Enondasyon nan Rio Grande do Sul

Gwo lapli ki te kòmanse nan 26 avril te pwovoke inondasyon nan eta Rio Grande do Sul, ki te afekte plis pase 2 milyon moun e fòse dè milye de moun kite kay yo.

Anviwon 43 mil refijye ak moun ki bezwen pwoteksyon entènasyonal yo ap afekte dirèkteman oswa endirèkteman pa inondasyon yo, kote 35 mil te deja nan mitan gwoup ki pi vilnerab nan eta a. Anpil te rete nan rejyon ak katye ki pi touche pa inondasyon yo.

Nan Rio Grande do Sul, anpil moun ki ap viv nan zòn ki pi afekte yo te gen rezidans yo domaje oswa detwi, ansanm ak byen pèsonèl ak dokiman pèdi. Wout ak gran wout yo te fèmen, lari yo inonde e yo kanpe vòl yo. Biznis ak ti biznis, sa gen ladan biniz moun refijye yo, tou te kraze. Kèk kominote kounye a yo izole epi pa kapab travay.

ACNUR eksprime li dezole poutèt lanmò yo ak enpak devastatè inondasyon yo nan Rio Grande do Sul. Òganizasyon an ap travay pou sipòte moun ki afekte pa sitiyasyon sa a.

Anba a, w ap jwenn enfòmasyon sou inondasyon yo nan Rio Grande do Sul.


Ki sa mwen dwe fè an ka inondasyon oswa delij?

Nan ka lapli fò ak risk debòde dlo, Sekirite Sivil Eta Rio Grande do Sul konseye rezidan yo nan zòn ki sansib inondasyon pou yo adopte mezi prekosyon pou evite sitiyasyon ki mete lavi yo ak byen yo an danje:

  • Si ou kapab, rete lakay ou.
  • Siveye enfòmasyon meteyowolojik ak alèt ijans ki soti nan Eta a.
  • Suiv enstriksyon otorite lokal yo ak itilize wout evakyasyon rekòmande yo.
  • Evite vwayaje nan zòn afekte yo.
  • Si ou ap viv nan yon zòn risk, kite zòn nan alavans.
  • Sere dokiman enpòtan nan sak plastik.
  • Lè w ap soti, fèmen prensipal bouton limyè, dlo ak gaz la.
  • Evite travèse kote dlo a debòde, kit se nan machin oswa apye.
  • Si ou izole nan yon kote ki pa an sekirite, rele ponpye imedyatman nan nimewo 193.
  • Plen veso ak dlo pwòp pou itilize an ka gen entèripsyon nan aksè oswa founiti dlo.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 


Ki kontak ijans ofisyèl nan Rio Grande do Sul?

Nan ka bezwen sekou oswa asistans pandan inondasyon yo, li enpòtan pou konnen ki moun pou kontakte pou jwenn èd rapid ak efikas. Kenbe nimewo ijans yo toujou pre ou.

  • Militè: 190
  • Ponpye: 193
  • Sekirite Sivil Eta: 199 ak ChatBot/WhatsApp (51) 98401-2527
  • Defans Piblik Inyon: (61) 98352-0067 (WhatsApp) ak pa imèl [email protected]

Sou benefis sosyal gouvènman an

  1. Pwogram Leve tè nou ankò (Programa volta por cima)

Fas a enpak inondasyon ki kounye a ap ravaje Rio Grande do Sul, gouvènman an te lanse yon nouvo edisyon Pwogram Leve tè nou ankò (Programa volta por cima). Jounal Ofisyèl Eta a (DOE) te pibliye nan 10 me, Dekrè 57.607, ki prevwa R$ 50 milyon pou fanmi ki afekte yo. Yo pral peye yon sèl tranche R$ 2,5 mil pou inite fanmi ki san kay oswa deplase akoz evènman klimatik yo.

Kritè yo se:

  • Fanmi ki san kay oswa deplase akoz evènman klimatik negatif ki te fèt ant 1 janvye ak 31 me 2024, dapre Dekrè Eta 57.607;
  • abite nan vil ki gen Dekrè Sitiyasyon Ijans oswa Kalamite Piblik ki te omologe pa gouvènman Eta a;
  • gen enskripsyon ki enkli pa ekip Asistans Sosyal minisipal yo nan fòmilè ki disponib pa Pwogram Leve tè nou ankò (Programa volta por cima);
  • dwe parèt nan Cadastè Inik (CadÚnico) kòm pòv oswa ekstrèmman pòv, menm ak enskripsyon ki te fèt apre evènman klimatik yo.

Pou konnen si ou gen dwa pou benefis la, sitwayen yo ka fè rechèch pa nimewo CPF.

Pou plis enfòmasyon sou benefis Pwogram Leve tè nou ankò (Programa volta por cima), ale nan: Volta por Cima – SOS Rio Grande do Sul (sosenchentes.rs.gov.br).

