Enstitisyon Piblik yo

La a w’ap jwenn enstitisyon piblik, gouvènman ak eta ki ka ofri èd. Enstitisyon yo ka varye selon rejyon kote yo ye a. Pou plis detay, klike la / clique aqui epi ou ap jwenn aksè gratis nan pòtal ki rasanble epi òganize enfòmasyon sou disponiblite sèvis, ekipman piblik ak pwogram sosyal yo idantifye nan minisipalite/komin, mikwo-rejyon ak eta nan peyi a.


Polis Federal

➡️ Sèvis Enpòtan: 

➡️ Idantifye sitiyasyon w’ lan epi pran yon randevou nan Polis Federal: 

Klike la a / Clique aqui epi chache katye jeneral Lapolis Federal ki pi pre w’ la a. 


CONARE

CONARE se komite gouvènman an ki responsab pou revize ak deside tout demand azil nan Brezil. Se li menm tou ki genyen otorite pou defini politik refijye nan peyi a. 

Katye jeneral CONARE sitiye Brasília, nan Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la, gen biwo São Paulo (SP), Campinas (SP) ak Rio de Janeiro (RJ): 

Brasília/Distrito(Distri) Federal
📍 Adrès: Esplanada dos Ministérios, Bloco T, Anexo II, térreo. CEP: 70064-900 – Brasília, DF.
⏱️ 
Sèvis: pagen sèvis prezansyèl.
📩  
Email: [email protected] 

 São Paulo/São Paulo
📍 
Adrès: Avenida Rio Branco, 285 – Térreo, Centro. CEP: 01205-902 – São Paulo – SP. Próximo às estações do metrô República (linhas vermelha e amarela) e Luz (linhas azul e amarela) / (Tou pre estasyon tren Repiblik la (liy wouj ak jòn) ak Limyè (liy ble ak jòn)).
⏱️ 
Sèvis: Soti lendi pou rive vandredi, 10h a 12h epi 14h às 15h30. Si ou vle akselere sèvis ou a, ranpli fòm lan, la a https://ee.humanitarianresponse.info/x/Hpo6xh3J.
Jou biwo a ap fèmen an 2023: Anivèsè vil São Paulo: Mèkredi – 25/01/2023; Kanaval: lendi, madi a mèkredi – 20, 21 e 22/02/2023; Semèn Sent: mèkredi, jedi ak vandredi – 05, 06 e 07/04/2023; Jou Tiradentes: vandredi 21/04/2023; Fèt Travayè: lendi 01/05/2023; Kò di Kris: jedi ak vandredi 08 e 09/06/2023; Enstalasyon Jwèt Jiridik: vandredi 11/08/2023; Endepandans Brasil: jedi ak vandredi 07 e 08/09/2023; Fèt Nossa Senhora Aparecida: jedi vandredi 12 e 13/12/2023; Fèt dè Mò: mèkredi 01/11/2023; Latousen: jedi ak avndredi 02 e 03/11/2023; Proklamasyon Repiblik la: mèkredi 15/11/2023; Jounen Konsyans Nwa: lendi 20/11/2023; Jounen jistis: vandredi 08/12/2023; vakans fen ane a: 20 (mèkredi) a 31/12/2023.
📩  Email: [email protected] 

Campinas/São Paulo
📍 
Adrès: Av. Francisco Glicério, 1269, 5º andar, Centro. CEP: 13025-004 – Campinas, SP.
⏱️ 
Sèvis: p’ap gen sèvis.
📩  
Email: [email protected] 

Rio de Janeiro/Rio de Janeiro
📍 
Adrès: Rua Uruguaiana, 174, 20º andar. Edifício Metropolitan Center, Centro. CEP: 20050-092 –  Rio de Janeiro-RJ.
⏱️ 
Sèvis: Sèlman chak vandredi, 10h a 16h. Klike la / Clique aqui pou nou ka jwenn Kat ki pale de tout Sèvis yo.
📩 Email: [email protected] 

❗ Ppou plis enfòmansyon sou reyinyon familyal, rantre an kontak avèk CONARE nan email [email protected] 

❗ Pou enfòmasyon sou otorizasyon vwayaj ak kominikasyon, tanpri kontakte CONARE nan email [email protected] 

❗ Pou jwenn enfòmasyon pou pran randevou pou fè yon entèvyou, kontakte CONARE nan email [email protected] 

❗Pou jwenn enfòmasyon sou SISCONARE, kontakte CONARE nan email [email protected] 

❗  Pou jwenn enfòmasyon sou aksè ekstèn nan pwosesis la, kontakte CONARE nan email [email protected] 

Pou plis enfòmasyon, vizite sitwèb CONARE a nan: https://www.justica.gov.br/seus-direitos/refugio. 


