Edikasyon

Refijye yo ak demandè azil yo gen dwa pou jwenn Edikasyon dapre Lwa 9.474/1997 – Lei Brasileira de Refúgio. Sistèm edikasyon brezilyen an gen ladan plizyè nivo:

  • Edikasyon tmoun (0-6 ane), ki gen ladan li sant gadri ak lekòl matènèl/preskolè; 
  • Ansèyman Fondamantal (7–14 ane), divize de 1e a 9e ane, lekòl leta ak kominal; 
  • Ansèyman Segondè (15-17 ane), divize de 1e a 3e ane, ou jwenn yo tou nan lekòl leta ak kominal.

Anplis de sa, refijye ak demandè azil ki gen diplòm inivèsite ka revalide diplòm yo ak sipò UNHCR ak patnè li yo. 

Anba a ou pral jwenn anpil enfòmasyon sou fason pou jwenn aksè nan sistèm edikasyon brezilyen an.

Edikasyon Piblik pou timoun ak adolesan gratis epi li divize an twa nivo, selon laj moun lan: 

Ale nan lekòl ki pi pre lakay ou a pou w’ enskri pitit ou yo. Pote dokiman idantifikasyon pèsonèl yo! Jwenn lekòl ki pi pre w’ la klike la.

Tanpri sonje ke timoun refijye yo dwe enskri nan lekòl nenpòt ki lè, menm si yo pa gen dokiman ki nesesè yo. Li enpòtan pou nou mansyone ke lwa brezilyen sou refijye detèmine ke pwosedi administratif – tankou enskripsyon nan lekòl – ​​dwe fasilite pou refijye yo.

Mwen gen plis pase 18 an e mwen poko fini lekòl segondè. Èske mwen ka kontinye etid mwen nan Brezil?

Gen yon pwogràm gouvènman espesifik pou granmoun (ki gen plis pase 18 an) ki poko fini lekòl primè oswa segondè: Edikasyon pou Jèn ak Adilt – EJA. Lekòl leta ak minisipal yo ofri EJA an prezansyèl oubyen na liy. 

Ki sa ki edikasyon teknik lan, ki jan mwen ka enskri?‍

Pwogràm Nasyonal pou Aksè nan Edikasyon Teknik ak Travay (Pronatec) te kreye pa Gouvènman Federal la an 2011, atravè Lwa nº 12.513, nan objektif pou elaji òf kou Edikasyon Pwofesyonèl ak Teknolojik (EPT), atravè pwogràm, pwojè ak aksyon asistans teknik ak finansye. 

Pou plis enfòmasyon sou enskripsyon yo, tanpri ale sou sit entènèt.

Anplis de PRONATEC, refijye ak imigran yo ka pran yon kou teknik nan SENAI. Pou tcheke kou ki disponib yo, osi byen ke pwosesis seleksyon an selon rejyon ou clike la

Ki jan refijye yo ka kòmanse oswa kontinye etid inivèsite yo nan yon inivèsite brezilyen?

Refijye yo ak demandè azil yo ka etidye nan inivèsite piblik ak prive nan Brezil si yo te deja fini lekòl Segondè. Li rekòmande pou gen yon nivo avanse nan Pòtigè, paske pifò kou yo pa disponib nan lòt lang. 

Inivèsite yo an jeneral gen diferan kalite egzamen antre. Ou ta dwe konsilte kondisyon yo ak dokiman pou chak enstitisyon. Egzamen ki pi komen yo adopte se ENEM, ki fèt chak ane pa Enstiti Nasyonal Etid ak Rechèch (INEP). Pou plis enfòmasyon, ale sou sit ENEM

Amazonas

🏢 Universidade Federal do Amazonas (UFAM)

📍 Vil: Manaus 
🌐 Sit entènèt: https://www.ufam.edu.br/noticias/6822-ufam-divulga-processo-seletivo-especial-para-refugiados-apatridas-pessoas-com-visto-humanitario-e-imigrantes-em-condicao-de-vulnerabilidade.html 
📞 Telefòn: (092) 9 8426 1963 
📩 Imèl: [email protected] 

