Dokiman 

Refijye ki rekonèt nan Brezil yo gen dwa resevwa Kat Enskripsyon Migrasyon Nasyonal (CRNM), Kat Travay ak Sekirite Sosyal (CTPS), ak yon Enskripsyon Endividyèl Moun Fizik (CPF) ak yon dokiman vwayaj (paspò). 

Demandè dazil gen dwa pou jwenn Pwotokòl Pwovizwa, Dokiman Enskripsyon Migrasyon Nasyonal Pwovizwa (DPRNM) a, ki valab pou yon ane epi ki ka renouvle pou menm peryòd la, Kat Travay ak Sekirite Sosyal (CTPS), ak yon Enskripsyon Endividyèl Moun Fizik (CPF).

Moun ki pa gen papye nan peyi Brezil yo ka resevwa yon notifikasyon pou yo kite peyi a volontèman nan yon peryòd jiska 60 jou, anba penalite yon amann. Se poutèt sa, li enpòtan anpil pou w chèche regilarize estati dokimantè ou pi vit  posib. Li enpòtan pou ou konnen ke refijye ak imigran san papye yo gen aksè a sèvis ak dwa sa yo:

CPF
Sèvis Federal Revni Brezilyen an garanti emisyon CPF pou refijye ak imigran san papye,  ki pa gen yon dokiman idantite ki soti nan Brezil (Nota Cogea nº 02, 20 de janeiro de 2021).

  1. Pou fè demann CPF ou, klike la.
  2. Voye yon e-mail/kourye/imel nan adrès sa a [email protected] ak pre-enskripsyon ak dokiman yo mande yo.

Pou plis enfòmasyon sou CPF, tanpri gade seksyon ki anba a.

SANTE
Tout rezo SUS la (lopital, UPA, UBS, elatriye) aksesib pou refijye ak imigran san papye, ki menm gen dwa pou yo pran vaksen kont COVID-19 gratis nan Brezil.

EDIKASYON
Aksè a edikasyon piblik yo garanti tou pou refijye oswa imigran kèlkeswa regilarite sitiyasyon dokimantè yo, dapre Lwa 13.445/2017.

Rezolisyon nº 1/2020 Konsèy Edikasyon Nasyonal la garanti tou ke menmsi timoun ak adolesan refijye ak imigran yo ta manke dokiman sa pa ka anpeche yo enskri nan rezo edikasyon piblik bazik/primè brezilyen yo.

BANK
Pou ouvri yon kont bankè nan Brezil, yon refijye oswa imigran san dokiman brezilyen nan peyi a ka prezante yon lòt dokiman idantifikasyon ki rekonèt, tankou yon paspò oswa kat idantite ki soti nan peyi orijin ou (Enstriksyon Nòmatif BCB nº 2, 3 out  2020).

Chak Bank, sepandan, fè yon evalyasyon sekirite entèn pou aksepte dokiman etranje yo. Nan sans sa a, Biwo Defansè Piblik Inyon an deja rekòmande pale ak enstitisyon bankè yo ke dokiman idantifikasyon ki soti nan peyi orijin, tankou paspò, kat konsilè oswa kat idantite, se dokiman ki kapab pwouve idantite sivil refijye yo ak imigran yo, kèlkeswa sitiyasyon dokimantè yo.

Anplis de sa, kont ki gen yon limit depo ki bay (jiska R$ 5,000.00) ka louvri atravè telefòn selilè epi ou sèlman bezwen bay kèk enfòmasyon tankou non ou ak CPF. Refijye oswa imigran san papye yo gen dwa pou yo louvri yon kont epay sosyal dijital, kote ou pa bezwen prezante dokiman yo (Dekrè nº 10.316/2020 – at. 11, p. 1, I). Pou plis enfòmasyon, gade  Ti liv Enfòmasyon Finansye sa a.

BENEFIS SOCYO-ASISTANS-SOSYAL
Lwa Migrasyon garanti refijye oswa imigran aksè a sèvis asistans sosyal kèlkeswa sitiyasyon  dokimantè yo (at. 4, VIII). Kou Siprèm Federal la deja garanti (desizyon sa a nan RE 587970) ke refijye ak imigran yo se benefisyè pwogram asistans sosyal peyi a.

Anplis de desizyon STF la, Biwo Defansè Piblik Federal la deja klarifye dwa a asistans sosyal garanti pou tout moun ki abite nan peyi Brezil, kèlkeswa sitiyasyon dokimantè regilye oswa iregilye yo (Ofis Sikilè nº 3578466/2020, avril/2020). Se poutèt sa, ou dwe respekte règ espesifik pou jwenn benefis yo, tankou Bolsa Família, imigran san papye ka mande yo, lè yo enskri nan CadÚnico (KadInik) avèk CPF ou. Sonje ke pou retire benefis la ou ka bezwen gen yon kont labank.