 

2. Èd SOS Rio Grande do Sul

Komite Gestyon an te defini pwosedi pou peye ayuda SOS Rio Grande do Sul bay fanmi ki viktim inondasyon me 2024 yo. Pwogram a pral sipòte minisipalite nan Rio Grande do Sul ak eta kalamite piblik ki te omologe pa Eta a. Èd finansye yo pral divize pa etap, dapre valè ki disponib yo ak kritè distribisyon resous yo.

Kritè distribisyon – Nan mitan popilasyon ki afekte dirèkteman pa evènman meteyowolojik yo, fanmi ki ranpli kritè sa yo pral resevwa:

  • san kay (gade definisyon anba a) oswa deplase kòm konsekans evènman meteyowolojik la oswa, ki te san kay oswa deplase, men ki deja retounen lakay yo;
  • enskri nan Cadastè Inik pou Pwogram Sosyal (CadÚnico) oswa nan Cadastè Nasyonal Agrikilti Fanmi (CAF);
  • pa benefisye pa Pwogram Leve tè nou ankò (programa Volta por Cima), ki te kreye pa Dekrè 57.607, nan 9 me 2024; epi
  • ak revni fanmi jiska 3 (twa) salè minimòm.

Èd finansye a se yon sèl tranche R$ 2.000 (de mil reais) pa fanmi, ki dwe al nan responsab fanmiyal ki deziye nan CadÚnico epi itilize dapre bezwen benefisyè yo.

Pou plis enfòmasyon sou ayuda SOS Rio Grande do Sul, ale nan: Kòman yo resevwa resous nan pix – SOS Rio Grande do Sul (sosenchentes.rs.gov.br).

3. Retire Kòb Kalamite

Caixa Econômica Federal te pèmèt, jiskaprezan, retire Fon Garanti pou Tan Travay (FGTS) pou kalamite pou travayè 28 minisipalite nan Rio Grande do Sul ki te afekte pa gwo lapli nan eta a.

Retire kòb kalamite pèmèt sitwayen an retire jiska R$ 6.220,00 nan chak kont li nan FGTS, limite a balans ki disponib, pou bezwen pèsonèl, ijan ak grav an ka dezas natirèl (inondasyon, glisman teren, gwo lapli) ki te frape rezidans li, apre yon deklarasyon ofisyèl nan Sekirite Sivil minisipalite li a.

Jiska 17 me, minisipalite ki gen peryòd retire fon ki ouvè yo se: Santa Cruz do Sul, Venâncio Aires, Arroio do Meio, Harmonia, Lajeado, São Leopoldo, Agudo, Anta Gorda, Bom Retiro do Sul, Candelária, Encantado, Esteio, Farroupilha, Feliz, Guaíba, Jaguari, Nova Palma, Nova Santa Rita, Portão, Porto Alegre, Porto Xavier, Rolante, Santa Tereza, São Marcos, São Sebastião do Caí, Sobradinho, Taquara ak Triunfo.

Pou mande retire kòb nan App FGTS, jis klike sou “Mande retire fon ou 100% dijital” (“Solicitar seu saque 100% digital”) oswa nan meni anba “Retire” (“Saques”) epi chwazi “Mande retire” (“Solicitar saque”):: Klike sou “Kalami piblik” (“Calamidade pública”)  – Bay non minisipalite a epi chwazi nan lis la – Chwazi tip prèv adrès la epi antre CEP ak nimewo kay la.

Dokiman ki nesesè pou retire kòb la:

  • Kat Idantite – yo aksepte tou kat pèmi kondwi ak paspò – li nesesè pou voye devan ak dèyè dokiman an;
  • Selfi (foto figi) ak menm dokiman idantifikasyon an parèt nan foto a;
  • Prèv kote w rete nan non travayè a (kont elektrik, dlo, telefòn, gaz, kont entènèt ak / oswa televizyon, kont kat kredi, ak lòt ankò), ki te emèt jiska 120 jou anvan yo deklare kalamite a. Si validasyon an pa posib, sitwayen an dwe prezante yon deklarasyon minisipal ki sètifye ke travayè a rete nan zòn afekte a.
  • Sètifika Maryaj oswa Akt Inyon Stab, si prèv rezidans lan nan non mari oswa madanm oswa konjwen an.

Pou plis enfòmasyon, ale nan: Caixa pèmèt retire fon kalamite nan vil RS yo. Konnen kòman pou mande — Sekretarya Kominikasyon Sosyal (www.gov.br).

 

4. Antisipasyon Èd pou fanmi (Bolsa Família) nan Rio Grande do Sul

Pou mwa me ak jen, Ministè Devlopman ak Asistans Sosyal, Fanmi ak Konbat Grangou (MDS) te asire y ap peye yon fason inifye nan premye jou kalandriye a pou tout fanmi benefisyè Èd pou fanmi (Bolsa Família) nan Rio Grande do Sul. An me, y ap kòmanse peye vandredi (17/05).