Distrito Federal

🏢 Universidade de Brasília (UnB)

📍 Vil: Brasília 
🌐 Sit entènèt: https://int.unb.br/br/estude-na-unb/refugiados 
📞 Telefòn: (61) 3100-265 
📩 Imèl: [email protected] 

Espírito Santo

🏢 Universidade Federal do Espírito Santo (UFES) 

📍 Vil: Vitória (plizyè kanpis) 
🌐 Sit entènèt: https://ps.ufes.br/refugiados2025 
📞 Telefòn: (27) 4009 7980 
📩 Imèl: [email protected]

🏢 Universidade Vila Velha (UVV)

📍 Vil: Vila Velha, Vitória 
🌐 Sit entènèt: https://uvv.br/ 
📞 Telefòn: (27) 3421 2000 
📩 Imèl: https://uvv.br/contato/ 

Goiás

🏢 Universidade Federal de Goiás (UFG)

📍 Vil: Goiânia 
🌐 Sit entènèt: https://sri.ufg.br/n/180747-ufg-divulga-oportunidade-para-pos-graduandos-migrantes-e-refugiados 
📞 Telefòn: (62) 3521 1165 
📩 Imèl: [email protected] 

Mato Grosso do Sul

🏢 Universidade Estadual de Mato Grosso do Sul (UEMS)

📍 Vil: Dourados 
🌐 Sit entènèt: https://www.uems.br/editais/detalhes/090 
📞 Telefòn: (67) 3901 1888 / (67) 3902 2510 
📩 Imèl: [email protected] 

🏢 Universidade Federal da Grande Dourados (UFGD)

📍 Vil: Dourados 
🌐 Sit entènèt: https://portal.ufgd.edu.br/vestibular/psah/psah-2026-1 
📞 Telefòn: (67) 3410 2840 
📩 Imèl: [email protected] 

🏢 Universidade Federal de Mato Grosso do Sul (UFMS)

📍 Vil: Pioneiros 
🌐 Sit entènèt: https://ingresso.ufms.br/vagas-ociosas/ 
📞 Telefòn: (67) 3345 7931 
📩 Imèl: [email protected] 

Minas Gerais

🏢 Pontifícia Universidade Católica de Minas Gerais (PUC-Minas)

📍 Vil: Belo Horizonte 
🌐 Sit entènèt: https://www.pucminas.br/formas-de-ingresso/Paginas/default.aspx 
📞 Telefòn: (31) 3319 4444 
📩 Imèl: [email protected] 

🏢 Universidade Federal de Juiz de Fora (UFJF)

📍 Vil: São Pedro, Juiz de Fora 
🌐 Sit entènèt: https://www2.ufjf.br/internationaloffice/refugiados/ingresso-de-refugiados-politicos 
📞 Telefòn: (32) 2102 3947 
📩 Imèl: [email protected] 

🏢 Universidade Federal de Minas Gerais (UFMG)

📍 Vil: Pampulha, Belo Horizonte 
🌐 Sit entènèt: https://www2.ufmg.br/drca/drca/Home/Graduacao/Processos-Seletivos/Acolhida-Humanitaria-Refugiados 
📞 Telefòn: (31) 3409 4162 
📩 Imèl: [email protected] 

🏢 Universidade Federal de Uberlândia (UFU)

📍 Vil: Santa Mônica, Uberlândia 
🌐 Sit entènèt: https://www.portalselecao.ufu.br/servicos/Edital/cronograma/1609 
📞 Telefòn: (34) 3239 4411 
📩 Imèl: [email protected] 

Paraíba

🏢 Universidade Estadual da Paraíba (UEPB) 

📍 Vil: Campina Grande 
🌐 Sit entènèt: https://uepb.edu.br/prograd/processos-seletivos/#1660916327444-581c1e39-b02f 
📞 Telefòn: (83) 3315 3300 
📩 Imèl: [email protected] 

Paraná

🏢 Universidade Federal do Paraná (UFPR)