Pou aprann plis sou kalite pèmi rezidans ak pwosesis aplikasyon an, klike la.

Chak demandè dazil pral resevwa yon Pwotokòl Pwovizwa ak Dokiman Enskripsyon Migrasyon Nasyonal Pwovizwa (DPRNM), ki valab pou 1 lane e ki ka renouvle jiskaske CONARE pran desizyon final sou demann azil yo.  Pwotokòl ak DPRNM sa a se pral dokiman idantite w’ nan Brezil. Li sèvi kòm prèv estati  regilye ou ak montre ke ou pwoteje epi yo pa kapab retounen ou nan yon peyi kote lavi ou an risk la. Avèk pwotokòl ak DPRNM sa a ou gen dwa pou jwenn yon Kat Travay ak Sekirite Sosyal (CTPS), Enskripsyon Endividyèl Moun Fizik (CPF) ak dwa pou jwenn aksè nan tout sèvis piblik ki disponib nan Brezil. Dapre lwa brezilyen an, pwotokòl ak DPRNM la se yon dokiman ki valab sou tout teritwa nasyonal la e li demontre ke ou gen dwa legal pou w’ rete nan peyi Brezil.

Malgre ke se yon dokiman ofisyèl, li ka pafwa difisil pou yon brezilyen rekonèt pwotokòl ak DPRNM la kòm yon dokiman valab, yo trè diferan de lòt dokiman idantifikasyon brezilyen. Si w’ gen nenpòt pwoblèm pou jwenn aksè a sèvis ak dwa lè w’ sèvi ak dokiman sa a, tanpri kontakte, Biwo Defansè Piblik la oswa òganizasyon patnè UNHCR yo.

Pou pwotokòl pwovizwa ak DPRNM a kontinye valab e pou w’ kontinye travay regilyèman, li dwe renouvle nan Polis Federal la chak ane. Aplikan ki pa renouvle pwotokòl ak DPRNM la nan dat limit lan dokiman aplikasyon azil yo ka achive. Rete vijilan ak dat renouvèlman ki endike sou pwotokòl ak DPRNM ou a, epi ale nan Lapolis Federal la anvan dat ekspirasyon an rive.

Pou plis enfòmasyon sou kijan pou renouvle DPRNM ou a, vizite paj Kijan pou m renouvle Dokiman Enskripsyon Migrasyon Nasyonal Pwovizwa (DPRNM) mwen an?

Moun ki t’ap chèche azil e ke Brezil rekonèt estati refijye yo gen dwa pou yo jwenn yon Kat Enskripsyon Nasyonal Migratwa (CRNM), yon dokiman idantite pou imigran ak refijye nan Brezil. Ou kapab fè oubyen renouvle CRNM lan posib nan nenpòt inite Lapolis Federal. Toujou sonje dat ekspirasyon CRNM w’ la. Renouvèlman Lisans CRNM ou a dwe fèt twa mwa anvan ansyen dokiman an ekspire.

Pou rezon konfidansyalite, dokiman ou genyen kòm refijye a pa mansyone estati  ou kòm “refijye”, men li itilize kategori “rezidan” selon akò ak Lwa Brezilyen sou Refijye yo. (9747/1997).

Pou oubyen renouvèlman CRNM, verifye prosesis yo la.

Si tout fwa nou ta gen dout oubyen bezwen plis enfòmasyon, rantre an kontak ak Lapolis Federal nan nimero 194 oubyen ekri nan e-mail [email protected], oubyen ak  òganizasyon sosyete sivil ki travay ak refijye yo.

Si w’ te fè dokiman w’ yon kote nan Brezil epi w chanje adrès, fè yon demann pou chanje adrès la sou sitwèb Polis Federal klike la.

Pou plis enfòmasyon, ou ka konsilte Polis Federal ki pi pre rezidans ou a. Mache ak aplikasyon refijye w’ la oswa pwotokòl pèmi rezidans ou ak yon dokiman ki pwouve nouvo adrès ou a.

CPF la se yonn nan dokiman prensipal yo pou moun ki abite Brezil, paske li pèmèt aksè nan anpil sèvis, tankou Sistèm Sante Inifye (SUS), enskripsyon nan enstitisyon edikasyon piblik, louvri yon kont labank ak fè lòt aktivite finansye. Nenpòt moun, nasyonal oswa etranje, ka aplike pou epi fè CPF ou.

