Vwayaj nan lòt peyi

Kite Brezil san respekte règleman yo ka afekte demann azil/estati refijye yon moun epi gen enpak sou pwosesis azil, rezidans oswa natiralizasyon moun nan, anplis sa ka lakòz pèt dwa li yo.

Si w gen dout, chèche konsèy anvan w vwayaje!

Antanke yon demandè azil ki vle vwayaje aletranje, ou dwe enfòme CONARE sou plan vwayaj ou yo. Nan yon ane, ou ka rete deyò peyi a sèlman pou yon maksimòm de 90 jou. Si w pa enfòme vwayaj la epi/oswa si limit 90 jou a depase, demann azil ou a pral achive/klasifye (fèmen tanporèman) epi li ka evantyèlman elimine (fèmen pèmanan). Pou dezachive demann azil ou a, tanpri al gade paj Achive/Klasifye e eliminasyon yon demand.

Pou retounen nan Brezil, lap nesesè pou antre nan peyi a pa yon pwen fwontyè ofisyèl, epi pou gen yon dokiman vwayaj ki valab. Anvan ou retounen, ou dwe aplike pou yon nouvo viza brezilyen, si se nesesè.

Sonje byen! Protocolo de Refúgio (Pwotokòl Refij) la oswa DPRNM lan PA yon dokiman vwayaj entènasyonal pou antre nan peyi a.

Lè yon demandè azil kite Brezil pou anpil tan, sa ka lakòz yo anile demann azil li a, paske pwoteksyon entènasyonal la valab sèlman pou moun ki rete sou tèritwa Brezilyen an.

Pwosesis Etap pa Etap – Kominikasyon Vwayaj pou Demandè Azil:

1️⃣ Fè enskripsyon ou kòm itilizatè SEI a selon enstriksyon ki nan manyèl.

2️⃣ Sou bò gòch ekran an, nan “Peticionamento”, chwazi opsyon “Processo novo”, epi nan “Tipo de processo”, chwazi “Refúgio: Autorização/Comunicação de Viagem”.

3️⃣ Nan “Especificação”, ekri: “Autorização/Comunicação de Viagem”.

4️⃣ Nan “Documentos”, klike sou “Pedido de Autorização/Comunicação de Viagem”.

5️⃣ Apre sa, yon fòmilè ap louvri. Ou dwe ranpli li an pòtigè, anglè oswa panyòl. Lè ou fini, klike sou “Salvar”.

* Antanke yon moun k ap chèche azil, ou pral bezwen antre nimewo DPRNM ou a.

6️⃣ Lè ou fin anrejistre fòmilè ou a, klike sou “Peticionar” pou finalize kominikasyon yo sou vwayaje ou a.

Tout enfòmasyon konsènan pwosesis la disponib sou sitwèb Ministè Jistis la.

Si ou te achte tikè san w pa konnen w te bezwen yon otorizasyon pou w vwayaje, kontakte CONARE pi vit posib.

Si w bezwen sipò, kontakte Ministè Jistis la pa imèl nan [email protected] oubyen pa telefòn nan (61) 2025 9734.

Si w prefere, ou ka gade videyo CONARE a (an pòtigè) ki montre etap pa etap la. Sonje byen, enstriksyon ou dwe swiv yo se sa yo ki pou “solicitante de refúgio (demandè azil)” yo:

Yon refije rekonèt ka vwayaje aletranje san yon otorizasyon vwayaj ofisyèl nan men CONARE, depi vwayaj la tanporè, epi ou gen paspò (paspò jòn) ki soti nan Brezil. Pa janm bliye verifye si ou bezwen yon viza pou antre nan yon sèten peyi. Tanpri sonje ke menmsi w ap vwayaje ak yon dokiman brezilyen, kondisyon pou viza a ap toujou depann de nasyonalite ou.

Sepandan, gen twa ka kote ou dwe aplike pou yon otorizasyon vwayaje ofisyèl:

  • Lè w ap vwayaje nan peyi orijin ou;
  • Lè w gen entansyon vwayaje nan nenpòt destinasyon pou plis pase 12 (douz) mwa;
  • Lè w ap itilize paspò ki soti nan peyi orijin ou.

Nan ka ki anwo yo, demann otorizasyon vwayaj la dwe fèt omwen 60 jou anvan dat vwayaj la. Nan ka yon ijans, ou ta dwe kontakte CONARE epi eksplike sikonstans espesyal sitiyasyon w lan. Si ou pa mande epi resevwa yon otorizasyon vwayaj anvan vwayaj ou a, pwosedi pou revoke estati refijye a ka kòmanse.

Pou retounen Brezil, li nesesè pou antre nan peyi a pa yon pwen fwontyè ofisyèl, pou gen yon dokiman vwayaj valab ak yon CRNM.

Lè yon moun ki deja rekonèt kòm refije kite Brezil san yon otorizasyon vwayaj ofisyèl, pa egzanp lè li retounen volontèman nan peyi orijin li oswa li rete de fason pèmanan nan yon lòt peyi, sa ka lakòz li pèdi estati refije li te genyen nan Brezil la.

Pwosesis Etap pa Etap – Otorizasyon Vwayaje pou Refije Rekonèt:

1️⃣ Fè enskripsyon ou kòm itilizatè SEI a selon enstriksyon ki nan manyèl.

2️⃣ Sou bò gòch ekran an, nan “Peticionamento”, chwazi opsyon “Processo novo”, epi nan “Tipo de processo”, chwazi “Refúgio: Autorização/Comunicação de Viagem”.

