Reyinyon fanmi ak ekstansyon efè kondisyon refijye a
Prensip inite fanmi an, jan Konstitisyon Federal la ansanm ak Konvansyon Ameriken sou Dwa Moun yo prevwa li, garanti pwoteksyon pou moun yo rekonèt kòm refijye yo ansanm ak manm fanmi yo, atravè reyinyon fanmi ak ekstansyon estati refijye a.
- Reyinyon Fanmi: Pwosedi ki garanti pou manm fanmi yon refijye, ki twouve yo deyò teritwa nasyonal la, ka vin jwenn li nan peyi kote yo te rekonèt kondisyon refijye li a, atravè emisyon yon viza reyinyon fanmi.
- Ekstansyon efè kondisyon refijye a: Pwosedi ki garanti kondisyon refijye a pwolonje bay lòt manm fanmi li yo, depi moun sa yo deja twouve yo sou teritwa nasyonal la.
Obsèvasyon! Li posib pou yon moun ki ap mande rekonesans estati refijye, epi ki te kòmanse pwosedi li yon fason endividyèl, mande konvèsyon pwosedi a pou l konekte li ak pwosedi yon manm fanmi ki deja sou teritwa nasyonal la. Konvèsyon yon demann endividyèl an ekstansyon efè estati refijye a fèt lè yon manm fanmi ki deja gen yon pwosesis ouvè, chwazi volontèman, pou l lye ak yon lòt manm fanmi pou tretman dosye rekonesans estati refijye a.
Pou plis detay sou pwosesis sa a, gade enfòmasyon ki pi ba yo. Si ou bezwen èd, kontakte òganizasyon patnè UNHCR ki pi pre w la.
Si ou prefere, gade videyo ki pale sou reyinyon fanmi ak ekstansyon efè kondisyon refijye a:
Refijye gouvènman brezilyen an rekonèt yo kapab mande viza reyinyon fanmi an pou manm fanmi yo ki nan lòt peyi. Moun ki mande rekonesans estati refijye epi ki poko resevwa desizyon CONARE sou demann yo a pa kapab mande viza reyinyon fanmi.
Deman viza dwe fèt epi resevwa nan yon reprezantasyon konsilè Brezil (Anbasad oswa Konsila) nan vil oswa peyi kote manm fanmi refijye a ap viv la. Li enpòtan pou verifye davans si gen obligasyon pou pran randevou.
Si manm fanmi ou deja nan Brezil, gade plis enfòmasyon nan pwochen onglet la.
Li enpòtan pou souliye ke gouvènman brezilyen an ansanm ak UNHCR pa gen okenn pwogram ki finanse, an pati oswa nèt, vwayaj manm fanmi refijye yo pou vini Brezil. Se poutèt sa, tout depans ki gen rapò ak vwayaj la, tankou tikè avyon, rete sou responsablite moun ki fè demann lan.
Pwosedi a (etap pa etap) — Demand Reyinyon Fanmi
1️⃣ Ranpli fòm elektwonik demann viza a nan Sistèm Konsilè Entegre Ministè Relasyon Eksteryè a.
Obsèvasyon! Chwazi objektif vwayaj ki koresponn lan: Rezidans (manm fanmi yon rezidan nan Brezil oswa yon sitwayen brezilyen).
2️⃣ Peye frè konsilè yo.
3️⃣ Verifye avèk Konsila Brezil kote demann viza a pral trete a kijan pwosedi yo fonksyone (si li nesesè pran randevou davans, fè entèvyou endividyèl, prezante dokiman orijinal yo, elatriye).
4️⃣ Prezante w nan Konsila a avèk resi konfimasyon ranplisaj fòm nan ansanm ak dokiman orijinal yo mande yo.
Konsilte Reprezantasyon Konsilè ki nan peyi oswa vil kote manm fanmi ou ye a pou jwenn enfòmasyon sou tout dokiman ki nesesè pou soutni demann viza a, ansanm ak delè tretman dosye a.
Yon fwa demann viza a fin fèt, manm fanmi refijye a kapab kontakte inite konsilè a oswa itilize platfòm elektwonik Ministè Relasyon Eksteryè a pou verifye si viza a apwouve. Refijye a kapab tou kontakte Divizyon Imigrasyon Ministè Relasyon Eksteryè a (DIM-MRE) pa imèl nan [email protected] pou mande enfòmasyon sou avansman demann lan. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou viza reyinisyon fanmi nan Òdonans Entèministeryèl Nimewo 12.
Kalite viza a depann de lyen fanmi an, jan sa endike anba a:
I – Konjwen oswa patnè;
II – Asandan oswa desandan (papa, manman, granpapa, grann, aryè-grann, aryè-granpapa, pitit ak pitit-pitit);
III – Manm fanmi nan liy kolateral jiska katriyèm degre ki depann ekonomikman de refijye a (frè, sè, tonton, matant, gran-tonton, gran-matant, neve, nyès, pitit-neve, pitit-nyès, kouzen ak kouzin);
IV – Paran pa alyans ki depann ekonomikman de refijye a (bèlfi, bofis, bòpè, bèlmè, bofrè ak bèlsè).