📍 Vil: Curitiba 
🌐 Sit entènèt: https://servicos.nc.ufpr.br/PortalNC/Concurso?concurso=REFUGIADOSUFPR2026 
📞 Telefòn: (41) 3313 8800 
📩 Imèl: https://ada.nc.ufpr.br/SolicitacaoSeis/form 

🏢 Universidade de Curitiba (UniCuritiba)

📍 Vil: Rebouças, Curitiba 
🌐 Sit entènèt: https://www.unicuritiba.edu.br/sou-candidato/faca-sua-matricula/ 
📞 Telefòn WhatsApp sèlman: (41) 3213 8700
📩 Imèl: https://www.unicuritiba.edu.br/sou-candidato/faca-sua-matricula/ 

🏢 Universidade Federal da Integração Latino-Americana (UNILA)

📍 Vil: Foz do Iguaçu 
🌐 Sit entènèt: https://portal.unila.edu.br/ingresso/refugiados/ingresso-2025 
📞 Telefòn: (45) 3522 9695 
📩 Imèl: [email protected] 

Rio de Janeiro

🏢 Pontifícia Universidade Católica do Rio de Janeiro (PUC-Rio)

📍 Vil: Gávea, Rio de Janeiro 
🌐 Sit entènèt: https://www.puc-rio.br/sobrepuc/depto/dar/index.html 
📞 Telefòn: (21) 3527 1899 
📩 Imèl: [email protected] 

🏢 Universidade Federal Fluminense (UFF)

📍 Vil: Niterói 
🌐 Sit entènèt: https://www.uff.br/prograd/formas-de-ingresso/ 
📞 Telefòn: (21) 2629 2309 
📩 Imèl: [email protected] 

Rio Grande do Sul

🏢 Universidade Federal do Rio Grande do Sul (UFRGS)

📍 Vil: Farroupilha, Porto Alegre 
🌐 Sit entènèt: https://www.ufrgs.br/ingresso/faqwd/quais-sao-as-formas-de-ingresso-na-ufrgs/ 
📞 Telefòn: (51) 3308 4800 
📩 Imèl: [email protected] 

🏢 Universidade Federal de Santa Maria (UFSM)

📍 Vil: Camobi, Santa Maria 
🌐 Sit entènèt: https://www.ufsm.br/pro-reitorias/prograd/ingresse-na-ufsm/refugiados-e-migrantes 
📞 Telefòn: (55) 3220 8170 
📩 Imèl: [email protected] 

Roraima

🏢 Universidade Federal de Roraima (UFRR)

📍 Vil: Boa Vista 
🌐 Sit entènèt: https://ufrr.br/cpv/noticias/edital-de-abertura-imigrantes/ 
📞 Telefòn: (95) 98113 0564 
📩 Imèl: [email protected] 

Santa Catarina

🏢 Universidade Federal de Santa Catarina (UFSC)

📍 Vil: Trindade, Florianópolis 
🌐 Sit entènèt: https://refugiados2025.ufsc.br/ 
📞 Telefòn: (48) 3721 9951 
📩 Imèl: [email protected]

São Paulo

🏢 Universidade Federal do ABC (UFABC)

📍 Vil: Santo André, São Paulo 
🌐 Sit entènèt: https://prograd.ufabc.edu.br/refugiados 
📩 lmèl: [email protected] 

🏢 Universidade Federal de São Carlos (UFSCar)

📍 Vil: São Carlos 
🌐 Sit entènèt: https://www.prograd.ufscar.br/pt-br/cursos/ingresso-na-graduacao/legado/refugiados 
📞 Telefòn: (16) 3351 8108 
📩 Imèl: [email protected] 

🏢 Universidade Católica de Santos (UNISANTOS)

📍 Vil: Santos 
🌐 Sit entènèt: https://www.unisantos.br/wp-content/uploads/2025/02/EDITAL_42_2025_Bolsa-Refugiado.pdf 
📞 Telefòn: (13) 3205 5555

Revalidasyon diplòm nan Brezil reglemante nan PORTARIA Nº 1.151, DE 19 DE JUNHO DE 2023. 

