Rete atantif lè genyen mizajou ki fèt nan demand ou an pou rekonèt kondisyon refijye ou!
Si ou pèdi yon dat (randevou), ou pa reponn yon notifikasyon nan pwosesis ou a, ou byen ou pa konpli kelke règ, demand ou a kapab:
- Achive/Klasifye: Nan ka sa a damand ou a paralize pou yon ti bout tan (li pa nan lis moun ki fè demand yo, li pa nan analiz) ou p’ap ka renouvle pwotokòl refijye ou a.
Sa a rive se lè moun ki fè demand lan pa ale fè antrevi, lè ou vwayaje nan lòt peyi san ou pa kominike komite nasyonal refijye a – (CONARE) ou, oubyen ou kominke yo, ou rete andeyò Brasil pou plis 90 jou!
- Eliminasyon: Nan ka sa a demand ou an elimine totalman, san ke pa gen okenn fondman pou demand rekonesans kondisyon refijye ou.
Sa a rive se lè moun ki fè demand la pa ale renouvle pwotokòl li te fè demand pou rekonèt kondisyon refijye li aprè 6 mwa dat ekspirasyon pwotokòl la, viv plis ke 2 ane andeyò Brezil ou byen lè ou gn yon lòt tip rezidans (akèy imanitè, peyi ki gen fontyè yo, regroupman pou fanmi, peyi Sid yo).



Kisa mwen dwe fè pou demand mwen an pa elimine ou achive/klasifye
Premyeman, toujou aktyalize pwotokòl ou (n’ap montre w’ sa pi devan)! Menm lè ou genyen dokiman pwovizwa Rejis Nasyonal Migrasyon (sa yo rele Rezidans lan) (yon ti kat rouj), li nesesè pou rete atantif avèk dat validasyon pwotokòl ou e renouvle chak ane!
Anplis de sa, raple w’ pou ou konsilte pwosesis la nan SISCONARE pou ou wè nan ki nivo li ye, e toujou veye mesaj yo!
Atansyon:
Prensipal fòm kominikasyon Gouvènman Brezilyen an avèk moun ki fè demand pou rekonesans kondisyon refijye yo se atravè SISCONARE.
Raple ou toujou konsilte (verifye) imèl ou te anrejistre a nan lè ou tap fè pwosesis la! Anpil pridans.
Kòman mwen ka Renouvle Pwotokòl mwen an?
Si ou deja fè enskripsyon sou sistèm SISCONARE a, ou kapab renouvle pwotokòl refijye ou a dirèkteman nan Polis Federal. Ou p’ap bezwen fè anyen sou sit SISCONARE a ankò, ou byen fè yon lòt enskripsyon chak ane!
Men fè anpil atansyon: nan kelke komisarya, Polis Federal resevwa moun sèlman ki pran redevou. Konsilte komisarya avan ou ale, nou rekòmande ou pase nan Polis Federal 1 mwa avan!
Si ou pat janm Anrejistre sou site SISCONARE a, li enpòtan avan ou fè yon lòt demand pou refijye sou site la ale nan Polis Federal pou ou ka jwenn yon nouvo pwotokòl kòm refijye.
Kòman pou rantre sou sit SISCONARE a?
Ou ka kreye yon mod pas atravè yon:
- imèl ou te anrejistre a;
- nimero pwotokól refijye ou a;
- nimero idantifikasyon ou genyen Brezil la (li rele CPF nan lang pòtigè a).
OBS.: li toujou enpòtan pou ou genyen mod pas la.
Aprè ou fin kreye mod pas la, ale sou sit SISCONARE, klike nan opsyon ki make “DEMAND“.
Rete veyatif mesaj ki parèt la kote ki di nivo pwosesis la “andamento do Processo”. Kote sa w’ap kapab wè si demand ou a te ACHIVE/KLASIFYE ou byen ELEMINE.
Si mesaj ki parèt pou ou a endike ou “TANN RENDEVOU”, sa sinifi poko genyen desizyon ki pran e ou dwe tann pou yon ti tan toujou. Nenpòt moman yo ka rele ou pou entrevi, ou byen yo ka notifye ou pou yon desizyon. Poutèt sa toujou verifye sou sit SISCONARE souvan pou ka veirfye si yo kite mesaj.
