Vwayaj nan lòt peyi

Si ou se yon demandè azil epi ou bezwen vwayajee aletranje, ou dwe enfòme CONARE sou plan vwayaje ou, an suiv etap ki anba yo. Nan yon ane, ou ka rete deyò peyi a pou maksimòm 90 jou. Si ou depase limit 90 jou sa a, demann azil ou a ap mete sou kote (arkive). Anplis de sa, pou retounen nan Brezil, aplikan an responsab pou prezante dokiman valab, tankou yon paspò ak yon viza brezilyen. Pwotokòl la se pa yon dokiman vwayaje ki garanti pou l retounen nan peyi a. 

Si demann ou an te achive, gade isit la kijan pou dezachive li

Pou kominike vwayaje la, swiv etap yo anba a.

1) Fè enskripsyon ou kòm itilizatè SEI (Sistema Eletrônico de Informações) a selon enstriksyon ki nan manyèl

2) Sou bò gòch ekran an, nan “peticionamento”, chwazi opsyon “processo novo”, epi nan “tipo de processo”, chwazi Refúgio: Autorização/Comunicação de Viagem

3) Nan “especificação”, ekri: “Autorização/Comunicação de Viagem”. 

4) Nan “documentos”, klike sou “Pedido de Autorização/Comunicação de Viagem”. 

5) Apre sa, yon fòmilè ap louvri. Ou dwe ranpli li an pòtigè, anglè oswa panyòl. Lè ou fini, klike sou “salvar”. Sonje byen, kòm ou se yon demandè azil, ou bezwen mete nimewo pwotokòl ou nan fòmilé. 

6) Lè ou fin sove fòmilè ou a, klike sou peticionar pou finalize kominikas yo sou vwayaje ou. 

Pou plis enfòmasyon sou pwosedi kominikasyon sou vwayaje yo, kontakte UNHCR oswa kelke òganizasyon ki se patnè avèk UNHCR.  

Si ou bezwen sipò, kontakte imèl [email protected] oswa pa telefòn (61) 2025 9734.

Si ou prefere, ou ka gade videyo CONARE a (an pòtigè) ki montre etap pa etap la. Sonje byen, enstriksyon ou dwe swiv yo se sa yo ki pou “solicitante de refúgio (demandè azil)” yo:

Nan pifò ka, refije ki deja rekonèt kapab vwayajee aletranje san bezwen yon otorizasyon ofisyèl CONARE, si li gen paspò pou etranje (paspò jòn) ki delivre pa Polícia Federal la. Verifye si w’ap bezwen viza pou ou ka ale nan lòt peyi ou vle a, Menmsi ou ap vwayaje ak yon dokiman brezilyen, kesyon viza depann de nasyonalite ou.

Men, gen twa ka espesyal kote ou dwe mande otorizasyon an: 

  1. Lè ou pral vwayajee nan peyi orijin ou
  1. Lè ou gen entansyon fè yon vwayaje, pou nenpòt destinasyon, ki dire plis pase 12 (douz) mwa
  1. Lè refije a itilize paspò peyi nasyonalite li. 

li nesesè pou gen otorizasyon eksprime nan men CONARE anvan ou vwayajee. Ou dwe fè demann nan omwen 60 jou anvan dat vwayajee la. Nan ka ijans, ou dwe kontakte CONARE epi eksplike sikonstans espesyal sitiyasyon ou.   

Pou mande otorizasyon, swiv etap yo anba a: 

1) Fè enskripsyon ou kòm itilizatè SEI (Sistema Eletrônico de Informações) a selon enstriksyon ki nan manyèl

2) Sou bò gòch ekran an, nan “peticionamento”, chwazi opsyon “processo novo”, epi nan “tipo de processo”, chwazi Refúgio: Autorização/Comunicação de Viagem

3) Nan “especificação”, ekri: “Autorização/Comunicação de Viagem”. 

4) Nan “documentos”, klike sou “Pedido de Autorização/Comunicação de Viagem”. 

5) Apre sa, yon fòmilè ap louvri. Ou dwe ranpli li an pòtigè, anglè oswa panyòl. Lè ou fini, klike sou “salvar”. Kòm ou se deja rekonèt kòm refije nan Brezil, ou bezwen mete nimewo RNM ou nan fòmilé. 

6) Klike sou “escolher arquivo” epi tache kopi dijitalize CRNM ou (devan ak dèyè). 

7) Nan “tipo de documento”, chwazi kalite dokiman ou te tache a (CRNM owsa RNRE), epi nan “complemento do tipo de documento” ekri menm enfòmasyon an ankò (CRNM owsa RNRE), menm si de chan yo sanble. 

8) Nan “formato”, chwazi opsyon Digitalizado, epi apre sa klike sou Adicionar

9) Nan “Conferência com o documento digitalizado”, chwazi opsyon ki koresponn ak ka ou, pa egzanp: digitalização de cópia autenticada (cópia autenticada), cópia simples (kopi senp). 

10) Finalman, klike sou “peticionar”, pou finalize kominikas yo sou vwayaje ou. 

Si ou te achte tikè ou san ou pa t konnen ou te bezwen otorizasyon vwayaje, kontakte CONARE pi vit posib. Ou dwe tann otorizasyon Leta brezilyen anvan ou vwayajee. 

Pou plis enfòmasyon sou pwosedi otorizasyon vwayaje yo, kontakte UNHCR oswa kelke òganizasyon ki se patnè avèk UNHCR.

Si ou bezwen sipò, kontakte imèl [email protected] oswa pa telefòn (61) 2025 9734. 

Si ou prefere, ou ka gade videyo CONARE a (an pòtigè) ki montre etap pa etap la. Sonje byen, enstriksyon ou dwe swiv yo se sa yo ki pou “refugiado” yo:

Timoun brezilyen, ki gen mwens ke 18 lane, ki vwayaje nan lòt peyi yo menm sèlman ou byen yo akonpanye yonn nan paran yo, dwe gen dokiman pou vwayaje (kat idantite* ou byen paspò). Yo dwe prezante yon otorizasyon vwayaj ki soti nan Tribinal Timoun ak Jèn (Vara da Infância e Juventude, an akò ak  Resolução nº 131/11 do Conselho Nacional de Justiça.   

Otorizasyon vwayaj la dwe prezante bay Polis Federal, menm si paran yo oswa responsab yo ap akonpaye timoun nan lè y ap fè chèk-an. 

Otorizasyon vwayaj ki soti nan Tribinal Timoun ak Jèn pa nesesè si timoun nan oswa adolesan an ap vwayaje aletranje ak youn nan paran yo. Sepandan, li nesesè pou gen yon otorizasyon ekri nan men lòt paran an nan yon dokiman ki gen siyati rekonèt. Modèl otorizasyon pou vwayaj timoun ke Polis Federal rekòmande a disponib nan lyen  “Viagem de Crianças e Adolescentes ao Exterior”. Avan ranpli, fè li Resolução nº 131/11 do Conselho Nacional de Justiça ak genyen konensans siyati yo nan kay notè (cartório) ki nan zòn kote w’ rete a.

* Kat idantite a gratis daprè (Lwa 12.687/12), pou plis enfòmasyon e oryantasyon jwenn Sekretè Sekirite Piblik ki nan zòn kote ou rete a.