Rapòte move konduit, fwòd, eksplwatasyon seksyèl ak abi 

ACNUR toujou kreye yon anviwònman ki gen konfyans ak respè, asire ke refijye yo ak demandè azil yo santi yo an sekirite, yo tande yo, epi yo jwenn mwayen pou yo pale pou tèt yo ak pou lòt moun. Li pran mezi ki fò ak vizib pou elimine move konpòtman, eksplwatasyon, ak abi seksyèl pa travayè Nasyonzini (ONU) yo. 

Nenpòt moun ki gen preokipasyon oswa sispèk sou yon move konduit, eksplwatasyon, oswa abi seksyèl pa yon fonksyonè ACNUR, tankou yon fonksyonè Nasyonzini (ONU), oswa yon fonksyonè ki gen rapò ak ONU (egzanp: moun ki nan òganizasyon ki se patnè avèk ACNUR), kèlkeswa pozisyon moun nan, dwe rapòte preokipasyon yo. 

Gade anba a pou plis enfòmasyon, tankou rapò konfidansyèl ensidan yo. Depoze yon plent pa pral gen okenn enpak sou dosye ou nan ACNUR, epi plent yo ka fèt san ou pa bay non w ak rete estrikteman konfidansyèl. 


Kisa movèz kondwit la ye?

Nasyonzini defini yon move konduit kòm “tout mankman yon staf anvè devwa li yo ki anba Stati Nasyonzini, Règleman ak Prensip pou Staf yo, oswa lòt dokiman administratif, oswa pou obsève estanda konduit ke yo atann de yon fonksyonè sivil entènasyonal”. 

Move konduit posib yo ka enkli:

  • Eksplwatasyon seksyèl ak abi seksyèl sou moun ke n ap sèvi yo;
  • Fwod (sa vle di falsifye dokiman);
  • Kòripsyon (sa vle di pran lajan nan men refijye yo ak lòt moun);
  • Vòl ak detounman (sa vle di vòlè materyèl ak lajan);
  • Arasman;
  • Atak oswa menas sou lòt mouz;
  • Aksyon oswa konpòtman ki ta kapab avili UNHCR;
  • Manke respè pou lwa lokal yo.

Manm staf ACNUR yo ak ONG ki patnè li yo pa dwe:

  • Gen rapò seksyèl ak pèsonn pou lajan, pou travay, pou tretman paspouki, pou byen oswa sèvis yo;
  • Gen rapò seksyèl ak pèsonn ki gen pi piti ke 18 an;
  • Gen rapò seksyèl ak pèsonn refijye yo ak demandè azil;
  • Antre nan okenn fòm konpòtman ki imilye moun seksyèlman, ki degradan oswa ki eksplwate moun. 

UNHCR pran yon apwòch zewo tolerans pou pwoblèm move konduit, fwod, eksplwatasyon seksyèl ak abi.

Ou kapab pote plent nan biwo UNHCR oubyen ONG ki patnè li nenpòt kote.

Kesyon sekirite ou toujou ap yon priyorite. Plent yo ka fèt san ou pa bay non w.

Rapò ou a ak tout enfòmasyon ou bay UNHCR ap rete estrikteman konfidansyèl. 

N’ap fè envestigasyo yo yon fason endepandan e konfyab, e pran tout desizyon ki posib pou nou evite aksyon sa yo.  


Kisa ki eksplwatasyon ak abi seksyèl?

Eksplwatasyon ak abi seksyèl la se yon abi reyèl oubyen yon tantativ pou abize de yon pozisyon vilnerabilite yon lòt, de pouvwa dominan sou li, oubyen de konfyans yon lòt fè ou nan yon bi seksyèl, ak yon refijye, you demandè azil ou byen imigran.  

Eksplorasyon seksyèl se yon ofri lajan, lojman oswa abri, manje oubyen lòt bagay oubyen sèvis avèk nenpòt moun ki nan yon pozisyon vilnerabilite pou fè yon aksyon seksyèl. 

Abi seksyèl se yon aksyon seksyèl reyèl oubyen yon menas aksyon seksyèl ki fèt pa lafòs oubyen nan yon kondisyon ki pa egal pou tou de moun yo, oubyen ki fòse.


Kòman pou rekonèt yon moun ki viktim eksplorasyon oubyen abi seksyèl?

Ou menm ou byen yon moun ou ka rekonèt: 

  • Yo fòse l’ oubyen mande li fè sèks oubyen fè yon bagay nan kontèks seksyèl pou li jwenn asistans, manje, kote pou li rete, lajan ou byen nenpòt lòt bagay kòm èd?
  • Eske moun ki nan UNHCR fòse li oubyen kèk òganizasyon ki se patnè ak UNHCR mande fè sèks ou byen lòt bagay?
  • Eske yon moun ki nan UNHCR menase li pou rantre nan relasyon seksyèl ak li?
  • Eske ou konnen, ou byen yon moun ki gen mwens ke 18 lane jwenn envitasyon pou kesyon relasyon seksyèl yonn nan moun k’ap travay nan UNHCR oubyen patnè li yo? 

Si ou reponn wi pou yonn nan kesyon anlè yo, ou menm oubyen moun ou rekonèt la kapab yon viktim de eksplorasyon oubyen abi seksyèl. Ou dwe denonse aksyon sa yo!!

Lè w’ap eksplike, bay tout enfòmasyon sou ensidan ki te pase a, bay moun ki komèt ak la, kote e lè sa te rive. Toujou bay tout ti detay ki posib pou moun ki ap resevwa plent lan ka fè ou jwenn jistis pi byen e pi rapid. 


Denonse abi ak eksplorasyon seksyèl bay staf UNHCR yo ak ONG ki patnè li

  • Ou gen tout dwa ou pou fè reklamasyon oubyen denonse de fason pèsonèl, anonym;
  • Ou kapab kontakte yon moun ou fè konfyans nan ACNUR, oubyen yon ONG ki patnè li yo pou fè yon denonsyasyon pou move kondwit, eksplorasyon seksyèl oubyen abi seksyèl kont yon staf ACNUR oubyen yonn patnè li yo;
  • Rapòte dirèkteman sou imèl sa a [email protected] pou ou eksplike sa ki te pase ou a oubyen yon pwòch ou;
  • Rapòte nan yonn bwat reklasyon nan biwo  ACNUR lan oubyen nan ONG ki partnè li;
  • Rapòte dirèkteman nan Biwo Enspektè Jeneral la (IGO) nan Jenèv (Swis) sou
    imèl konfidansyèl sa a:
    [email protected]
    pa pakse: (+41 22) 739 7380
    pa
    fòmilè pent sou entènèt.

Enpòtan:

  • Rapò ou a ak tout enfòmasyon rete estrikteman KONFIDANSYÈL.
  • Lè w fè rapò ou a, sekirite w ap toujou konsidere.
  • Rapòte yon ensidan oswa leve preokipasyon PA PRAL ANPECHE w resevwa asistans ak sipò e sa p’ap enplike nan sèvis w’ap jwenn yo.
  • Moun ou rapòte a, oswa nenpòt moun ki resevwa rapò a, ap kapab konseye w epi ede w ak nenpòt bezwen imedya pou sekirite, pwoteksyon, sante ak konsèy legal. Asire w ke ou kite enfòmasyon kontak ou.
  • Si nan envestigasyon yo jwenn bagay ki konkrè, yo pral pran mezi disiplinè grav kont moun ki fè abi a.