Antreprenè Refijye

UNHCR ak Pak Mondyal Nasyonzini nan Brezil te lanse platfòm la Refugiados Empreendedores an fevrye 2021. Si w’ se yon refijye, w’ap viv Brezil epi w’ posede pwòp biznis ou, enskri pou fè piblisite pou biznis ou sou platfòm sa a klike la. Li enpòtan ke konpayi an gen rezo sosyal aktif. 

Èske w’ap chèche kou Maketing Dijital gratis, kou enklizyon finansye oswa fòmalize biznis ou a? Gen plizyè opsyon sou platfòm sa a, rantre la.  

Èske ou bezwen aksè a kredi pou biznis ou a ka grandi? Gen enstitisyon ki sipòte antreprenè refijye yo. Tcheke kondisyon espesyal yo klike lai

Platfòm nan gen patenarya ak Aliança Empreendedora, Sebrae, EY, Meta, Banco Pérola, Migraflix, IFC (Òanizasyon Gwoup Bank Mondyal), Instituto Rede Mulher Empreendedora ak Etazini.