
Èske ou vle konnen verite ki genyen nan travèse Darién?
Genyen yon paj TikTok ak Facebook ki rele “Confía en el Tucán” (Kwè nan Tukan) ke UNHCR te kreye nan objektif pou konbat movè enfòmasyon sou Forè Darién lan.
Kwè nan Tukan se yon kanal kominikasyon ak enfòmasyon ki an sekirite ak serye sou risk ki gen pou wè ak travèse forè a iregilyèman. Anplis de sa, li pèmèt itilizatè yo patisipe nan reponn kesyon ak kòmantè.
Vwayaj nan forè Darién lan trè danjere e li ka mete lavi moun yo nan gwo danje. Paj nan pwojè “Kwè nan Tukan” yo chèche enfòme sou risk ki asosye ak travèse iregilye epi ankouraje yon pwosesis pou pran desizyon ki baze sou prèv.
Lè ou chwazi travèse Darién, ou ekspoze tèt ou ak pwen sa yo ki anba a:
– Gwo chans pou blese grav akòz tèren yo ki danjere epi difisil.
– Maladi ke moustik bay, tankou malarya, lafyèv jòn ak lafyèv denge/deng.
– Posiblite pou rankontre gwoup ame.
– Risk pou soufri abi seksyèl ak lòt kalite vyolans.
– Kondisyon metewolojik ekstrèm tankou gwo lapli ak tanperati ki wo anpil. Klike la epi vizite paj sa yo: “Kwè nan Tukan” sou TikTok ak Facebook pou jwenn enfòmasyon ki vrè ak aktyalize sou Fforè Darién lan!