Asistans Legal/Jiridik

Nan Brezil, Biwo Defansè Piblik la responsab pou bay asistans legal/jiridik a moun ki pa gen mwayen pou peye depans pou sa. Refijye ak moun k’ap chèche azil yo gen dwa tou pou yo resevwa èd nan Biwo Defansè Piblik yo. Biwo Defansè Piblik la prezan nan tout eta brezilyen yo ak nan pifò gwo vil yo; Li divize an Biwo Defansè Piblik Eta ak Biwo Defansè Piblik Inyon, li varye an fonksyon sijè yo dwe trete a: 

  • Biwo Defansè Piblik Federal (Inyon) / Defensoria Pública da União (DPU): pou mekontantman oswa kesyon konsènan aplikasyon w’ pou demand azil, dokiman, retrèt, dwa etranje nan Brezil oswa aksè a benefis sosyal, oubyen si ou se yon akize nan yon pwosedi kriminèl devan yon Tribinal Federal ki enplike, egzanp, fo paspò oswa dokiman idantifikasyon, oubyen nan pwosedi ekstradisyon oswa depòtasyon. 
  • Biwo Defansè Piblik Eta (Defensoria Pública do Estado – DPE): pou mekontantman oswa kesyon konsènan akomodasyon, lwaye, divòs, pansyon alimantè, gad timoun ak adolesan, pwobasyon, patènite oswa pwoblèm konpansasyon oswa si ou se yon akize nan yon pwosedi kriminèl devan yon Tribinal Eta nan ka omisid, atak, vòl, fwod, vyòl. , elatriye. 

Anplis Biwo Defansè Piblik la, nan kèk vil brezilyen gen sèvis asistans legal/jiridik ki espesyalize nan kesyon refijye ak moun ki ap chèche azil. La ou ap jwenn patnè UNHCR / ACNUR yo. 


Asistans Sosyal

Refijye ak moun ki ap chèche azil yo ka rantre nan plizyè pwogram sosyal gouvènman brezilyen an ofri. Anplis de sa, ou gen aksè tou a sipò nan men UNHCR/ACNUR ak patnè li yo. Anba a nou pral eksplike ki asistans ou ka resevwa nan Brezil, nan men gouvènman an epi nan men patnè UNHCR / ACNUR yo tou. 

Klike sou imaj ki anba a pou jwenn aksè nan ti liv la SUAS como usar.

 

CRAS – Centro de Referência de Assistência Social (Sant Referans Asistans Sosyal)

Li se yon inite piblik ki konsantre sou pwoblèm asistans sosyal. Li chèche evite sitiyasyon risk sosyal, kidonk, li sitiye nan rejyon ki gen pi gwo vilnerabilite ak objektif pou pote benefis nan kominote ki nan zòn sa yo. 

Se atravè sèvis ak pwojè ke CRAS rive sipòte fanmi sa yo, kòm egzanp, konferans, kanpay, evènman, anplis Sèvis Pwoteksyon ak Swen Fanmi konplè (PAIF) ak Sèvis Kozistans ak Ranfòsman Lyens (SCFV). CRAS se responsab tou pou fè enskripsyon Rejis Inik pou Pwogram Sosyal Gouvènman Federal (Cadastro único para Programas Sociais do Governo Federal). 

Pou jwenn plis enfòmasyon sou CRAS ak sa ki pi pre kay ou rete a, vizite  sit/site. 

CREAS – Centro de Referência Especializado de Assistência Social (Sant Referans Espesyalize nan Asistans Sosyal)

Sant Referans Asistans Sosyal Espesyalize (CREAS) se yon inite piblik ki okipe pwoblèm ki gen rapò ak asistans sosyal, ak konsantrasyon sou bay sipò/èd ak konsèy espesyalize pou moun ki nan yon sitiyasyon risk sosyal oswa ki gen dwa yo vyole. 

CREAS se referans nan bay sèvis asistans sosyal ak lòt sèvis piblik. Anplis de sa, li bay konsèy legal/jiridik, sipò fanmilyal, pami lòt ankò. 

Pou jwenn plis enfòmasyon ak ki kote CREAS ye nan vil oswa rejyon ou abite a, ale sou sit sa a / site. 

Lis Pwogram Sosyal Federal yo

  • Auxílio Brasil / Èd Brezil
    Èd sa a yo se pou fanmi ki gen yon revni chak mwa ki rive jiska R$ 210.00 pou chak moun. Pou gen aksè ak li, fanmi yo dwe anrejistre nan Rejis Inik (Cadastro Único) pou Pwogram Sosyal sa a oswa CadUnico.
    Ou ap jwenn plis enfòmasyon nan Sant Referans Asistans Sosyal (CRAS) ki pi pre  kay ou a oswa klike la a. clicando aqui. Não veio o link. 
  • Casa Verde e Amarela (Kay vèt ak jòn)
    Pwogram sa a se yon kondisyon finansman espesyal pou lojman nan zòn iben pou fanmi ki gen yon revni fanmi brit chak mwa ki rive jiska R$ 8,000.00.
    Pou plis enfòmasyon ale nan yon ajans Caixa ou clicando aqui. Não veio o link. 
  • Aluguel Social / Lwaye Sosyal
    Pwogram nan ofri yon montan chak mwa pou fanmi ki gen revni fèb pou peye lwaye. “Lwaye Sosyal” pa menm jan nan tout vil yo, epi li ka pa disponib nan vil ou rete a.
    Ale nan CRAS ki pi pre a pou plis enfòmasyon sou pwogram sa a. 
  • Projovem / Poujèn
    Jèn adilt ki gen laj 18 a 29 lane ki konn li epi ki ta renmen fini etid primè ka resevwa èd chak mwa pou fini etid yo.
    Ale nan CRAS ki pi pre lakay ou a pou plis enfòmasyon oswa klike la. Não veio o link.  
  • Tarifa Social de Energia Elétrica / Tarif Elektrisite Sosyal
    Benefis sa a bay yon rabè sou bòdwo elektrisite pou fanmi ki gen fèb revni. 
    Pou konnen plis antre sou lyen sa a. (https://www.gov.br/cidadania/pt-br/acoes-e-programas/assistencia-social/beneficios-assistenciais/tarifa-social-de-energia) 