Anfèt, benefisyè yo nan 497 minisipalite nan Rio Grande do Sul pral kapab itilize resous la san yo pa bezwen swiv kalandriye eskalye dapre dènye chif Nimewo Idantifikasyon Sosyal (NIS).

Pou plis enfòmasyon, ale nan: Bolsa Família asire nan RS: verifikasyon ak revizyon anrejistreman ki te kanpe jiska desanm — Ministè Devlopman ak Asistans Sosyal, Fanmi ak Konbat Grangou (www.gov.br).

 

5. Èd Rekonstriksyon

Èd rekonstriksyon an se yon sipò finansye nan valè R$ 5.100,00 ki peye nan yon sèl tranche pa Gouvènman Federal bay fanmi ki san kay oswa deplase nan Rio Grande do Sul.

Èd sa a fèt pou fanmi ki abite nan zòn ki te frape pa inondasyon yo, ki te abandone kay yo, an tanporè oswa definitivman, nan minisipalite ki nan eta kalamite oswa ijans.

Pou konnen ki règ yo ak lòt kesyon sou èd rekonstriksyon an, ale nan: Auxílio Reconstrução — Ministério da Integração e do Desenvolvimento Regional (www.gov.br).


Ki sa mwen ka fè si gen vyolans ki baze sou sèks nan yon abri?

Si ou te fè eksperyans yon sitiyasyon vyolans ki baze sou sèks nan yon abri, men sa kèk rekòmandasyon aksyon ou ka pran pou asire sekirite ou:

  • Idantifye yon Moun Referans: Identifye yon moun kle nan òganizasyon oswa administratè abri ki ka bay gid sou ki jan pou aji nan sitiyasyon vyolans.
  • Kenbe yon Lis Kontak Ijans: Kenbe yon lis kontak ijans, enkli nimewo telefòn fanmi, zanmi de konfyans ak sèvis ijans.
  • Aksè nan Sèvis Gratis: Sonje ke sèvis sante ak pwoteksyon kont vyolans ki baze sou sèks nan Brezil gratis epi tout moun – kèlkeswa nasyonalite yo ak si yo gen dokiman oswa non – gen dwa aksè sou yo.

Ministè Fanm yo mete liy sa yo disponib:

📞Sant Apèl pou Fanm gen sèvis espesyal pou resevwa ak transmèt plent vyolans kont fanm nan peryòd lapli nan eta a.

📲 E yo bay enfòmasyon sou abri eksklizif pou fanm ak timoun nan rejyon an.

Ou ka rele 180 epi tape “7” oswa voye mesaj nan WhatsApp pa (61) 9610-0180.


Ki kote mwen ka denonse ka diskriminasyon, prejije oswa ksenofobi?

Nan ka diskriminasyon, prejije ak ksenofobi, ou ka ale nan Pòs polis Konba Entolerans (DPCI) – ajans Polis Sivil, lye nan Depatman Eta Pwoteksyon Gwoup Vilnerab (DPGV) – ki gen aktivite prezans sispann tanporèman akòz inondasyon an.

Pandan peryòd sa a, DPCI a te mete yon seri chanèl rapò ki ka jwenn tout fwa ke dwa moun yo menase. Apèl yo ka fèt nan tout Brezil, gratis, nan nenpòt telefòn fiks oswa mobil (selilè).

  • 190 Disque Denúncia-SSP
  • 181 Disque Denúncia Polis Sivil
  • 197 WhatsApp Polis Sivil
  • Telefòn/WhatsApp (51) 98444-0606
  • Komisarya sou Entènèt: www.dol.rs.gov.br


Ki kote mwen ka jwenn enfòmasyon ofisyèl ak ajou sou ijans nan Rio Grande do Sul?

Pou enfòmasyon serye ak ajou sou Rio Grande do Sul, antre sou sit kominikasyon ofisyèl yo, tankou:


Lit kont fo enfòmasyon “fake news”

Biwo Kri Komikasyon, ki lye ak Biwo Kominikasyon Rio Grande do Sul, te kreye yon Plan pou Lie kont fo enfòmasyon, yon fòs espesyal pou verifye ak konteste kontni fo ki gen rapò ak inondasyon yo. Enfòmasyon yo idantifye, kontwole ak verifye pa yon ekip kominikasyon. Lè verifikasyon an fini, yo fè kontni yo disponib pou gwoup ak laprès la ak sou sit entènèt ak kont ofisyèl gouvènman an.

Nan paj sou entènèt SOS Rio Grande do Sul, ou ka jwenn tout materyèl yo verifye yo: Lit fo enfòmasyon – SOS Rio Grande do Sul (sosenchentes.rs.gov.br).


Materyèl Enfòmatif

1.Klike sou imaj la pou w jwenn nimewo WhatsApp la pou w kontakte UNHCR oswa patnè li a Jesuit Migrant and Refugee Service nan Rio Grande do Sul.

 

 

 

 

 

2. Klike sou imaj ki anba a pou jwenn aksè nan ti liv sou dwa moun ki afekte nan lapli nan Rio Grande do Sul