Nan Brezil, vyolans domestik oubyen familyal kont fanm gen pinisyon daprè yon lwa ki se “Lei Maria da Penha”, no 11.340/2006. Lwa sa a pini tout zak vyolans fizik, sikolojik, seksyèl, patrimwàn/eritaj epi moral kont tout fanm, nenpòt laj fi a ta genyen. Lwa bay garanti pou pwoteje tout fanmiy ki viktim de vyolans domestik, pou jwenn mwayen pou pwoteksyon ijans pou li kapab jwenn swen, asistans, pwoteksyon e kote pou li rete si sa nesesè.
Mari mwen agresif anpil avèk mwen. Mwen soufri menas fizik, sikolojik, seksyèl epi moral Trè souvan. kisa mwen dwe fè?
Pote plent nan yon Tribinal (Delegacia) pou li. Genyen anpil Tribinal ki espesyalize yo pou resevwa fanm, Polisye sa yo, se moun ki pwofesyonèl yo ye, yo gen fòmasyon pou resevwa tout fanm ki viktim vyolans. Sepandan, li posib pou denonse nan nenpòt Tribinal oubyen, Biwo Defansè Piblik. Aprè ou fin anrejistre plent lan, ou dwe enfòme lapolis ou bezwen pwoteksyon ki nesesè epi si ou enterese ou kapab tou ouvè pwosè kriminèl kont agresè a (moun ki fè aksyon an ou ou a). Fè videyo, anrejistre vwa/odyo, oubyen kèlke foto ap ede ou anpil nan pwosè w’ la. Jiz la gen 48h pou li aplike tout mezi ki pou pwoteje w’.
Ou kapab denonse tout ka Vyolans domestik nan santral ki resevwa fanmi viktim yo nan nimero 180. Denonsyasyon/plent lan kapab sekrè/anomim sa vle di ou mèt pale san kè sote paske yo p’ap konnen moun ki ap pale a epi li gratis, yo disponib 24/24 pandan 7 jou nan semèn nan, nan tout Brezil.
Nimewo pou ou jwenn asistans.
- 180: Santral ki resevwa fanm (Central de Atendimento à Mulher) – apèl yo gratis, yo ofri sèvis ak fanm ki viktim e bay yo sipò. Yo fonksyone tout jou 24/24;
- 181: Liy pou ka fè denons/pote plent;
- 190: Polis Militè (Nasyonal)
- 100: nimewo dwa moun. An plis de nimewo sa a, li posib pou ou anrejistre denons/plent lan sou sit yo dirèk sou lyen sa a, ranpli fòmilè a.
- Pou ou konnen nan ki tribinal ki pi pre ou, li enpòtan pou verifye sou sit wèb tribinal ki nan ETA kote w’ap viv la.
- Tribinal espesyalize a, se yon espas ki genyen anpil kalite sèvis espesyalize ladan li ki resevwa fanmiy ki viktim de zak vyolans. Ou kapab konsilte sit Tribinal nan vil kote w’ap viv la.
Lis Sant referans pou fanm nan Brezil, rantre sou lyen sa a
Klike la a w’ap jwenn sant/biwo yo.