Aktivite bankè

emandè dazil yo ak refijye yo kapab ouvè kont labank. Pwotokòl Refijye, oubyen Kat Enskripsyon Nasyonal Migratwa (CRNM) onswa Dokiman Pwovizwa (DPRNM) ou valide nan peyi a. Dwa moun sa yo garanti selon Lwa 13.445/2017 – Lwa Migrasyon  

Anplis de dokiman, w’ap bezwen pou ou prezante CPF epi yon deklarasyon pou ou di kote ou rete. Li kapab yon papye kouran kote ou rete a oubyen papye entènèt oubyen papye dlo tou. 

Atansyon: si ou pa genyen deklarasyon pou ou di ki kote ou rete, mande pwopryetè kay la pou li deklare ou rete nan kay li. 

HCR, Bank Santral, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik lanse yon livrè ki gen enfòmasyon sou finans pou refijye ak imigran, pou konprann kòman sistèm Finans Nasyonal la fonksyone epi pou yo ka ouvri kont Bankè. W’ap jwenn livrè a nan plizyè lang. Rantre sou lyen sa a pou ou jwenn li nan lang ou vle a pòtigè, espanyòl, anglè, arab oubyen fransè. 


Mwen se demandè dazil e mwen vle ouvè yon kont bankè, yo pa vle ouvè li pou mwen. Kisa mwen dwe fè?

Demandè dazil gen dwa pou ouvè kont bankè. Kidonk, gen kèk bank ki pa konnen dwa ou genyen yo. Si ou ta pase nan yon sityasyon konsa, kontakte Biwo Defansè Piblik Federal (DPU) oubyen kèk lòt òganizasyon ki se patnè avèk HCR.


Bank lan vle pran anpil kòb taks nan menm. Mwen dwe peye taks sa yo?

Jeneralman bank yo pran kòb nan men kliyan yo kòm frè pou ouvè yon kont pou itilizatè yo. Kidonk, daprè yon rezolisyon 3.919/2010, bank yo vin genyen obligasyon pou ouvri kont san yo pa pran lajan kòm frè, ki gen pou objektif bay sèvis bazik. Pou plis enfòmasyon konsènan sèvis yo, rantre an kontak ak ajans bank kote ou ouvri kont bankè ou a. 

Si ou sispèk bank kote ou ouvè kont lan pran yon frè yo pa dwe pran, chèche jwenn Biwo Defansè Piblik Federal (DPU) oubyen kèk lòt òganizasyon ki se patnè avèk HCR.


Kòman mwen ka voye lajan nan lòt peyi?

Nan Brezil gen anpil bank ki espesyalize yo ak biwo echanj ki bay sèvis pou voye lajan nan anpil lòt peyi. Anpil nan yo konpayi sa yo aksepte tankou: paspò, DPRNM oubyen CRNM, epi CPF. Frè yo pran an kapab chanje selon kantite kòb w’ap voye e sa pral depan nan ki konpayi ou chwazi. Fè yon rechèch avan ou chwazi nan ki biwo ou prale.


Men kèk Biwo transfè ki espesyalize yo pou resevwa refijye nan eta São Paulo

São Paulo genyen 3 Biwo Bankè Brezil ki espesyalize yo pou resevwa refijye.  

  • Agência Centro – Ajans 0018
    • 📍R. São Bento, 483 – Centro, São Paulo, SP
    • 📞 (11) 4003-3001 ak tape 0018 lè yo mande nimewo ajans lan. 
  • Agência Catedral da Sé – Ajans 4223
    • 📍 Praça Dr. João Mendes, 31 – Liberdade, São Paulo – SP
    • 📞 (11) 4003-3001 (tape 4223 lè yo mande nimewo ajans lan) 
  • Agência MatrizAjans 6501
    • 📍 R. Quinze de Novembro, 111 – Centro, São Paulo – SP
    • 📞 (11) 4003-6501 (tape 6501 lè yo mande nimewo ajans lan).