Avi sou Konfidansyalite 

 

Tanpri, li Avi sou Konfidansyalite ak Kondisyon Jeneral ki gouvènen aksè ou kòm itilizatè Sèvis WhatsApp ACNUR Repiblik Dominikèn. Lè w voye yon mesaj nan sèvis la, ou konfime ke ou konprann epi aksepte kondisyon sa yo. Nan premye entèraksyon w ak sèvis la, yo pral mande w klèman pou w aksepte kondisyon sa yo. Lè w konfime akseptasyon w lè yo mande w atravè entèfas WhatsApp la, w ap siyen yon akò legal ki lye w ak ACNUR. 

Avi sou Konfidansyalite 

  1. Ki moun nou ye? 

ACNUR se Ajans Nasyonzini pou Refijye yo ki bay pwoteksyon ak asistans pou refijye, moun k ap chèche azil, moun san nasyonalite, ak moun ki deplase andedan peyi yo. 

ACNUR kolekte epi itilize done pèsonèl an akò avèk Règleman Jeneral sou Pwoteksyon Done ak Konfidansyalite ACNUR (2022) ak Règleman sou Pwoteksyon Done Pèsonèl Moun ki Enterese pou ACNUR (2015). 

Avi sa a ap eksplike kòman òganizasyon nou an itilize done pèsonèl nou kolekte lè w itilize platfòm oto-sèvis nou an (“Sèvis WhatsApp ACNUR Repiblik Dominikèn”) ak dwa w ki gen rapò ak itilizasyon done pèsonèl ou. 

  1. Kòman e poukisa n ap kolekte done lè nou bay Sèvis WhatsApp ACNUR Repiblik Dominikèn? 

Lè w kominike avèk Sèvis WhatsApp ACNUR Repiblik Dominikèn lan, ACNUR trete kèk done pèsonèl dapre manda li, ki nesesè pou aplikasyon an fonksyone epi pou l ka reponn ak mesaj ak kesyon ou. Done sa yo trete pa ACNUR ansanmak Twilio ak Ciptex, ki se patnè teknolojik ki sipòte sèvis la atravè platfòm Twilio Flex. 

Mesaj yo estoke an sekirite nan ACNUR epi Ciptex, konpayi ki bay sipò ak antretyen platfòm twilio Flex lan,  

Nou pral trete done pèsonèl sa yo lè n ap ba w sèvis la: 

  • Nimewo telefòn 
  • Non pwofil 
  • Kontni mesaj 

Nou pral itilize done sa yo pou fè swiv kesyon w dirèkteman. Done kontak w yo ka pataje ak founisè sèvis ki enpòtan oswa lòt ekip ACNUR, lè sa nesesè, pou asire repons ki pi apwopriye epi pou ba w enfòmasyon ak sèvis sipò ki enpòtan ke w mande atravè Sèvis WhatsApp ACNUR Repiblik Dominikèn. 

Gen kèk done pèsonèl ki dwe pataje oswa trete pa patnè teknoloji ACNUR, sa ki esansyèl pou bay sèvis la efektivman atravè platfòm lan, pou dirije mesaj itilizatè yo bay ACNUR epi pou pèmèt otomatizasyon livrezon mesaj ki baze sou kontni mesaj yo resevwa. 

Done sa yo sèvi pou reponn kesyon ou yo dirèkteman. Yo ka pataje ak lòt ekip ACNUR oswa founisè sèvis ki gen rapò, si sa nesesè pou bay repons ki pi apwopriye ak sèvis ou mande. 

Ki done? Kijan yo kolekte done ou yo? Ak ki moun yo pataje done sa yo? 
Nimewo telefòn Yo Pran yo otomatikman nan pwofil itilizatè a WhatsApp, Twilio, ACNUR, Ciptex   
Non pwofil la Yo pran yo otomatikman nan pwofil itilizatè a WhatsApp, Twilio, ACNUR, Ciptex   
Metadone sou koneksyon ou (IMEI, adrès MAC, adrès IP) Sa ap anrejistre otomatikman depi nan telefòn itilizatè a ak koneksyon k ap itilize a WhatsApp, Twilio   
Kontni mesaj la Enfòmasyon espesifik itilizatè a voye, enkli foto, videyo ak fichye odyo ACNUR, Ciptex   

  

Done pèsonèl ou yo pap itilize pou rezon komèsyal oswa pou lòt rezon ki pa konpatib ak objektif espesifik ki mansyone pi wo a. 