Viza tanporè pou Reyinyon Fanmi an gen yon validite maksimòm yon ane pou antre sou teritwa brezilyen an. Lè manm fanmi refije a rive Brezil, yo dwe anrejistre bò kote Lapolis Federal la pou mande rekonesans estati refijye a, oswa, nan yon delè 90 jou, mande otorizasyon rezidans pou rezon reyinisyon fanmi.
Si ou bezwen asistans nan pwosesis sa a, kontakte youn nan òganizasyon patnè UNHCR ki pi pre w la.
Moun gouvènman brezilyen an rekonèt kòm refijye epi ki gen manm fanmi ki deja nan Brezil kapab mande ekstansyon efè estati refijye a pou manm fanmi yo. Se yon pwosedi ki pi senp, ki ka pa egzije entèvyou endividyèl, epi yo ka rekonèt estati a sou baz prezantasyon dokiman ki pwouve lyen fanmi ak refijye a epi, lè sa nesesè, depandans ekonomik la.
Konjwen, asandan ak desandan moun refijye a ka benefisye de pwosedi sa a, menm jan ak lòt manm gwoup fanmi an (tankou frè/sè, tonton/matant, neve/nyès, kouzen/kouzin, bòpè/bèlmè, bofis/bèlfi) ki depann ekonomikman de li.
Obsèvasyon! Moun yo rekonèt kòm refijye atravè pwosedi sa a p ap kapab pwolonje estati refijye li bay yon lòt manm fanmi.
Si manm fanmi an mande rekonesans estati refijye
Manm fanmi ki fèk rive nan Brezil la dwe anrejistre demann rekonesans estati refijye li nan SISCONARE epi, lè l ap ranpli fòm nan, endike paran ki deja rekonèt kòm refijye nan Brezil la. Dokiman ki pwouve lyen fanmi ak refijye a dwe ajoute nan dosye pwosesis la.
Si manm fanmi an se yon moun ki te deja fè demann rekonesans kondisyon refijye avèk yon demann endividyèl
Moun ki mande rekonesans kondisyon refijye a dwe ranpli demann pou konvèsyon demann rekonesans kondisyon refijye a an ekstansyon, epi voye li bay Kowòdinasyon Jeneral CONARE atravè petisyon elektwonik SEI. Ou jwenn plis enstriksyon detaye sou etap pou fè petisyon sa a sou paj wèb CONARE la.
Si yon moun ki mande rekonesans kondisyon refijye deside konvèti demann li an, an yon ekstansyon, manm fanmi CONARE deja rekonèt kòm refijye a dwe dakò ak demann lan.
Pwosedi pa etap – Konvèsyon Demann Rekonesans Kondisyon Refijye a an Ekstansyon:
1️⃣ Ranpli, enprime, siyen epi eskane (oswa pran yon foto ki lizib) Demann pou Konvèsyon Demann Rekonesans Kondisyon Refijye a an Ekstansyon pou granmoun, oswa Demann pou Konvèsyon Demann Rekonesans Kondisyon Refijye a an Ekstansyon – C&A pou timoun ak adolesan ki poko gen 18 an.
Enpòtan! Fòm nan dwe siyen ni pa moun yo pral konvèti demann li a, ni pa moun prensipal ekstansyon an pral lye avè l la.
2️⃣ Fè enskripsyon ou kòm itilizatè SEI selon enstriksyon ki nan manyèl la.
3️⃣ Sou bò gòch la, nan “Peticionamento”, chwazi opsyon “Intercorrente”.
4️⃣ Nan “Número de processo”, antre nimewo Pwotokòl Refij moun prensipal la, oswa nimewo Pwotokòl Refij moun ki pral gen demann li konvèti soti nan prensipal pou vin ekstansyon an. Apre sa, klike sou “Validar”.
5️⃣ Apre ou klike sou “Validar”, SEI ap ranpli enfòmasyon “Migrações: Pedido de Refúgio” nan chan “Tipo” a. Klike sou “Adicionar”.
6️⃣ Apre sa, ale nan opsyon “Escolher arquivo”. Chwazi fòm ki deja ranpli ak enfòmasyon ou yo epi ki siyen an.
7️⃣ Nan “Tipo de documento”, chwazi “Formulário” epi, nan chan “Complemento do tipo de documento”, mete CONVERSÃO.
8️⃣ Nan fòma, chwazi “Nato-digital”.
9️⃣ Apre sa, klike sou “Adicionar”.
🔟 Apre ou fin mete fòm nan, klike sou “Peticionar”.
Apre pwosesis sa a, Kowòdinasyon Jeneral CONARE ap analize enskripsyon ou an.
Si ou bezwen sipò, kontakte Ministè Jistis la pa imèl nan [email protected] oswa pa telefòn nan (61) 2025 9734.
Si ou bezwen èd nan pwosesis sa a, kontakte òganizasyon patnè UNHCR ki pi pre w la.