Enfòmasyon enpòtan sou Pwoteksyon kont Eksplwatasyon Seksyèl, Abi ak Vyolans ki Baze sou Sèks (Gender-Based Violence, GBV)

Kisa vyolans ki baze sou sèks ye?

Vyolans ki baze sou sèks (GBV) gen ladan l domaj tankou abi seksyèl, fizik, emosyonèl ak finansye, ni an piblik ni an prive. Epitou li gen ladan l menas vyolans, presyon ak manipilasyon. Sa a ka pran plizyè fòm, tankou vyolans yon patnè, vyolans nan kay, vyolans seksyèl, maryaj timoun, miltiyasyon jenital fi ak sa yo rele “krim onè”.

Kisa eksplwatasyon seksyèl ye?

Se lè yon moun itilize pouvwa l, oswa pwofite konfyans yon moun fè l oswa sitiyasyon vilnerabilite moun nan pou rezon seksyèl.  Li gen ladan trafik moun pou sèks ak pwostitisyon.

Kisa abi seksyèl ye?

Se lè yon moun fòse oswa fè presyon sou yon lòt moun pou li fè yon aktivite seksyèl san se pa volonte l, swa palafòs oswa nan kondisyon ki pa egal kote yo fòse moun nan.

! Konsekans fòm vyolans sa yo ka lakòz gwo dega epi yo ka gen gwo enpak pandan tout lavi moun ki te soufri vyolans sa yo. Li ka gen enpak sou sante fizik, mantal ak repwodiktif yon moun, epi sa a ka menm lakòz lanmò. Li ka rive nenpòt moun ak nenpòt kote — gason, fanm, tigason ak tifi — nan nenpòt laj, avèk oswa san andikap, kèlkeswa oryantasyon seksyèl yo oswa sèks yo.

Si ou viktim oswa ou temwen nenpòt fòm eksplwatasyon seksyèl oswa vyolans nan kay, ou gen dwa chèche èd ak pwoteksyon. Gen resous pou ou :

  • Si ou pè ou ka viktim trafik moun, tanpri gade nan resous ki la
  • Èd ijans pou vyolans nan kay: Sèvis enfòmasyon ak referans pou viktim vyolans domestik. 1-800-363-9010
  • Si gen yon ijans, ou ka rele 911 tou oswa ale kontakte lapolis dirèkteman. Sa a se yon nimewo ijans gratis ou ka rele pou ou jwenn èd. Y ap avèti sèvis sante ijans yo, lapolis oswa sèvis ponpye yo.

Nasyonzini ak Komisyonè Nasyonzini pou Refijye yo (United Nations High Commissioner for Refugees, UNHCR) gen ZERO TOLERANS pou eksplwatasyon ak abi seksyèl. Anplwaye ak patnè Nasyonzini yo pa dwe:

  • Fè aktivite seksyèl ak nenpòt moun pou lajan, travay, pou yo trete w pi byen, machandiz oswa sèvis;
  • Fè aktivite seksyèl ak nenpòt timoun ki poko genyen 18 ane;
  • Patisipe nan nenpòt lòt fòm konpòtman seksyèl imilyan, degradan, oswa ki eksplwate w sou plan seksyèl.

Kijan pou rapòte Eksplwatasyon ak Abi Seksyèl

Si ou konnen, ou te temwen oswa ou viktim eksplwatasyon ak abi seksyèl UNHCR, Nasyonzini, ONG ak fonksyonè piblik yo lakòz, ou ka rapòte sa a dirèkteman bay:

Biwo Enspektè Jeneral UNHCR la ki nan katye jeneral UNHCR nan Jenèv, Swis:

  • avèk fòm plent ki sou entènèt la
  • imel konfidansyèl: [email protected]
  • Faks konfidansyèl: +41 22 739 7380
  • Lapòs nòmal: 94, rue de Montbrillant, Case postale 2500, 1211 Geneva, Switzerland
  • IGO a kenbe enfòmasyon li resevwa yo konfidansyèl

Lòt kontni

Fanm ak tifi ki deplase pa lafòs epi ki apatrid yo sou plis risk… | TikTok

@refugees

Forcibly displaced and stateless women and girls are at higher risk of gender-based violence. During the #16Days of Activism, and every day, let’s protect women and girls’ right to safety. There’s #NoExcuse for inaction.  

♬ original sound – We help refugees

Kisa ki ede anpeche vyolans ki baze sou sèks?