Ki jan pou mande premye kat la
Apre entèvyou a nan CONARE, w’ ap resevwa enfòmasyon atravè Sisconare si yo rekonèt ou kòm yon refijye.
Pou mande CRNM ou w’ap bezwen:
- Rasanble dokiman ki nesesè yo. Pou konnen kisa yo ye, rantre sou sit Polis Feral la
- Tcheke depans pou bay pou kat ou a nan sit Polis Federal
- Ranpli fòmilè sa a fòmilè
- Pran yon randevou pou ale nan Polis Federal epi retire CRNM ou a.
Si w’ bezwen èd ak pwosesis sa a, tanpri kontakte òganizasyon patnè UNHCR ki pi pre w la. Klike la pou gen aksè ak lis ògoanizasyon yo.
Kòman pou renouvle
Si ou deja genyen CRNM a, men ou bezwen renouvle li:
- Ranpli fòmilè sa a.
- Mete tout dokiman ki nesesè yo.
- Make jou ak lè pou ka ale nan Polis Federal.
Sonje pou verifye pri renouvèlman CRNM ou ap koute w’.
Si w’ bezwen èd ak pwosesis sa a, tanpri kontakte òganizasyon patnè UNHCR ki pi pre w la. Klike la pou gen aksè ak lis ògoanizasyon yo.