3️⃣ Nan “Especificação”, ekri: “Autorização/Comunicação de Viagem”.

4️⃣ Nan “Documentos”, klike sou “Pedido de Autorização/Comunicação de Viagem”.

5️⃣ Apre sa, yon fòmilè ap louvri. Ou dwe ranpli li an pòtigè, anglè oswa panyòl. Lè ou fini, klike sou “Salvar”.

* Antanke yon refije rekonèt, ou ap bezwen antre nimewo CRNM ou an.

6️⃣ Klike sou “Escolher arquivo” epi tache kopi dijitalize CRNM ou (devan ak dèyè).

7️⃣ Nan “Tipo de documento”, chwazi kalite dokiman ou te tache a, epi nan “Complemento do tipo de documento” ekri menm enfòmasyon an ankò, menm si de chan yo sanble.

8️⃣ Nan “Formato”, chwazi opsyon “Digitalizado”, epi apre sa klike sou “Adicionar”.

9️⃣ Nan “Conferência com o documento digitalizado”, chwazi opsyon ki koresponn ak ka ou a, pa egzanp: digitalização de cópia autenticada, cópia simples.

🔟 Finalman, klike sou “Peticionar”, pou finalize kominikasyon sou vwayaje ou a.

Tout enfòmasyon konsènan pwosesis la disponib sou sitwèb Ministè Jistis la.

Si ou te achte tikè ou san ou pa konnen ou te bezwen yon otorizasyon pou vwayaje, kontakte CONARE pi vit posib.

Si ou bezwen sipò, kontakte Ministè Jistis la pa imèl nan [email protected] oubyen pa telefòn nan (61) 2025 9734.

Si ou prefere, gade videyo etap pa etap CONARE te fè a (an pòtigè). Sonje byen ke direktiv ou dwe swiv yo se sa yo ki pou “refije rekonèt”:

Antanke yon rezidan ki gen rezidans tanporè, ou ka vwayaje aletranje toutotan rezidans ou nan Brezil la valab. Sepandan, absans pwolonje ki depase 2 lane ka mete an danje renouvèlman rezidans tanporè ou a ak/oswa konvèsyon an yon rezidans pèmanan.

Antanke yon rezidan ki gen rezidans tanporè pou rezon imanitè, absans ki depase 90 jou nan yon lane ka mete konvèsyon rezidans lan an yon rezidans pèmanan.

Pou retounen nan Brezil, li nesesè pou antre nan peyi a pa yon pwen fwontyè ofisyèl, pou gen yon dokiman vwayaj ki valab ak yon RNM.

Lè yon rezidan tanporè kite Brezil pou anpil tan, sa lakòz pèt rezidans tanporè a akòz abandon teritwa brezilyen an.

Antanke yon rezidan ki gen rezidans pèmanan, ou pa gen okenn restriksyon pou vwayaje aletranje. Sepandan, absans pwolonje ki depase 2 (de) ane ka entèprete kòm abandone rezidans ou nan Brezil.

Pou retounen nan Brezil, li nesesè pou antre nan peyi a pa yon pwen fwontyè ofisyèl, pou gen yon dokiman vwayaj ki valab ak yon RNM.

Lè yon rezidan pèmanan kite Brezil pou anpil tan, sa ka lakòz li pèdi rezidans pèmanan an pou yon peryòd endefini.

Pou yon aplikan pou natiralizasyon, k ap swiv pwosesis pou jwenn nasyonalite brezilyen an, vwayaje aletranje ka entèwonp kontaj tan rezidans nan Brezil lalwa egzije a. Tanpri gade paj Natiralizasyon an pou plis enfòmasyon sou règleman yo. Nan yon lane, ou ka rete deyò peyi a sèlman pou yon maksimòm de 90 jou. Si limit 90 jou a depase, aplikasyon natiralizasyon w lan ka tèmine.

Pou retounen nan Brezil, li nesesè pou antre nan peyi a pa yon pwen fwontyè ofisyèl, pou gen yon dokiman vwayaj ki valab ak yon RNM.

Lè yon aplikan pou natiralizasyon kite Brezil pou anpil tan, sa ka lakòz aplikasyon natiralizasyon an anile.

Timoun brezilyen, ki gen mwens ke 18 lane, ki vwayaje nan lòt peyi yo menm sèlman oswa akonpanye yonn nan paran yo, dwe gen dokiman pou vwayaje (kat idantite* ou byen paspò). Yo dwe prezante yon otorizasyon vwayaj ki soti nan Tribinal Timoun ak Jèn, an akò ak Resolução nº 131/11 do Conselho Nacional de Justiça.

Otorizasyon vwayaj la dwe prezante bay Polis Federal, menm si paran yo oswa responsab yo ap akonpaye timoun nan lè y ap fè chèk-lan.

Lè w ap vwayaje aletranje, otorizasyon pa nesesè si timoun nan oswa adolesan an vwayaje ak youn nan paran yo, lòt paran an otorize l ekspresman atravè yon dokiman ki gen yon siyati notarye. Fòm otorizasyon vwayaj pou minè ke Lapolis Federal la rekòmande a, ke ou dwe ranpli apre ou fin li Rezolisyon No 131/11 avèk atansyon epi ale na yon katòrio nan lokalite w la otantifye siyati a, ou ka jwenn li nan Gid Vwayaj Timoun ak Adolesan Aletranje Lapolis Federal la.

* Kat idantite a gratis daprè (Lwa 12.687/12), pou plis enfòmasyon e oryantasyon jwenn Sekretè Sekirite Piblik ki nan zòn kote ou rete a.