Tout diplòm inivèsite bakaloreya ki soti nan lòt peyi dwe revalide pou yo rekonèt nan peyi a. 

Kondisyon dokimantasyon, dire pwosesis ak zòn etid yo varye selon inivèsite a. 

Sepandan, gen kèk etap komen yo swiv: 

  • Chèche konnen ki inivèsite piblik brezilyen ki ofri kou nan menm domèn konesans ak pa w la;
  • Tcheke pri frè revalidasyon an;
  • Tcheke si pwosesis revalidasyon an konplètman fonksyone epi, si sa posib, kontakte koòdonatè kou a davans pou klarifye nenpòt lòt dout;
  • Ou dwe genyen:
    • kopi diplòm ak relve nòt akademik;
    • pwojè pedagojik oswa òganizasyon kourikoulòm nan kou a, ki endike kontni yo oswa disiplin ak aktivite ki gen rapò ak rechèch ak ekstansyon;
    • non pwofesè ki gen rapò ak matyè ou etidye yo;
    • lòt enfòmasyon enstitisyonèl ki ka sipòte pwosesis la, lè yo disponib; 
    • Kat Enskripsyon Migrasyon Nasyonal (CRNM);
    • Enskripsyon Endividyèl Moun Fizik (CPF).
  • Gen kèk inivèsite ki egzije yon sètifika konpetans nan Pòtigè. CELPE-Bras se sèl sètifika ofisyèl Brezil nan konpetans nan Pòtigè. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt la nan CELPE-Bras klike la

Tout enstitisyon ki revalide diplòm adopte a Plataforma Carolina Bori pou fè pwosesis revalidasyon.

Pou refijye nan Brezil, imigran san papye ak resepsyon imanitè ak lòt ka jistifye, ki PA gen dokiman revalidasyon, ka fè yon tès konesans, kontni ak konpetans ki gen rapò ak kou a, kòm yon fòm eksklizif nan evalyasyon ki fèt pou pwosesis revalidasyon an.

Enstitisyon ki revalide a gendwa aksepte tou deklarasyon pèsonèl sou eksperyans akademik ou ak eksperyans pwofesyonèl, rekòmandasyon nan men kamarad de klas ki te jwenn menm diplòm, rekòmandasyon nan men pwofesè ki ka bay enfòmasyon sou pèfòmans akademik ou, rekòmandasyon nan men moun oswa konpayi ak ki moun ou te travay ka bay enfòmasyon sou pèfòmans pwofesyonèl ou nan domèn fòmasyon ak lòt dokiman.

Pou plis enfòmasyon, gade gid pou Revalidasyon diplòm pou refije yo ak gid Ministè Edikasyon an.

Kèk enstitisyon piblik ak òganizasyon sosyete sivil ofri kou pòtigè gratis pou demandè de azil ak refijye. Akòz gwo demann pou kou sa yo, kèk nan yo ka gen lis datant. Chache yonn nan òganizasyon patnè UNHCR yo pou plis enfòmasyon.

Anba a ou ap jwenn anpil platfòm ak kou gratis sou entènèt. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kou a, jis klike sou non òganizasyon an. 

Depi 2003, UNHCR te mete an plas Chèz Sérgio Vieira de Mello (CSVM) an kolaborasyon avèk sant inivèsite nasyonal yo. Pandan plizyè ane, Chèz la te pwouve li se yon jwè kle nan asire ke refijye ak moun k ap chèche azil yo gen aksè a dwa ak sèvis nan Brezil, li ofri yon sipò enpòtan nan pwosesis entegrasyon lokal la.

Kounye a, CSVM la gen ladan l 54 Enstitisyon Edikasyon Siperyè brezilyen, ki prezan nan 17 eta ak Distri Federal la. Pou lis enstitisyon yo ak enfòmasyon pou kontakte yo, tanpri vizite paj Chèz Sérgio Vieira de Mello (CSVM) la.