Kijan pou rive Brezil?
Atansyon! Sèvi ak kanal ofisyèl sèlman. Méfye ou de twazyèm moun oswa “fasilitatè” ki mande lajan pou prese pwosesis la. Itilizasyon fo dokiman oswa antre ilegal ka lakòz gwo blokaj, tou pou kite Ayiti ak pou antre nan Brezil.
Viza Imanitè
Depi Desanm 2025, emisyon viza imanitè pou ressortisan Ayisyen yo kondisyone pa sipò patwone kominotè yo ak prèv kapasite lojman nan Brezil. Jouk koulye a, pa gen òganizasyon ki kalifye pou pwosesis sa a, epi enfòmasyon adisyonèl yo ta dwe pibliye byento pa Gouvènman Brezilyen an. Li enpòtan pou mete aksan sou ke UNHCR pa patisipe nan desizyon yo oswa nan emisyon viza imanitè yo.
Viza Reyinyon Fanmi pou moun Ayisyen yo
Règ pou emisyon viza elektwonik pou ressortisan Ayisyen ki gen lyen fanmi nan Brezil rete an vigè jiska 31 Desanm 2026.
Kiyès ki ka mande viza a?
Viza a disponib sèlman pou fanmi moun Ayisyen ki deja mande yon otorizasyon rezidans davans pou rezon reyinyon fanmi (daprè ansyen pwosesis la – Lwa Entèministèryèl MJSP/MRE n° 38/2023), men ki – pou kèk rezon – poko jwenn viza a.
Kijan pwosesis la mache?
Pwosedi demann ak emisyon viza a totalman elektwonik epi li fèt atravè yon platfòm sou entènèt.
Demann nan dwe fèt pa moun k ap mande a li menm ki nan Ayiti.
Pwosesis la gratis: pa gen frè oswa amann, epi tou de viza a ak anrejistreman nan Brezil pa koute anyen. Valabilite viza a pral konfime atravè yon kòd QR.
Dokiman nesesè yo
Pou mande viza a, li nesesè voye:
- Kopi dijital paj paspò a
- Foto resan
- Nan ka timoun, otorizasyon paran oswa responsab legal yo.
Lè w rive nan Brezil
Moun ki gen viza reyinyon fanmi yo dwe prezante tèt yo bay Polis Federal nan yon delai maksimòm 90 (katrevendis) jou pou mande dokiman yo.
Si w ap chèche pwoteksyon entènasyonal, li posib pou antre nan Brezil epi demand azil menm san dokiman konplè, depi sitiyasyon an eksplike ak transparans bay otorite brezilyen yo nan moman arive a.