Nan seksyon sa a, UNHCR bay oryantasyon ak konsèy pratik pou refijye yo konnen ki jan pou yo chèche ak aplike pou pòs travay nan Brezil. Nan fason sa a, ogmante chans yo pou yo anboche nan mache travay la fòmèl. Pou jèn refijye yo, gen yon gid oryantasyon ki disponib klike la.
1e Etap: Gen yon CPF ak Kat Travay ak Sekirite Sosyal (CTPS)
Rejis Individual (CPF) se yonn nan dokiman prensipal pou moun ki abite nan peyi Brezil. Nenpòt moun, kèlkeswa laj, nasyonalite oswa estati imigratwa, ka aplike pou li.
Fè yon CPF se senp: li ka fèt sou entènèt epi gratis. Jis genyen Pwotokòl Refijye a, Kat Nasyonal Enskripsyon Migratwa an (RNM) oswa paspò, epi ranpli fòm enskripsyon an la a.
Kat Travay ak Sekirite Sosyal (CTPS) se dokiman ki anrejistre aktivite pwofesyonèl travayè a epi ki garanti aksè a dwa travay lalwa prevwa. Dokiman sa a obligatwa pou fè egzèse aktivite pwofesyonèl fòmèl ke nenpòt moun ki gen plis pase laj 14 ka fè li, ak yon adrès regilye nan Brezil ak detantè yon CPF.
Se yo dokiman dijital epi gratis. Pou aplike, ou dwe:
- Telechaje aplikasyon an (Kat Travay Dijital) gratis nan (play store) magazen app telefòn selilè ou a.
OUBYEN
- Rantre sou lyen sèvis servicos.mte.gov.br (ou dwe fè enskripsyon anvan nan gov.br)
Li enpòtan pou nou sonje
Isit Brezil, refijye ak moun k’ap chèche estati refijye yo ka travay epi yo gen menm dwa travay ak nenpòt lòt travayè brezilyen.
Depi laj 14 lane, li posib pou w’ travay kòm yon apranti, anba yon Kontra Aprantisaj ak diferan lè travay. (Rantre la nan ti liv sa a ou ap jwenn plis detay sou sijè a)
Apati 16 an, travayè yo ka gen yon travay fòmèl nan Brezil, sepandan ant laj 16 ak 18 lan gen restriksyon sou aktivite yo ke li ka fè. Kòm egzanp, li pa pèmèt yo travay nan aktivite ki konsidere kòm malsen ak danjere.
Travay fòmèl vs travay enfòmèl: kiyès ki plis entérésan?
Malgre plis èdtan fleksib ak pèman imedya, travay enfòmèl oswa sou yon baz chak jou se pa toujou opsyon ki pi bon an. Apre yo tout rezonnman, nou ka di yon pòs travay fòmèl pote plizyè benefis pou travayè a:
– Salè garanti chak mwa epi pa sèlman lè ou jwenn yon travay;
– Pwoteksyon travay ak sekirite sosyal, tankou peye maladi, konje matènite, FGTS, pwoteksyon kont aksidan travay, vakans peye, 13yèm salè, bon transpò ak asirans chomaj;
– Anpil konpayi yo gen tandans ofri benefis adisyonèl bay anplwaye yo, tankou asistans manje, asirans sante, pami lòt bagay ankò;
– Posibilite pou grandi nan konpayi an epi devlope karyè ou.
2e Etap: Genyen yon CV
Kisa mwen ta dwe mete nan CV mwen an?
Anplis done de debaz yo, tankou non konplè, edikasyon ak eksperyans pwofesyonèl, li enpòtan pou:
- Gen enfòmasyon kontak ki toujou ajou ak fasil aksesib pou ou (li menm pi bon toujou si se yon imèl oswa nimewo WhatsApp).
- Mete aksan sou kou ak eksperyans ou te fè nan peyi orijin ak nan peyi Brezil.
- Mansyone nenpòt kou pòtigè oswa pwofesyonèl ou te ka pran nan Brezil.
