Enfòmasyon pou moun k ap aplike pou estati refijye, refijye ak moun k ap chèche yon solisyon nasyonalite nan Repiblik Dominikèn.

Bay pa UNHCR, Ajans Nasyonzini pou Refijye yo.

Byenvini sou sitwèb UNHCR/ACNUR la, Ajans Nasyonzini pou Refijye nan Repiblik Dominikèn. UNHCR, Ajans Nasyonzini pou Refijye a, se yon ajans imanitè Asanble Jeneral Nasyonzini te kreye nan lane 1950.

  • N ap mennen yon inisyativ entènasyonal pou pwoteje moun ki oblije kite kay yo akòz konfli ak pèsekisyon.
  • N ap travay tou pou rasire moun ki rete san nasyonalite yo ak moun ki riske rete san nasyonalite yo jwenn solisyon ki gen rapò ak nasyonalite.

UNHCR se yon òganizasyon mondyal ki dedye tèt li nan sove lavi moun, pwoteje dwa epi bati yon pi bon avni pou moun k ap fè demann azil, moun ki refijye ak moun k ap chèche yon solisyon nan zafè nasyonalite.

Tout sèvis UNHCR ak patnè li yo konplètman gratis.

Kontakte nou

UNHCR ap resevwa piblik la sou randevou nan:
? Instituto Dominicano de Desarrollo Integral (IDDI)
? Calle H #17, kwen Diagonal Street, Zòn Endistriyèl Herrera, Santo Domingo Oeste
? Lendi rive Jedi: 9:00 a.m. – 4:00 p.m.
? Vandredi: 9:00 a.m. – 2:00 p.m.

⏰ Sèvis san randevou (walk-in):
? Madi ak Jedi sèlman
? 9:00 a.m. – 12:00 p.m.