Desizyon CONARE

Anba ou pral jwenn enfòmasyon sou desizyon demand refijye ou a. 

Si ou prefere ou ka asiste videyo ki pale sou desizyon CONARE kapab pran: 


Kisa ki pral rive si CONARE rekonèt estati refijye mwen an?

Si CONARE rekonèt demand refijye ou a, w’ap gen pou ou rete kòm refijye nan Brezil. .  

Si ou resevwa rezidans ou. Kat idantite kòm etranje nan Brezil grátis, k’ap genyon dire pou 5 ane. An plis de sa, refijye yo gen dwa pou yo fè Kane kat travay yo pèmanan epi y’ap genyen menm dwa, menm jan avèk tout lòt migran ki legal nan Brezil. Ki donk, yo kapab genyen idantite yo konfime kòm refijye. 

Atansyon: CONARE kapab rekonèt yon refijye se si yo Konsidere tèt yo kòm yon refijye. Lòt peyi yo pa gen okenn obrigasyon pou rekonèt ou ki deja resevwa pwoteksyon entènasyonal nan yon lòt peyi. Sepandan, si ou deja rekonèt kòm refijye nan Brezil epi ou vle vwayaje nan lòt peyi, ou dwe fè demand otorizasyon nan CONARE e yo gen pou trete dosye a selon Lwa migratwa nan peyi ou pral vwayaj a.  

Pou kon plis detay sou rezidans rantre sou lyen sa a, klike la a. 

Klike la a wè kòman pou jwenn enfòmasyon si kondisyon refijye ou konfime. 

Pou plis detay, ale sou sit Polis Federal la a, konsa tou ou kapab konsilte kelke òganizasyon ki se patnè avèk UNHCR / Acnur pou plis oryantasyon òganizasyon patnè UNHCR yo. 


Kisa ki ka rive si CONARE rejte demand refijye mwen?

Si CONARE rejte demand refijye ou, ou gen tout dwa w’ pou ou manifeste desizyon ou e prezante rekou nan MINISTÈ JISTIS nan 15 jou, konte nan menm jou ou resevwa notifikasyon ofisyèl sou desizyon ki pran an. Demand pou revizyon desizyon CONARE pran an dwe gen fondman, ou byen dwe endike e eksplike tout detay, pouki rezon ou pa Dakò avèk desizyon yo a pou rejte demand ou te fè yo.   

Si ou bezwen fè rekou, ou ka chèche Oryantasyon jiridik grátis nan defans piblik Biwo Defansè Piblik Federal ou byen yonn nan òganizasyon sou lyen sa a w’ap jwenn yo,  òganizasyon patnè UNHCR yo. 

Kòman ou ka bay rantre nan yon rekou (pazapa)

  • 1e Pa:  Ale nan Defans piblik pou mande èd pou rekou a.
  • 2e Pa: ou k’ale nan Polis Federal epi bay rekou ou genyen an. W’ap resevwa yon nouvo pwotokòl pwovizwa ki gen validite pou 1 lane (ou kapab renouvle li kantite fwa ou vle, jiskaske ou jwenn yon rezilta final sou rekou ou te fè a).
  • 3e Pa: apre sa tann desizyon final la. 

Si desizyon Minis Jistis rejte demand lan tou, sa siyifi nan pwosè administratif refijye a fini e ou p’ap jwenn pwoteksyon Lwa migrasyon nan Brezil. Ka sa a, ou dwe regilarize rezidans ou nan peyi a atravè lyen sa a. kategori migrasyon – oubyen ou kapab retounen volontèman nan peyi orijin ou. Si ou regilarize estati migratwa ou, ou riske pou yo voye ou retounen nan peyi ou. Chèche jwenn oryantasyon nan defans piblike, rantre sou lyen sa a, Biwo Defansè Piblik Federal la sou tout mezi ou kapab pran.