- Nan eksperyans, enfòme sistèm ou konnen yo (lojisyèl, pa egzanp), anplis reyalizasyon ou yo nan domèn lan.
- Endike prim ki enpòtan ak travay volontè ke ou fè.
- Mete aksan sou lang ou pale yo.
- Kreye yon CV ki pa pi long pase yon paj, ki objektif epi ki gen enfòmasyon ki pi enpòtan sou eksperyans travay ou.
- Ou dwe onèt nan enfòmasyon ou yo.Mande yon moun pou revize CV w’ la si w’ pa gen konfyans ak pòtigè w’ la.
- Si se yon CV dijital, sove dokiman an nan fòma PDF.
Ki avantaj ki genyen lè ou gen yon CV sou entènèt?
Rechèch montre ke 6 sou chak 10 konpayi brezilyen anboche atravè mwayen dijital. Sa vle di ke seleksyon ak kominikasyon ak travayè ki enterese yo fèt atravè rezo sosyal, sit entènèt ak imèl. Sepandan, gen konpayi (pi piti, kòm egzanp) ki toujou resevwa VC enprime. Se poutèt sa, li enpòtan pou tcheke ki jan konpayi an ki gen pòs vid epi ouvè pou bay travay pral resevwa CV.
Tcheke kèk avantaj ki genyen nan yon CV sou entènèt:
- Patisipe nan pwosesis seleksyon sou entènèt.
- Mete ajou enfòmasyon chak fwa sa posib epi byen vit (ki gen ladan detay kontak, nouvo kou oswa eksperyans travay).
- Ou dwe anrejistre sou sit entènèt rekritman ak platfòm ki ofri pòs travay.
- Fasilite pou chèche ak aplike pou pòs travay kèlkeswa kote ou ye a, epi tou evite depanse nan vwayaj.
Èd siplemantè
Aksede yon estrikti CV sijere nan lyen sa a.
3e Etap: Enskri sou platfòm rekritman ak sit entènèt
Pou CV ou genyen vizibilite ak patisipe nan pwosesis seleksyon atravè mwayen dijital, li esansyèl pou anrejistre li sou sit entènèt rekritman. Enskripsyon se senp, rapid ak gratis. Tcheke kèk nan platfòm ki pi itilize yo:
a) Platfòm nasyonal rekritman
Vagas.com rasanble plizyè milye CV kandida epi li gen yon zouti kritè pou refijye yo pou yo fè deklarasyon pwòp tèt yo. Gade, klike la a, yon gid detaye sou enskripsyon sou platfòm Vagas la epi sèvi ak zouti sa a.
LinkedIn, Gupy, 99 Jobs, Infojobs, Manpower, Catho
Anplis enskri CV ou, sou platfòm sa yo ou ka chèche opòtinite pa tit travay, konpayi, zòn ki enterese ak vil la.
b) Sistèm Nasyonal Travay (SNT / SINE)
Sistèm Travay Nasyonal (SINE) se yon pwogram gouvènman brezilyen ki pèmèt ou anrejistre CV w’, tcheke pòs ki vid yo epi planifye yon entèvyou travay ak konpayi yo. Sou sit entènèt empregabrasil.mte.gov.br oswa sou aplikasyon Sine Fácil (Android) ou ka jwenn aksè nan SINE nòmalman. Pou sèvis prezansyèl, tou senpleman chèche yon inite SINE nan minisipalite w la. Adrès yo se isi a.
c) Platfòm biznis ak refijye
Ou ka jwenn aksè opòtinite travay ki vize pou refijye yo sou platfòm biznis ak refijye yo. Opòtinite nan konpayi yo atravè rejyon yo ak sektè yo disponib. nan lyen sa a. Senpleman voye CV ou nan kontak yo bay nan tablo a.
