Apatrid

Nan Brezil, daprè Lwa 13.445/17 ak Dekrè 9.199/17, fè konnen apatrid “moun ki pa konsidere kòm nasyonal pa okenn Eta selon lejislasyon li, an akò ak Konvansyon 1954 sou Estati Moun San Peyi, pibliye nan Dekrè 4.246/2002“.

Apatridia rive pou plizyè rezon, tankou disckriminasyon kont minorite nan lejislasyon nasyonal la, echèk pou rekonèt tout moun k’ap viv nan peyi a kòm sitwayen lè peyi sa a vin endepandan (sececyon Eta yo) ak konfli lalwa antre peyi yo.  


Kòman mwen ka rekonèt kòm yon apatrid nan Brezil?

Nan 28 fevriye 2018, yo te pibliye yon Òdonans Intèministeryèl/Portaria Interministerial no 05, ki bay dispozisyon sou pwosedi pou rekonét kondisyon apatrid ak natiralizasyon fasilite. Rantre sou lyen sa a pou ou kapab jwenn tout òdonans lan konplè, klike la. 

Atravè de yon sistèm Gouvènman Federal brezilyen an, SisApatridia, li posib pou ou fè demand rekonesans apatrid la sou intènèt (an liy). Pou ou fè demand lan li nesesè:  

Pou fè swivi, moun k’ap fè demand lan dwe ranpli yon fòmilè sou intènèt (an liy) epi ou kapab tou make pou ou ale nan Polis Federal. Pou plis infòmasyon konsilte sit ofisyèl klike la a.