Pandan w ap itilize chanèl WhatsApp la pou sèvis la, WhatsApp ap ranmase kèk done tou, selon kont ou an patikilye ak konfigirasyon aparèy ou pou aplikasyon WhatsApp la, dapre Tèm Sèvis li yo ak Règleman sou Konfidansyalite li yo. Sepandan, sa a pa gen okenn rapò ditou ak sèvis WhatsApp ACNUR nan Repiblik Dominikèn. 

Done ou yo ap estoke pandan yon peryòd maksimòm 365 jou depi dènye entèraksyon ou ak sèvis la, apre sa y ap efase yo. 

Pa gen okenn desizyon otomatik ki pran lè w ap itilize sèvis la. 

  1. Konfidansyalite 

ACNUR ak patnè teknolojik li yo, Twilio ak Ciptex, ap kenbe done pèsonèl ou yo an sekirite epi konfidansyèl, menm atravè kriptaj WhatsApp ak depo an sekirite nan sèvè prive ACNUR sou nwaj la. 

Pou sèvis la fonksyone, done ou yo ap voye pa WhatsApp epi yo ap trete yo atravè Twilio lè w entèaji ak sèvis la, men yo pap wè kontni mesaj la. Kontni an ap sèlman wè pa pèsonèl espesifik ACNUR pou reponn kesyon ou yo oswa pou asire repons otomatik yo mache. Founisè sèvis sipò ak antretyen ACNUR, Ciptex, kapab gen aksè tou ak kontni ou pou bay sèvis WhatsApp la ak kenbe li, men sa ap fèt nan non ACNUR epi anba sipèvizyon li. 

Nan okenn sikonstans, nou pap pataje done pèsonèl ou yo ak gouvènman peyi orijin ou oswa ak okenn lòt twazyèm pati ki pa patnè teknolojik nou yo. 

Si li nesesè pou pataje done ou yo ak patnè ACNUR pou swiv kesyon ou oswa ka ou, li ap enfòme w epi li ap ba ou opòtinite pou w refize patisipasyon w. 

  1. Tretman done pou anpeche domaj, rapòte moun disparèt oswa pou respekte lwa entènasyonal 

ACNUR ka konsève enfòmasyon ou yo epi pataje yo ak twazyèm pati si òganizasyon an kwè ak bon lafwa ke sa nesesè pou evite lanmò oswa blesi imedya pou ou oswa lòt moun, pou ede jwenn refijye oswa lòt moun ki fè deplasman fòse yo ki te rapòte kòm disparèt, oswa pou anpeche vyolasyon lwa entènasyonal. Si nou fè sa, n ap fè li an akò ak kad konfidansyalite ak pwoteksyon done pèsonèl nou an. 

  1. Ki dwa ou genyen epi kijan ou ka egzèse yo? 

Ou gen dwa sa yo konsènan fason nou itilize done pèsonèl ou yo: 

  • Aksè: ou ka jwenn aksè ak done pèsonèl ou yo lè w mande enfòmasyon sou done pèsonèl ou nou trete, voye yon imèl bay [email protected] 
  • Koreksyon: si ou remake done pèsonèl ou yo pa egzak oswa yo pa konplè, ou ka mande koreksyon yo lè w voye yon imèl bay [email protected] 
  • Objeksyon ak efasman: pou sispann resevwa mesaj nan sèvis la, jis voye yon mesaj ak mo “STOP” nan sèvis la. Pou refize patisipasyon epi mande efasman done ou nan platfòm la, ki enkli tout mesaj ou te echanje ak ACNUR, voye mo “ELIMINAR”. Sa ka pran jiska 10 jou pou trete demann sa a ak efase done ou yo, men n ap eseye fè li pi vit posib. 
  1. Fè konnen enkyetid ou yo 

ACNUR pran angajman pou travay avèk ou pou jwenn yon solisyon jis pou nenpòt enkyetid ki sòti nan itilizasyon sèvis la, enkli enkyetid sou konfidansyalite. Si ou panse nou pa t ka ede w avèk enkyetid ou atravè chanèl kominikasyon ki etabli nan Seksyon 5 pi wo a, oswa si ou gen nenpòt lòt plent, kòmantè oswa enkyetid, ou gen dwa soumèt yon plent atravè mekanis entèn plent nou an. Pou plis enfòmasyon sou mekanis sa a, vizite https://help.unhcr.org/dominicanrepublic/ 

  1. Avi sou chanjman 

ACNUR rezève dwa pou modifye Avi sou Konfidansyalite sa a nenpòt ki lè. Chak fwa yo fè chanjman, y ap enfòme w epi w ap bezwen aksepte nouvo tèm yo pou w ka kontinye itilize sèvis la.