vil yo, ou ka rele sèvis taksi dirèkteman. Lè w rele, mande operatè a pou l konfime koulè veyikil la, nimewo veyikil la ak tan yo panse l ap pran pou l rive. Konfime tou tarif pou kote w prale a anvan vwayaj la.
| Santo Domingo | Apolo Taxi (809-537-0000) Aero Taxi (809-788-0000) Taxi Popular (809-599-8888) |
| Santiago | EmiTaxi (809-581-3000) Monumental (809-581-0002) Ermita Taxi (809-736-8484) |
| Punta Cana | Bavaro Punta Cana (829-641-1139) Beron Taxi (809-466-1133) Bavaro Punta Cana (809-552-0617) |
| Puerto Plata | Taxi Junior Puerto Plata (809-868-0432) VIP POP (809-586-3330) Puerto Plata City Taxi (829-765-6963) |
UBER
UBER nan Repiblik Dominikèn depi lane 2015 epi kounye a l ap opere nan twa gwo vil: Santo Domingo, Santiago ak Puerto Plata. Ou ka jwenn aksè lè w telechaje aplikasyon an sou telefòn pòtab ou.
Otobis
Ou ka deplase nan peyi a nan otobis ki konekte pwovens prensipal nan peyi a. Pri yo varye ant RD$200.00 ak RD$500.00 pou ale sèlman. Asire w rive pou pi piti yon èdtan anvan otobis la deplase pou rasire w jwenn plas pou w chita.
| Metro Tours | Yo fè vwayaj ale Santo Domingo, Santiago, Puerto Plata, Sosúa, La Romana ak Pòtoprens, Ayiti. |
| Caribe Tours | Li konekte Santo Domingo, Santiago, Puerto Plata, Sosúa, Barahona, La Vega, Montecristi, Samaná ak lòt vil nan Repiblik Dominikèn. |
| Expreso Bávaro | Li konekte Santo Domingo ak Bavaro. |
Nan Repiblik Dominikèn, chak timoun ak adolesan gen dwa a edikasyon primè ak segondè gratis. Pou plis enfòmasyon, konsilte Educando, pòtal Edikasyon Dominikèn nan.
Enskripsyon
Pou enskri timoun nan sistèm nan, tanpri sonje ke gen yon peryòd enskripsyon regilye anvan kòmansman klas yo ak yon peryòd enskripsyon ekstraòdinè. Pou enskripsyon ekstraòdinè, plas yo pral sèlman asiyen nan enstitisyon edikasyonèl ki gen plas ki disponib. Pou fè sa, ou dwe kontakte distri lekòl yo epi mande enfòmasyon.
Pou plis enfòmasyon ak detay kontak pou distri lekòl yo, tanpri vizite sit entènèt Ministè Edikasyon an.