HCR nan Brezil
HCR, oubyen Ajans Nasyonzini pou refijye yo, se yon òganizayon mondyal ki konsakre tèt li nan pwoteksyon dwa ak byenèt demandè azil, refijye, apatrid, moun ki deplase andedan pwòp peyi yo ak rapatriye (moun ki deside retounen nan peyi yo apre yo te kouri kite l). HCR ap opere nan plis pase 130 peyi.
Konvansyon Nasyonzini lane 1951 ki gen pou wè avèk estati refijye yo se yon dokiman jiridik ki kore aksyon nou. Avèk ratifikasyon 145 Eta (oswa Peyi) manb, li defini konsèp “refijye” a epi detèmine dwa ak obligasyon jiridik Leta yo nan sa ki gen pou wè avèk pwoteksyon.
Brezil se yon peyi ki siyen Konvasyon 1951 ki gen pou wè avèk estati refijye epi Pwotokòl 1967 li a. Anplis, Brezil entegre andedan pwòp sistèm jiridik nasyonal li (lwa 9 474/1997) definisyon mo “refijye” a nan sans ki pi laj ki soti nan Deklarasyon Katajèn (Carthagène) lane 1984 la. Ajoute sou sa, lwa 13 445/2017 ki tabli fòm siplemantè rezidans legal nan peyi Brezil pou refijye yo, espesyalman pou rezon imanitè, aplikab an patikilye pou sitwayen Afganistan, Ayiti, Siri ak Ikrèn. Donk, Gouvènman brezilyen an responsab tretman demand azil yo nan objektif pou deside si yon moun kapab rekonèt kòm refijye oswa benefisye yon estati pwoteksyon elemantè (altènatif) nan Brezil.
Remak : Pou plis enfòmasyon sou diferans ant estati refijye ak migran nan Brezil, vizite paj Diferans ant estati refijye ak pèmi sejou .
Wòl HCR nan peyi Brezil
HCR travay nan kòdinasyon sere sere avèk otorite piblik yo, ajans Nasyonzini yo, òganizasyon sosyete sivil yo, sektè prive, mond inivèsitè a avèk aktè devlopman yo pou pèmèt aksè ak dwa fondamantal epi kondisyon favorab ak enklizyon sosyal ekonomik refijye yo.
Nan kontèks sa, HCR soutni Leta nan elaborasyon politik nasyonal ak lokal global ki vize akeyi, pwoteje ak entegre refijye yo epi lòt moun ki fòse deplase yo. HCR ofri yon pwoteksyon ak refijye yo nan tout peyi a epi pran swen l pou idantifye ak asiste sila yo ki genyen bezwen espesifik. Anplis, HCR ranfòse patisipasyon refijye yo nan enstans k’ap deside yo. Nan peyi Brezil, HCR gen biwo nan Pacaraima, Boa Vista, Manaus, Belém, Brasilia, São Paulo ak Porto Alegre.
HCR nan Brezil pa pote soutyen sou sijè sa yo:
- Li pa patisipe nan pwosesis detèminasyon estati refijye, pa anrejistre demandè azil ak/oubyen refijye, pa delivre dokiman refijye. Se gouvènman brezilyen an ki responsab pwosedi sa yo. Pou plis enfòmasyon, konsilte paj « Demand rekonesans estati refijye » .
- Li pa ofri èd materyèl bay pèsòn ki swete kite peyi orijin li, ni ak sila yo ki swete kite Brezil.
- Li pa resevwa ni trete demand reenstalasyon (pou vini Brezil oswa pou ale nan lòt peyi). Pou plis enfòmasyon, konsilte paj Reenstalasyon HCR .
Remak : Pou plis enfòmasyon sou sèvis ak asistans disponib nan Brezil, vizite paj Ki kote pou jwenn èd .
Kontakte HCR nan Brezil
Si nou pa twouve enfòmasyon nou gen bezwen yo sou sit entènèt sa, antre an kontak avèk nou atravè fòmilè « Kontakte-nou » . Pou tout kesyon konsènan rejyon espesifik yo, kontakte biwo HCR nou yo.
Si nou gen enkyetid oswa sispèk yon posib move konpòtman (movèz kondit) seksyèl, yon eksplwatasyon oubyen yon abi yon manb pèsonèl HCR ta komèt, yon fonksyonè Nasyonzini (ONU) oswa tout moun ki gen yon lyen avèk Nasyonzini (ONU), SVP konsilte mekanis (oubyen demach) pou pote plent nan HCR.
Pou plis enfòmasyon sou chan aksyon HCR nan Brezil:
Sit entènèt HCR nan Brezil
Facebook
Instagram
Twitter/X