Kòman pou aplike pou pwogram sosyal sa yo?

Pou w’ ka enskri nan pwogram sosyal ki mansyone pi wo yo, ou dwe anrejistre nan Rejis Inik pou Pwogram Sosyal (CadÚnico). Pou fè sa, ale nan CRAS. 


Sekirite

Sitiyasyon sekirite piblik nan peyi Brezil pou evite viktim atak ak vòl, sitou nan pi gwo vil yo mande pou adopte kèk mezi sekiritè. Si ta w’ fè fas ak nenpòt risk, rele 190 (se yon nimewo gratis pou si ou gen ijans) oswa ou ka ale nan komisarya ki pi pre a. 

An jeneral, nou rekòmande pou ou toujou rete vijilan epi evite sitiyasyon ki riske. Si w’ viktim yon vòl, pa reziste kont agresè a epi toujou bay nenpòt bagay ke yo ta mande w’. 

Ki kote pou ale chèche sipò lapolis? 

Brezil gen diferan kalite inite/otorite lapolis. Li enpòtan pou w’ konnen chak inite/kalite yo pou w’ ka ale kote ou bezwen an si tout w’ ta bezwen èd. Ou dwe konnen ke pifò sèvis eta ak minisipal/kominal yo sèlman pale pòtigè. 

Komisarya Fanm yo / Delegacia da Mulher

Komisarya polis ki espesyalize nan anrejistreman ak envestigasyon krim vyolans sou fanm. Yo reailize tou egzamen legal. Gen kèk vil ki gen Sant Referans pou Fanm ki gen lojman, sipò sikolojik ak sosyal, ak konsèy legal/jiridik pou fanm ki nan sitiyasyon vyolans (mulheres em situação de violência). Ou ka rele liy dirèk gratis 24h/24h (nan nº 180) pou asistans oswa konsilte lis enstitisyon enpòtan yo sou sitwèb Sekretarya Politik pou Fanm yo (site da Secretaria de Políticas para Mulheres). 

Lapolis sivil

Li prensipalman envestige krim ki fèt nan yon eta. Pafwa, polisye sa yo konn pa mete/itilize inifòm. 

Sèvis enpòtan: 

  • Yo fè yon Rapò Lapolis an pòtigè ki rele (Boletim de Ocorrência – BO) oswa yon Rapò Ensidan (Registro de Ocorrência – RO) si ou te viktim yon krim, oubyen yo te vòlè ou oswa ou te pèdi dokiman ou yo; 
  • Se nan enstans sa a ou ka mande yon achiv kriminèl (kazye jidisyè) pou konnen sitiyasyon ou nan sistèm brezilyen jidisyè an. 

 Nan ka atak, vòl oswa pèt dokiman, ou kapab: 

  • Ale sou sitwèb Lapolis Sivil nan eta w’ap viv la; 
  • Ale nan Komisarya Polis Sivil ki pi pre ou a;
  • Rele nan nimewo ijans Lapolis Militè a ki se (190);
  • Chèche asistans nan men Gad Minisipal la. 

Polis Militè

Li gen devwa pou fè patwouy epi anpeche krim. Yo kapab tou arete moun epi kontwole trafik/sikilasyon/transpò. Yo itilize inifòm, selon eta kote yo ye a koulè ak fòm inifòm yo konn diferant. 

Sèvis Enpòtan: 

  • Sant/Santral Ijans: rele 190 pou ijans ki gen rapò ak krim (vòl, atak, agresyon ak lòt tip vyolans). 

Gad Minisipal / Gad Sivil Metwopoliten

Otorite minisipal ki bay sekirite piblik nan vil la. Fonksyon prensipal li se pwoteje byen/machandiz, sèvis ak enstalasyon, sipòte lòt inite (kalite) polis. Yo itilize inifòm ki varye nan koulè ak fòm selon vil y’ap travay la. 

Sèvis Enpòtan: 

  • Ou ka chèche èd nan men Gad Minisipal ki pre w’ la si ou ta nan yon sitiyasyon sekirite ijan epi ou bezwen èd.