Avètisman: Li ka danjere anpil si w chwazi travèse fwontyè Etazini ak Kanada a andeyò pòs ofisyèl kote moun sipoze travèse fwontyè a. Gen moun ki mouri oswa ki blese akoz move tan oswa lòt danje nan sezon ivè, prentan, ete ak sezon otòn. Tanperati Kanada a ka fè frèt anpil oswa li ka fè cho anpil. Epitou kapab genyen inondasyon oswa glisman tè nan sèten moman nan ane a. Anba a gen kèk nan risk ou ta ka fè fas ak yo.
Risk pou sante:
- Ipotèmi: se lè kò w vin twò frèt epi li pa ka rete cho ase pou l fonksyone byen. Sa a ka rive lè gen fredi oubyen si ou te nan dlo frèt. Si li pa trete, li ka lakòz lanmò.
- Jeli: se lè po w ak pati nan kò w vin jele akoz yo twò frèt pandan twò lontan, epi sa a ka lakòz ou pèdi yon pati nan kò a.
- Gwo fatig fizik : Akoz move tan depase, tèren difisil, lè w pase twòp tan deyò, oswa ou travay twò di, ou ka vin fatige anpil oswa ou ka menm tonbe.
- Gwo fatig akoz chalè se lè kò w vin twò cho akoz solèy la oswa lè li chofe pandan twòp tan, epi sa a lakòz feblès, swe, ak tètvire.
- Dezidratasyon: se lè kò w pa genyen ase dlo, epi sa a fè w santi w fatige, ou swaf, epi ou fèb.
Risk ki gen pou wè avèk anviwònman ak move tan:
Sezon Ivè:
- Tanperati glasyal pi ba pase -35°C (-31°F)
- Tanpèt nèj avèk anpil nèj epi nèj avèk gwo van: Vizibilite ki redwi ak move tan danjere ka fè w pèdi wout ou oswa ou ka rete bloke nan fredi a.
Sezon Prentan ak Otòn:
- Gwo lapli ak inondasyon: Ka lakòz tè glise, dlo ki kouri vit epi ki danjere, oswa glisman tèren, epi sa a ka ogmante risk aksidan.
- Tanperati ki bese toudenkou: Ka lakòz ipotèmi.
- Nwaye: Plis risk pandan inondasyon, gwo lapli.
Sezon Ete:
- Vag Chalè : Ekspozisyon pwolonje nan chalè depase ka lakòz kout chalè ak dezidratasyon.
- Nwaye nan rivyè oswa lak.
- Gwo fatig fizik : Peryòd aktivite pwolonje nan chalè ka lakòz fatig, dezidratasyon, oswa menm maladi ki gen rapò ak chalè yo.
Lòt risk pandan tout ane a:
- Atak bèt sovaj.
- Zòn ki gen anpil pyebwa oswa ki pa gen anpil moun: Plis danje pou ou pèdi oswa pou ou rankontre bèt sovaj.
- Risk pou nwaye: Akoz rivyè k ap kouri vit, inondasyon oswa ou ka tonbe nan glas ki mens.
Si gen yon ijans – Rele 911 si ou menm oswa yon lòt moun nan yon danje imedya.
Sa a se yon nimewo ijans gratis ou ka rele pou ou mande èd. Y ap avèti sèvis sante ijans yo, lapolis oswa sèvis ponpye yo.