Kijan pou ou chèche azil 

Daprè Lwa brezilyen an, refijye se tout moun ki kite peyi yo akoz yo gen krent jistifye pou yo pèsekite yo poutèt ras, relijyon, nasyonalite, gwoup sosyal oswa opinyon politik yo, oswa poutèt gen vyolasyon grav ak jeneralize dwa moun nan peyi orijin yo. Si ou gen laperèz pou w retounen nan peyi w oswa nan peyi ou t ap viv anvan an akòz vyolans, pèsekisyon oswa lagè, oswa si ou menase pou w vin viktim yon domaj grav nan peyi sa, ou ka aplike pou azil. Pou yon moun ka rekonèt kòm refijye, li nesesè pou li fè demann azil. 

Komisyon Nasyonal pou Refijye yo (CONARE) se otorite nan gouvènman brezilyen an ki responsab pou rekonèt ofisyèlman moun kòm refijye. Yo sèlman konsidere yon moun kòm refijye apre CONARE fin evalye aplikasyon li a epi ba li yon papye ki rekonèt estati sa a. Demandè azil gen dwa pou resevwa yon dokiman idantite (Pwotokòl Refij ak DPRNM), dwa pou travay fòmèl (Kat Travay), ak lòt dokiman enpòtan. Yo gen dwa rete nan peyi a jiskaske gen yon desizyon final sou dosye yo. 

Anba a ou pral jwenn enfòmasyon. 

Remake byen: UNHCR Brezil pa bay asistans materyèl pou moun ki vle kite peyi orijin yo, epi li pa kapab ede nan evakyasyon yo.