Granmoun ki gen plis pase 18 lane dwe prezante yon kopi sètifye oswa yon kat idantite orijinal, ki kapab Pwotokòl Pwovizwa a, Kat Enskripsyon Migrasyon Nasyonal (CRNM) oswa paspò ou a. Minè ki poko gen 18 lane dwe prezante yon kopi otantifye oswa orijinal kat idantite yo ak kat idantite paran yo oswa moun ki responsab legal yo.

Ou ka mande epi bay nimewo CPF ou sou Entènèt gratis! Ou jisbezwen  ranpli fòm enskripsyon an klike la.

Pou plis enfòmasyon, rantre sou: Resèt Federal Brezil oubyen Kourye .

Daprè Rezolisyon 933/2022 Konsèy Nasyonal Sikilasyon an (CONTRAN), chofè yon otomobil, ki soti nan yon peyi etranje epi ki gen lisans nan peyi li soti a, depi li ka responsab zak kriminèl li nan Brezil, li ka kondwi nan teritwa nasyonal la pou yon maksimòm peryòd 180 jou, pandan li ap respekte validite lisans orijin lan – anpare/sipòte pa konvansyon entènasyonal oswa akò

Dokiman ki nesesè ke chofè etranje a dwe pote:

  1. Lisans kondwi ki soti nan peyi orijin lan, nan peryòd validite a;
  2. Pèmi Kondwi Entènasyonal (PID/IDP) akonpaye ak yon lisans chofè etranje valab, lè se yon Pati Kontraktè Konvansyon Vyèn 1968 sou Trafik Wout la ki bay dokiman yo;
  3. Dokiman idantifikasyon;
  4. Dokiman ki pwouve dat antre nan peyi a.

 Nan ka kote etranje a pase plis pase 180 jou Brezil epi li vle kontinye kondwi sou teritwa brezilyen an

  1. Ou dwe sibi Egzamen Aptitid Fizik ak Mantal ak Evalyasyon Sikolojik, ki respekte kategori w’ la, pou w’ ka jwenn Lisans Kondwi Nasyonal (CNH).
  2. Kisa ou dwe fè: ou dwe ale sou pòtal DETRAN ki koresponn ak eta brezilyen kote moun nan abite a pou tcheke ki dokiman yo mande yo.

Yon etranje ki pa gen yon lisans, ki gen yon sejou regilye nan Brezil, ki gen entansyon jwenn yon lisans pou kondwi yon machin nan teritwa nasyonal la, dwe satisfè tout kondisyon ki etabli nan lejislasyon transpò brezilyen aktyèl la.

 Ki jan refijye ak imigran yo ka fè yon lisans kondwi nan Brezil?

Pwosedi ak frè pou refijye yo fè yon lisans/pèmi kondwi nan Brezil varye selon eta a. Sepandan, nou mete aksan pou nou fè konnen ke refijye ak imigran yo gen tout dwa pou yo fè yon lisans kondwi nan Brezil pou kondwi motosiklèt (Kategori A), machin (Kategori B), kamyon (Kategori C), otobis, minibis ak vans (Kategori) D) ak machin ki peze plis pase 6 tòn (Kategori E).

Nou mete aksan tou sou egzistans pwogràm CNH Sosyal la nan kèk eta nan Brezil, ki vize pèmèt moun ki pa gen anpil revni jwenn fè CNH gratis. Pou plis detay, ale sou sit DETRAN nan eta kote ou ye a:

Moun ki rekonèt kòm refijye Brezil gen dwa pou aplike pou yon “Paspò Etranje”, ki rele tou yon paspò jòn, tou depann de estati dokimantal ou.

Demandè dazil yo pa gen dwa a paspò sa a, aplikan, yo dwe tann desizyon Komite Nasyonal pou Refijye yo (CONARE) sou estati yo pou kapab aplike pou yon dokiman vwayaj.

Pou fè demann paspò sa a, ou dwe ale sou lyen sa a epi swiv chak pa yo ki dekri nan paj sa a “Obter Passaporte“.

Apre ou fin ranpli fòmilè an liy, ou dwe seleksyone estati dokimantal ou epi swiv tout etapa yo ke ou ap jwen nan:  https://www.gov.br/pf/pt-br/assuntos/passaporte/iniciar.

Rete vijilan de lis dokiman ki nesesè pou aplike pou paspò sa a!

Si tout fwa ou ta anvi fè wyaj pou lòt peyi, li enpòtan pou kominike oubyen mande otorizasyon a CONARE nan sesyon sa a “vwyaje nan lòt peyi“.