Kesyon moun poze souvan — Pwosesis Mizajou Demann Azil 2026
Kreyòl ayisyen
Kisa Pwosesis Mizajou Demann Azil 2026 la ye, epi poukisa li enpòtan pou patisipe?
Pwosesis sa a pèmèt yo detèmine, avèk patisipasyon chak moun ki fè demann lan, ki demann ki toujou aktif ak ki demann ki pa aktif ankò, espesyalman sa yo ki te depoze depi plizyè ane epi ki poko evalye oswa jwenn yon desizyon. Se poutèt sa li enpòtan pou enfòmasyon kontak yo toujou ajou, pou fasilite kominikasyon ak pwogrè dosye a.
Patisipasyon an pral pèmèt Sekretarya Egzekitif Komisyon Espesyal pou Refijye yo (CEPR) trete, evalye ak egzamine demann moun ki konfime yo vle kontinye pwosedi a epi ki toujou bezwen pwoteksyon entènasyonal nan men Leta Pewouvyen an.
Okontrè, demann moun ki pa fè okenn demach pandan plizyè ane, ki pa reponn demann Sekretarya Egzekitif la epi ki pa mete enfòmasyon yo ajou oswa konfime enterè yo pou kontinye, pral fèmen definitivman.
Kiyès ki ka patisipe nan Pwosesis Mizajou Demann Azil 2026 la?
Se sèlman etranje ki satisfè kondisyon sa yo ki ka patisipe:
- Yo dwe nan peyi Pewou kounye a.
- Yo dwe gen yon demann azil ki te depoze devan Ministè Afè Etranjè a pa pita ke 7 fevriye 2026, an pèsòn oswa sou entènèt, nan Lima, nan lòt rejyon oswa sou fwontyè.
- Yo te patisipe nan pwosesis mizajou 2024 la, men yo poko resevwa yon desizyon CEPR.
- Yo gen yon kat rezidans etranje oswa yon Kat Pèmi Tanporè pou Rete (CPP) epi yo vle kontinye ak demann azil yo.
Estati migratwa ak pwosedi pou rekonesans estati refijye a se de pwosedi endepandan. Estati refijye a pwoteje moun ki gen yon krent ki byen fonde pou pèsekisyon nan peyi yo oswa ki kwè lavi, libète oswa entegrite yo an danje akoz sitiyasyon grav ki boulvèse lòd piblik la.
Yo ka te depoze demann lan nan:
- Sant Binasyonal Sèvis sou Fwontyè yo (CEBAF) nan Tumbes, Tacna oswa Puerto Maldonado.
- Biwo santral Ministè Afè Etranjè a nan Jirón Lampa 545, Lima.
- Ansyen biwo Jirón Rufino Torrico 420 ak Avenida Paseo de la República 3832, ki pa fonksyone kounye a.
- Biwo rejyonal Ministè Afè Etranjè yo.
- Ansyen platfòm vityèl Ministè Afè Etranjè a, ki pa resevwa demann azil kounye a.
- Espas pwoteksyon ACNUR te mete disponib oswa ansyen biwo desantralize nan San Juan de Lurigancho, San Martín de Porres, Santa Beatriz oswa Pueblo Libre.
Kiyès ki pa dwe patisipe nan Pwosesis Mizajou a?
Moun sa yo pa dwe patisipe ni mete demann yo ajou:
- Moun ki deja jwenn rekonesans kòm refijye.
- Moun ki resevwa yon desizyon negatif epi ki pa depoze yon demann rekonsiderasyon oswa apèl nan 15 jou apre yo te resevwa notifikasyon an.
- Moun ki renonse estati refijye yo oswa demann azil yo.
- Moun ki jwenn nasyonalite Pewouvyen an.
- Moun ki pa nan peyi Pewou.
- Moun ki pa janm depoze yon demann azil oswa ki te depoze li apre 8 fevriye 2026.
Si yon etranje gen yon kat rezidans oswa yon CPP epi li te depoze yon demann azil, èske li ka patisipe?
Wi. Li ka patisipe si li vle kontinye pwosedi demann azil li, paske regilarizasyon migratwa ak pwosedi pou rekonesans estati refijye a endepandan youn de lòt.
Kisa k ap pase apre mwen konfime mwen vle kontinye pwosedi a?
Lis moun ki konfime yo vle kontinye a pral voye bay Sipèentandans Nasyonal Migrasyon an pou anrejistre enfòmasyon pèsonèl ak done biyometrik yo, nan kote, dat ak lè enstitisyon sa a detèmine.
Se sèlman moun ki konfime enterè yo ki pral konsève estati moun k ap mande azil la ak validite dokiman yo, tankou kat moun k ap mande azil la ak otorizasyon travay la.
