Aktivite bankè
emandè dazil yo ak refijye yo kapab ouvè kont labank. Pwotokòl Refijye, oubyen Dokiman Enskripsyon Migrasyon Nasyonal Pwovizwa (DPRNM) onswa Kat Enskripsyon Migrasyon Nasyonal (CRNM) ou valide nan peyi a. Dwa moun sa yo garanti selon Lwa 13.445/2017 – Lwa Migrasyon
Anplis de CRNM onswa DPRNM, w’ap bezwen pou ou prezante CPF epi yon deklarasyon pou ou di kote ou rete. Li kapab yon papye kouran kote ou rete a oubyen papye entènèt oubyen papye dlo tou.
Atansyon: si ou pa genyen deklarasyon pou ou di ki kote ou rete, mande pwopryetè kay la pou li deklare ou rete nan kay li.
HCR, Bank Santral, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik lanse yon livrè ki gen enfòmasyon sou finans pou refijye ak imigran, pou konprann kòman sistèm Finans Nasyonal la fonksyone epi pou yo ka ouvri kont Bankè. W’ap jwenn livrè a nan plizyè lang. Rantre sou lyen sa a pou ou jwenn li nan lang ou vle a pòtigè, espanyòl, anglè, arab oubyen fransè.
Demandè dazil gen dwa pou ouvè kont bankè. Kidonk, gen kèk bank ki pa konnen dwa ou genyen yo. Si ou ta pase nan yon sityasyon konsa, kontakte Biwo Defansè Piblik Federal (DPU) oubyen kèk lòt òganizasyon ki se patnè avèk HCR.
Jeneralman bank yo pran kòb nan men kliyan yo kòm frè pou ouvè yon kont pou itilizatè yo. Kidonk, daprè yon rezolisyon 3.919/2010, bank yo vin genyen obligasyon pou ouvri kont san yo pa pran lajan kòm frè, ki gen pou objektif bay sèvis bazik. Pou plis enfòmasyon konsènan sèvis yo, rantre an kontak ak ajans bank kote ou ouvri kont bankè ou a.
Si ou sispèk bank kote ou ouvè kont lan pran yon frè yo pa dwe pran, chèche jwenn Biwo Defansè Piblik Federal (DPU) oubyen kèk lòt òganizasyon ki se patnè avèk HCR.
Nan Brezil gen anpil bank ki espesyalize yo ak biwo echanj ki bay sèvis pou voye lajan nan anpil lòt peyi. Anpil nan yo konpayi sa yo aksepte tankou: paspò, CRNM oubyen DPRNM. Frè yo pran an kapab chanje selon kantite kòb w’ap voye e sa pral depan nan ki konpayi ou chwazi. Fè yon rechèch avan ou chwazi nan ki biwo ou prale.