LGBTQIA+ (Lesbyèn, Masisi (Gay), Biseksyèl, Transeksyèl, Queer, Intèkseksyèl epi Aseksyèl)
Isit Brezil se pa yon krime pou moun ki se LGBTQIA+. Kidonk genyen konsèy Nasyonal pou konbat Diskriminisayon epi ki rekonèt nan STF, inyon lib antre 2 moun ki genyen menm sèks. Si genyen vyolans konte kategori moun sa yo, ou kapab rantre an kontak avèk:
- Liy dirèk dwa mounin (rele nan 100) ou byen ou kapab anrejistre yon plent dirèk sou sit sa a site, w’ap ranpli yon fòmilè an liy.
- Kèk òganizasyon ki se patnè pou koz LGBTQIA+, ou ka jwenn yo sou kat jewografik rezo kominotè epi sèvis yo pou moun ki se refijye, imigran yo ki LGBTQIA+ nan eta sa yo Acre, Alagoas, Amapá, Amazonas, Bahia, Ceará, Distrito Federal, Espírito Santo, Goiás, Maranhão, Mato Grosso, Mato Grosso do Sul, Minas Gerais, Pará, Paraíba, Paraná, Pernambuco, Piauí, Rio de Janeiro, Rio Grande do Norte, Rio Grande do Sul, Rondônia, Roraima, São Paulo, Santa Catarina, Sergipe ak Tocantins.
- Ale nan yon komisarya ki genyen polis (w’ap jwenn komisarya ki espesyalize nan kesyon krim pou rayisman (èn), men w’ap bezwen konsilte sou sit komisarya ki nan vil ou a oubyen kote ou ye a jis pou ou konnen sa ki pre ou a.
- Jwenn Biwo Defans piblik Defensoria Pública da União.
Pou ou jwenn plis infòmasyon, konsilte pati ki pale sou sekirite ou jwenn aksè nan gid UNHCR a jwenn enfòmasyon ki pale sou moun ki se refijye ou byen migran ki se LGBTQIA+ ki disponib nan plizyè lang.
Enfòmasyon Enpòtan
- Genyen asosyasyon travesti ki fè travay solidarite pou bay sipò avèk moun ki se LGBTQIA+ nan peryòd pandemi an.
- Pwotokòl operasyonèl yo genyen yon sèl fason imanitè pou resevwa migran epi refijye travesti nan vil São Paulo.
- MOPS – yon pòtal aksè ouvè ki kolekte epi òganize enfòmasyon sou disponiblite sèvis, enstalasyon piblik ak pwogram sosyal ki idantifye nan minisipalite, mikwo-rejyon ak eta atravè peyi a.