d) Sit entènèt konpayi yo
Li vo tou pou tcheke pòs vid yo dirèkteman sou sit entènèt yo oswa nan paj manm yo nan Foròm Biznis ak Refijye yo, ki ap mande anbochaj refijye yo epi ki angaje yo nan sipòte enklizyon nan popilasyon sa a. Dekouvri kèk nan yo: Belgo Arames, BRF, Foundever, Iguatemi, Puravida, Renner S/A, Sodexo e Hidrovias do Brasil.
e) UNHCR / ACNUR ak patnè ONG li yo:
Gen òganizasyon sosyete sivil la ak patnè UNHCR ki ka sipòte w’ nan bati CV w’ la ak jwenn yon travay. Pou jwenn yo nan vil ou a, gade seksyon ki anba yo.
❗ Fè atansyon sou imel ou! ❗
Lè w’ap aplike pou yon travay, li enpòtan pou w’ konnen ki jan konpayi an pral kontakte w’ si li enterese. Anpil nan yo enfòme kandida yo chwazi pou entèvyou oswa lòt etap nan pwosesis seleksyon an pa imel. Nan ka sa yo, li esansyèl pou gen yon kont imel aktif (gen plizyè opsyon gratis tankou Gmail ak Outlook) epi tcheke li omwen yon fwa pa jou. Men kèk konsèy pou reponn a mesaj sou ouvèti travay:
- Reponn vit (de preferans menm jou a).
- Se pou w’ objektif nan repons ou epi bay enfòmasyon/konfimasyon konpayi an mande a.
- Fè politès
- Revize mesaj la anvan ou voye l’
Egzanp repons imel nan orè entèvyou:
Chè (Non moun),
Mèsi paske w’ kontakte m’, mwen trè enterese nan travay la. Mwen disponib pou fè entèvyou a nan jou XXX, nan lè XXX. Nimewo telefòn mwen an se XXXX.
Èske li posib pou ou?
Èske li af fèt prezansyèl oswa adistans?
Mwen rete a dispozisyon ou si ou bezwen nenpòt enfòmasyon adisyonèl,
Att,
(Non ou)
4e Etap: Entèvyou travay
Kouman mwen ka prepare m’?
- Anvan entèvyou a, ale sou sit entènèt konpayi an ak rechèch zòn biznis li, konbyen tan li gen sou mache a, ki sèvis li ofri ak ki kote li travay.
- Revize afichaj travay la pou w’ konnen tout konpetans ki nesesè yo.
- Sonje eksperyans ou, konpetans ak kapasite w’. Kesyon entèvyou yo anjeneral gen rapò ak sijè sa yo.
Kisa pou prezante nan entèvyou a?
- Kominikasyon aderan ak atitid pwofesyonèl;
- Bon sans, diskresyon ak natirèl;
- Kenbe yon atitid pozitif, demontre volonte ak enterè nan pòs vid la;
- Poze tout kesyon ou yo pou retire dout ou genyen. Mande ak politès;
- Pale sou konpetans ou ak domèn pou amelyore ak egzanp konkrè;
- Ou dwe fè sa a ak politès epi ak respè;
- Li se yon bon lide pou pote kèk kesyon pou poze nan fen entèvyou a, sitou sa ki gen rapò ak konpayi an oswa pozisyon travay la. Sa montre enterè nan pozisyon an;
- Pa janm bay manti, pa reponn apèl oswa itilize telefòn selilè ou pandan entèvyou a. Li pa rekòmande tou pou mande sèlman sou tan ak vakans, si gen anpil kandida ki nan konpetisyon pou pòs lan oswa fè presyon sou konpayi an pou fidbak;
- Pa diskite sou aspè lavi pèsonèl ou sof si yo mande w’.
Pou refleksyon: Kounye a ou gen aksè a konsèy ak zouti ki ka ede w nan rechèch aktif ou pou travay fòmèl nan Brezil. Pou w’ gen siksè: prepare tèt ou, fè tèt ou konfyans ak kapasite w, epi fè pwoaktif! Sa a se yon premye etap enpòtan nan vwayaj sa a ki plen defi, men esansyèl pou reyalize endepandans finansye.