Alberta

Legal Aid Alberta

Legal Aid Alberta ede kliyan ki kalifye nan zafè demann azil. Lè w kontakte Sant Sèvis Legal Legal Aid Alberta, y ap fè yon evalyasyon pou detèmine pi bon opsyon sèvis pou pwoblèm legal ou a. Si pwoblèm legal ou a kalifye pou resevwa sèvis yon avoka, Legal Aid Alberta ap nonmen yon avoka.

Calgary Legal Guidance

Calgary Legal Guidance ofri konsèy ak asistans legal pou moun ki fèk vini k ap chèche èd nan plizyè zafè lwa imigrasyon nan vil Calgary. Pwojè Lwa Imigrasyon an ka ede w avèk: fè yon demann azil, prepare ak ranpli aplikasyon pou rezidans pèmanan, aplike pou pèmi travay, viza rezidan tanporè ak pèmi etid, pwoblèm parennaj fanmi, reprezantasyon nan ka yo konsidere kòm espesyal yo.


Tanpri vizite tou sit entènèt gouvènman Alberta a konsènan sèvis ki disponib pou moun k ap chèche azil yo.