Kote ki make “AKSYON”, ou kapab klike tou kote ki make “DETAY SOU SOU PWOSESIS / DETALHAR ANDAMENTO DO PROCESSO”, ou byen kote ki make “VIZYALIZE” pou ou rantre kote ki make “ISTORIK NOTIFIKASYON”, download/telechaje desizyon an.
- Desizyon ki pran!
An plis de sa, yon lòt desizyon te kapab deja pran, ou pat menm konnen. Sa sinifi demand pou rekonesans kondisyon refijye kapab REKONÈT ou byen yo REJTE li.
Swiv menm posesis la aprè ou mete mod pas ou sou sit SISCONARE a epi klike nan MONTRE ANÉKS pou ou ka jwenn aksè ak NOTIFIKASYON yo pou rekonèt ou rejte pwotokòl refijye ou.
Kòman ou kapab rekipere aksè ak SISCONARE si ou pèdi li?
Si ou bliye mod pas ou, ou kapab rekipere aksè ou nan plizyè fason.
(1) W’ap itilize menm imèl ou te anrejistre a
Nan menm paj SISCONARE a nan kòmansman, w’ap klike kote ki make “mwen bliye non itilizatè ou byen mod pas”. Yon nouvo fenèt ap parèt pou rekipere mod pas la, e w’ap kapab ranpli kote yo avèk imèl prensipal ou te anrejistre a epi w’ap klike nan bouton ki make “Konfime”. Aprè sa, y’ap voye yon mesaj pou rekipere mod pas la sou imèl prensipal ou te anrejistre a.
Sèlman klike nan mesaj ou resevwa ale sou “chanje mod pas pou SISCONARE”, pou yo ka direksyone ou nan pati definitf pou nouvo mod pas Sisconare.
(2) Si imèl ou te anrejistre a pèdi
Nan menm sit SISCONARE, klike nan mesaj “mwen bliye non itilizatè ou byen mod pas. Yon lòt fenèt ap ouvri w’ap seleksyone “mwen pa genyen aksè avèk imèl prensipal la”
Ranpli tout kote yo mande w’ yo sou sistèm nan, avèk tout enfòmasyon yo jan yo ye lè ou t’ap fè anrejistreman an depi nan kòmansman sou sistèm nan.
Aprè ou fin mete tout infòmasyon yo korèkteman, ap parèt sou ekran an y’ap mande w’ pou ou anrejistre yon nouvo imèl prensipal.
Epi w’ap klike nan “konfime”, ou kapab fè pwosesis pou ou rekipere mod pas sou imèl ou.
(3) Lòt mwayen/fason
Li posib tou pou ou voye mesaj sou imèl [email protected] pou ou mande sipò pou reaktive enskripsyon ou.
Si ou ta gen dout, chèche jwenn avèk Polis Federal ou byen yon òganizasyon ki sosyete sivil ki nan zòn kote w’ rete a. rantre sou lyen sa a pou jwen plis detay. Lapolis Federal oswa òganizasyon sosyete sivil ki pi pre a.
Kisa mwen ka fè si demand mwen achive/klasifye ou elimine?
Si demand pou rekonèt kondisyon refijye ou a achive/klasifye, ou kapab mande pou yo reaktive demand lan nan CONARE. Ou dwe ranpli yon fòmilè. Rantre sou lyen sa pou ou ranpli li, Fòmilè e reyalize demand la an liy sou sistèm sa a kise SEI!
Rantre sou lyen sa a la a w’ap jwenn tout detay ou byen pou mande sipò avèk kelke òganizasyon ki se patnè avèk UNHCR. Pou pi pre ou klike soul yen sa a w’ap jwen òganizasyon ki pi pre ou. (men lis òganizasyon yo).
Si yo elimine demand ou a, li posib pou fè yon nouvo demand pou rekonèt kondisyon refijye ou sou sit SISCONARE a.
Si ou genyen dout ekri sou imèl sa a [email protected] ou kapab eklèsi anpil sitiyasyon an ou byen èd w’ap mande nan kelke òganizasyon ki travay an patenarya avèk UNHCR.