Regroupman familyal ak dimansyon kondisyon refijye

Prensip regroupman pou fanmiy, nan Konstitisyon Federal epi nan Konvansyon Ameriken poudwa moun, garanti refijye yo ak fanmiy konnen dwa atravè regroupman familyal ak dimansyon kodisyon kòm refijye.  

  • Regroupman Fanmiy: Pwosesis sa a garanti tout moun ki nan fanmiy gen yon moun ki gen estati refijye ki andeyò tèritwa nasyonal kapap rankontre avèk yo nan peyi yo refijye a.
  • Dimansyon efè kondisyon refijye: Pwosesis sa a garanti kondisyon refijye ogmante plis manb nan fanmiy lan, depi yo rankontre nan tèritwa nasyonal la.
  • Obsèvasyon: Pou chanje demand lan se lè yon manb nan fanmiy lan te deja genyen pwosesis pou demand refijye e li chwazi, volontèman yon lyen familyal avèk yon lòt moun ki pa nan fanmiy nan.   

Si ou vle ou kapab ale asiste videyo sa a ki pale sou regroupman familyal ak dimansyon efè kondisyon pou refijye:

Si ou bezwen Éd nan ka sa a, ou kapab rantre an kontak avèk yon òganizasyon ki travay nan patenarya avèk UNHCR ki pre ou. Klike la a pou jwenn aksè nan lis òganizasyon yo.


Pwosesis pou regroupman familyal

Pwosesis sa a sèlman disponib pou moun ki refijye yo, ki deja rekonèt nan Brazil e pou tout Fanmiy ki andeyò peyi a. 

Si fanmiy lan deja Brezil epi genyen pwosesis demand refijye li, yo ka ale nan Polis Federal ki pi pre yo avèk fanmiy yo pou fè demand pou rantre yon lòt manb ki pa nan fanmiy lan. Rantre sou lyen sa a, dimansyon nan efè estati refijye. 

1e etap – enskri kòm itilizatè nan SEI swiv enstriksyon yo nan manyèl ki disponib sou lyen sa a, lyen. 

2e etap – nan bò goch la klike sou “Petisyon”,  epi w’ap chwazi “nouvo pwosesis”.

3e etap – nan lis ki genyen an W’AP chwazi sa ou vle a, kise “Refijye: viza regroupman familyal”.

4e etap – w’ap espesifye, mete “Regroupman Familyal”. 

5e etap – w’ap mete non ou. 

6e etap – kote ki genyen yo, AP gen yon kote ki make “dokiman prensipal”, w’ap klike sou “demand regroupman familyal”. 

7e etap – Pou fè swivi, gen yon fòmilè k’ap ouvri pou manisfeste volonte regroupman familyal. Ranpli tout espas vid yo epi w’ap wè kote ki make “sovgade”, li bò gòch ki nan pati siperyè nan fòmilè w’ap ranpli a, e aprè ‘w’ap fèmen fòmilè a ki parèt sou ekran an. 

8e etap – kòm lòt dokiman konplemantè ou kapab ajoute rezidans ou.  

9e eta – w’ap chwazi fòma “eskanerizayon”, e w’ap klike pou ou kapab adisyone lòt dokiman. 

10e etap – an swit, w’ap klike kote ki make “petisyone” a. 

Aprè tout verifikasyon kondisyon refijye moun ki fè demand lan, moun ki kowòdonatè jeneral CONARE a ap voye yon ofis nan Divizyon Imigrasyon “ministè pou afè etranje – DIM-MRE, pou enfòme antite konsilè yo konsènan demand ou an. kowòdonatè Jeneral CONARE a tou l’ap notifye refijye a lè pwosesis la ale jwenn Ministè afè etranje – MRE, se enstitisyon Leta brezilyen ki gen konpetans sa k’ap deside sou kesyon viza.  

Aprè yo fin voye dokiman yo pou MRE, fanmiy lan dwe ranpli yon fòmilè online/sou entèt pou demand viza a. Rantre sou lyen sa a fòm aplikasyon viza sou entènèt, e yo pral prezante l’ nan konsilè epi siyen korèkteman ansanm avèk tout manisfestasyon volonte pou fè fanmiy ou nan objektif regroupman familyal nan Brezil e anplis de sa w’ap prezante dokiman nesesè pou entriksyon demand viza a. w’ap kapab konsilte repatisyon konsilè kote fanmiy ou kA jwenn plis enfòmasyon de tout dokiman pou fè demand viza epi tan pwosesis la ap pran.  

Obsèvasyon:  manisfestasyon volonte moun ki mande azil la pa gen okenn garanti pou jwenn viza regroupman familyal la, se MRE k’ap pran tout desizyon pou viza a.  

Fanmiy lan kapab konsilte yon konsila pou konnen kòman si demand lan aprouve. Li posib pou refijye rantre an kontak avèk DIM-MRE pou konnen nan ki nivo demand lan ye sou imèl sa a [email protected]. Pou plis enfòmasyon sou viza a regroupman familyal la nou kapab konsilte òdonans la sou lyen sa a, Òdonans Entèministeryèl No 12. 

Ou ka mande viza sa depan de tip lyen parantal ou pou moun sa yo, selon tèm sa yo: 

I – konjwen ou byen patnè; 

II – Asandan ou desandan (papa, manman, gran papa, grann, pitit, pitit pitit, elatrye); 

III- Lòt moun entegre nan fanmiy ou nan kontèks kolateral jiska 4 degre, ki depan ekonikman de refijye a li kapab (sè, frè, tant, tonton, kouzin, kouzen, elatrye.) 

