Dwa demandè dazil yo ak refijye yo
Nou fokis sou moun ke demandè dazil yo ak refijye yo gen menm dwa ak tout Brezilyen. Daprè atik 6 nan Konstitisyon Federal Brezilyen an, dwa sosyal sa yo garanti tankou: edikasyon, santé, manje, travay, lojman, transpò, lwazi, sekirite, previdans (pansyon) sosyal, proteksyon nan matènite (lè w’ fè timoun) ak nan anfans, ak asistans sosyal.
Asiste videyo ki pale sou tout dwa bazik pou demandè dazil ak refijye yo. Pou ou jwenn videyo a nan lang pòtigè rantre sou lyen sa a, klike la; pou legand an anglè ak espanyòl, klike sou lyen sa a; pou jwenn legand fransè ak arab, rantre sou lyen sa a klike la a.
Damndè dazil yo ak refiye yo genyen pwoteksyon kont retou fòse nan peyi orijin yo ak dwe pa depòte oubyen ekspilse yo nan yon peyi kote vi yo, ou byen integrite fizik yo riske e vyole epi nan nenpòt sikonstans lan yo. Demand azil tou entèdi kelkeswa pwosesis ekstradisyon e li anpeche depòtasyon, eksepte pou rezon sekirite nasyonal ou byen lòd piblik. Dwa sa yo nan Konvansyon relatif ki nan Estati refijye yo ak nan Lei 9.474/97. Si lajistis pouswiv ou epi w’ap konfronte yon pwosè de ekstradisyon ou byen depòtasyon, ou gen dwa pou jwenn asistans jiridik gratis nan Biwo Defansè Piblik Inyon.
Kòm moun ki fè demand refijye si li nan analiz, moun sa yo pa gen dwa genyen pouswiv lajistis ou byn penalize yo menm si yo pa gen okenn dokiman nan tèritwa a.
Dwa pèsòn pa dwe vyole pou kesyon koulè, sèks, laj, oryantasyon seksyèl, idantite de jan, sityasyon sosyal, kondisyon ekonomik ou byen relijyon. Rasis nan Brezil se yon krim li ye.
Pou plis enfòmasyon, konsilte sesyon sou Rasis ak chenefobi.
Pou plis enfòmasyon sou reyinifikasyon fanmi, tanpri ale nan seksyon reyinifikasyon fanmi ak ekstansyon efè estati refijye a.
Nan Brezil, gason tankou fanm yo genyen menm dwa. Sepandan, nenpòt vyolans kont fanmi baze sou sèks ou byen oryantasyon seksyèl se yon krim. Tout fanm ki viktim vyolans, yo gen dwa pou jwenn asistans e yo kapab denonse krim sa a nan nimewo 180, ou byen yo ka ale dirèkteman nan komisarya ki gen polis espesyalize pou konbat vyolans kont fanm.
Pou plis infòmasyon ale sou, lyen sa a.
Selon atik 43 nan Lwa brezilyen an Pou Refijye, kondisyon atipik refijye yo dwe konsidere pa otorite yo e nan enstitisyon brezilyen yo nan moman ki nesesè pou prezante dokiman peyi orijin yo, oubyen emi pa reprezantan diplomatik ak konsilè yo.
Si ou refijye ou demandè dazil, vle vwayaje nan lòt peyi, jwenn posibilite pou kominike oubyen fè demand otorizasyon nan CONARE, nan sesyon sa a vwayaj nan lòt peyi.