Apre anrejistreman done biyometrik yo, Sekretarya Egzekitif CEPR la pral kontakte moun yo nan nimewo telefòn oswa imèl yo te anrejistre pou kontinye trete dosye yo.
Kisa k ap pase si mwen pa patisipe nan pwosesis la?
Yo pral fèmen demann moun ki:
- Pa ranpli fòm mizajou sou entènèt la; oswa
- Endike nan fòm lan yo pa vle kontinye ak demann azil yo nan Pewou.
Lè yo fèmen demann lan, tout dokiman ki gen rapò ak estati moun k ap mande azil la ap pèdi validite, tankou kat fizik oswa dijital la, otorizasyon travay la ak nenpòt lòt dokiman ki gen rapò ak li.
Jiska ki dat mwen ka mete demann mwen an ajou?
Pwosesis la ap disponib soti 17 septanm rive 16 oktòb 2026, pandan 30 jou kalandriye, san pwolongasyon. Ou dwe ranpli fòm lan nan delè sa a pou evite yo fèmen demann azil ou nan Pewou.
Si mwen te depoze yon demann azil, men mwen pa nan Pewou kounye a, èske mwen ka patisipe?
Non. Pwosesis la se sèlman pou etranje ki te depoze yon demann azil epi ki nan peyi Pewou kounye a. Moun ki kite peyi a pa kapab patisipe.
Si mwen te depoze yon demann pou tout fanmi mwen, kijan mwen ka kenbe demann tout manm yo aktif?
Chak manm fanmi an dwe ranpli yon fòm apa. Sa gen ladan moun ki bezwen asistans, tankou timoun ak adolesan, granmoun aje oswa moun ki gen andikap.
Èske timoun mwen yo ki poko gen 18 an ka patisipe?
Wi. Timoun ak adolesan ki se moun k ap mande azil dwe patisipe tou. Paran yo oswa reprezantan legal yo dwe antre sou lyen an, ranpli fòm ki koresponn lan epi bay pwòp enfòmasyon pa yo kòm enfòmasyon kontak.
Èske pwosesis la gen yon pri?
Non. Tout pwosesis la gratis, tankou:
- Anrejistreman enfòmasyon pèsonèl sou entènèt.
- Konfimasyon kontinyasyon oswa renonsyasyon demann lan.
- Mizajou enfòmasyon kontak.
- Anrejistreman done biyometrik devan Sipèentandans Nasyonal Migrasyon an.
- Evalyasyon dosye a pa CEPR.
Èske mwen dwe ale nan yon biwo Ministè Afè Etranjè pou patisipe?
Non. Pwosesis la fèt nèt sou entènèt. Sekretarya Egzekitif CEPR la mete yon platfòm disponib pou chak moun mete demann pa li ajou. Li pa nesesè pou ale nan yon biwo Ministè Afè Etranjè oswa sèvi ak entèmedyè.
Èske yo pral rekonèt mwen kòm refijye apre mwen fin ranpli fòm lan?
Pa nesesèman. Pwosesis mizajou a sèlman pèmèt yo idantifye moun ki vle kontinye pwosedi a epi fasilite yon tretman pi rapid ak pi apwopriye pou demann yo. Evalyasyon endividyèl la ka fini avèk rekonesans estati refijye a oswa avèk yon lòt desizyon, selon sikonstans chak dosye.
Si mwen gen pwoblèm pou antre sou platfòm lan, kiyès mwen ka kontakte?
- Telefòn: (01) 204 3127
- WhatsApp: (+51) 992 523 609
- Imèl: [email protected]
- Orè sèvis: lendi rive vandredi, soti 8:00 a.m. rive 5:00 p.m.
Èske patisipasyon nan pwosesis la afekte lòt demach mwen yo oswa estati migratwa mwen genyen kounye a?
Non. Patisipasyon nan pwosesis sa a pa afekte lòt pwosedi ou kòmanse ni estati migratwa ou genyen kounye a. Sepandan, si CEPR rekonèt ou kòm refijye, w ap oblije renonse estati migratwa ou genyen an ak nenpòt pwosedi regilarizasyon migratwa ki ankou. Nan ka sa a, y ap ba ou yon kat rezidans etranje anba kategori migratwa akò entènasyonal yo.
Kijan mwen ka verifye kanpay sa a ofisyèl?
- Sit entènèt: www.gob.pe/refugio2026
- Facebook: Ministerio de Relaciones Exteriores del Perú
- Instagram: @cancilleria.peru
- WhatsApp: chanèl ofisyèl “Cancillería Perú”