Lojman ak abri 


Abri piblik yo

Ki kote pou jwenn abri?

Si w’ rive nan Brezil ak pa gen kote pou w’ rete, ou dwe chache yon CREAS – yon Sant Referans Espesyalize pou Asistans Sosyal pi pre pou enfòmasyon (lendi a vandredi, 08-18h). Rete nan abri piblik yo gratis, sepandan, plas yo limite. 

Menmsi gen kèk abri ki fèt espesyalman pou akomode demandè dazil, refijye ak imigran, men espas yo limite. Pifò nan abri yo ouvè a brezilyen, refijye ak imigran nan sitiyasyon vilnerab. Abri souvan gen limit sou kantitetan moun lan ap rete a, ki varye ant yon nwit jiska kèk mwa. 

Si w’ gen difikilte pou w’ jwenn yon plas nan abri piblik yo, kontakte òganizasyon patnè HCR pi pre: klike la. 


Abri ke òganizasyon patnè yo jere

Gen kèk òganizasyon patnè HCR ki gen abri espesifik pou refijye ak imigran. Anplis de sa, yo ka ede ou chèche yon tanporè nan Brezil pou rete. Pou konsilte yon patnè HCR nan eta ou ye a, klike la.


Lwaye

Èske demandè dazil ak refijye ka lwe yon kay?

Pa gen okenn obstak pou demandè dazil ak refijye pou lwe yon kay oswa yon apatman nan Brezil. Lwaye a dwe fèt atravè yon akò lokasyon, kote tout dwa ak devwa pwopriyetè yo ak lokatè yo dwe enkli. Pou jwenn plis enfòmasyon, klike sou imaj ki anba a pou jwenn aksè a materyèl Caritas Arquidiocesana São Paulo disponibilize, yon òganizasyon patnè HCR. Enfòmasyon an se nan Pòtigè.