IV- Paran ki gen afinite, ki depan ekonikman de refijye a tankou (bòpè, bòfrè, bel Sè). 

Viza tanporè pou regwoupman familyal gen yon dire maksimòm 1 ane. Aprè ou Fin rive nan tèritwa nasyonal brezilyen an, fanmiy ou an dwe anrejistre nan Polis Federal jiska 90 jou pou transfòme viza a kòm rezidan regroupman familyal.  

Li enpòtan pou ou konnen tout depans pou vwayaj la se sou responbilite ou. Gouvènman brezilyen an p’ap responsab depans yo pou fanmi ou vini Brazil.  

si ou bezwen sipò ou KA rantre an kontak sou imèl sa a. [email protected] oubyen sou nimero sa a (61) 2025 9734 

Ou kapab asiste videyo an pòtigè ke CONARE prepare: 

Si ou bezwen èd nan ka sa a, rantre an kontak ak kèlke òganizasyon ki travay an patenarya avèk UNHCR / ACNUR. W’ap jwenn lis òganizasyon yo sou lyen sa a.  Klike la a pou jwenn aksè nan lis òganizasyon yo.


Pwosesis pou dimansyon efè kondisyon moun ki mande azil

Mwen poko fè demand, men mwen ta renmen fè demand lan.

Nan ka sa a, ou kapab fè enskripsyon sou sit Sisconare sou lyen sa a (sisconare.mj.gov.br) epi, nan moman ou fin ranpli pou fè demand ou an, ou kapab mete tout fanmiy ou dirèkteman nan fòmilè a.  

Raple ou: nenpòt lè ou ale nan Polis Federal, ou kapab rantre sou sit la epi chanje tip de demand ou a, nan fason sa a ou kA chanje nenpòt enfòmasyon epi mete fanmiy ou.  

Mwen deja fè demand lan, men mwen poko enskri sou sit SISCONARE a.

Nan ka sa a, lè w’ap enskri pou fè demand lan sou sit Sisconare (sisconare.mj.gov.br), ou ka mete tout fanmiy ou. Nan moman w’ap mete yo, mete nimero pwotokòl demann azil yo a lè sistèm nan mande nimero pwotokòl  refijye fanmiy yo. 

Mwen deja fè demand lan, epi mwen deja fè enskripsyon nan Sisconare oubyen mwen se refijye ki rekonèt  nan Conare.

Nan ka sa a, ranpli fòmilè sa a fòm aplikasyon pou ekstansyon efè estati refijye e w’ap bay li nan Polis Federal ansanm avèk fanmiy ou. Li pa nesesè pou pran randevou.    

Si ou bezwen èd UNHCR, ou byen lòt òganizasyon ki pre ou rantre sou lyen sa a pou ou jwenn lis k’ap travay an patenarya avèk UNHCR. Klike la a pou jwenn aksè nan lis òganizasyon yo.


Konvèsyon demann azil an ekstansyon

Si ou bezwen chanje demand azil a ou nan yon lòt dimansyon, li nesesè pou ou chanje estati refijye ou. Fanmiy ki deja rekonèt kòm moun ki gen azil nan Conare dwe Dakò demand lan.  

1e etap – ranpli epi ale enprime aprè sa a siyen e w’ap digitalize fòmilè a, konsa tou ou ka fè yon foto ki byen klè. Fè demand lan sou lyen sa a. Demann pou Konvèsyon Demann Azil an Ekstansyon, lyen sa a se pou granmoun yo, ou byen fè demand sou lyen sa a Demann pou Konvèsyon Demann Azil an Ekstansyon, nan ka pou timoun ou byen adolesan ki gen mwens ke 18 ane. 

Enpòtan: Ni moun ki fè damand pou chanje estati li a, ansanm ak moun ki gen damand prinsipal  la, tou 2 dwe siyen fòmilè a. 

2e etap – fè demann kòm itilizatè nan sit SEI, swiv enstriksyon yo nan manyèl ki disponib soul yen sa a lyen

3e etap – nan bò goch la kote ki genyen “Petisyon”, W’AP chwazi opsyon “adisyone, oubyen “Anekse. 

4e etap – nan nimewo pwosè a, ekri nimewo pwotokòl refijye prensipal la, oubyen pwotokòl refiye ki gen pou chanje estati li a, an swit w’ap klike nan “valide”. 

5e etap – apre ou fin klike nan “Valide”, Sistèm SEI la ranpli kote ki genyen “TIP” (TIPO), nan enfòmasyon “migrasyon: Demand azil”. Klike nan “adisyone”  

6e etap – an swit, ale nan opsyon, “chwazi dokiman”, seleksyone fòmilè ou te ranpli ki gen tout enfòmasyon ou yo epi siyen. 

7e etap – Nan tip “dokiman”, chwazi “fòmilè” epi kote ki genyen “Konplete tip dokiman an” “complemento do tipo de documento”, w’ap mete “KONVÈSYON”. 

8e etap – nan fòma sa a w’ap chwazi  “fèt-dijital”.

9e etap – an swit w’ap klike nan “adisyone”.

10e etap – Apre w’ap mete fómilè a, epi klike sou “Petisyone”.

Aprè pwosesis sa a, demand ou a prale nan analiz nan Kowòdonatè Jeneral nan Conare. 

Si ou bezwen sipò ou ka rantre an kontak sou imèl sa a [email protected] oubyen nan nimewo telefòn (61) 2025 9734 

 

Si ou bezwen èd UNHCR, oubyen lòt òganizasyon ki pre ou rantre sou lyen sa a pou ou jwenn lis k’ap travay an patenarya avèk UNHCR. Klike la a pou jwenn aksè ak lis òganizasyon yo.