Devwa refijye yo ak moun k’ap mande azil yo 

Li enpòtan pou ou konnen ke refijye, demandan azil yo ak imigran yo genyen menm devwa ak nenpòt lòt moun ki gen nasyonalite brezilyen. Se poutèt sa, yo dwe:

  • Respekte tout lwa brezilyen yo. 
  • Respekte tout moun kèlkeswa laj, nasyonalite, sèks, oryantasyon seksyèl, opinyon politik, etnisite, koulè po, epi òganizasyon ak enstitisyon piblik ak prive.
  • Renouvle dokiman idantifikasyon w’ nan Delegasi Polis Federal.
  • Enfòme adrès ou, telefòn ak imel/email ou nan CONARE ak nan Polis Federal, toujou genyen done ou yo aktyalize.
  • Rete nan peyi a pandan tout pwosesis rekonesans estati refijye a. Si w’ ta gen yon ijans epi w’ bezwen kite peyi a pandan peryòd sa a, klike la. Si w’ retounen nan peyi orijin ou, sa ka gen enpak negatif sou estati w’, tankou anilasyon aplikasyon w’ ak pèt estati refijye a.