Rasis ak Chenofobi

Rasis se yon krim grav ki sibi penalite sevè anba lwa brezilyen an. Yon moun ki akize de krim sa a ka pase jiska senk ane nan prizon. Lwa (Lei) nº 7.716 dekri diferant ka diskriminasyon sa yo:

  • Anpeche moun ki kalifye travay nan sèvis piblik oswa prive ki baze sou diskriminasyon ki gen pou wè ak kesyon ras, koulè oswa relijyon;
  • Refize bay moun sèvis nan etablisman komèsyal yo;
  • Entèdi enskripsyon timoun yo nan lekòl;
  • Anpeche moun nwa antre nan restoran, ba oswa bildin piblik oubyen itilize transpò piblik.

Kòd Kriminèl Brezilyen an prevwa tou sanksyon pou moun ki joure moun pou lòt rezon rasyal (Atik 140). Yon jouman rasyal defini kòm yon ofans nan onè yon moun l sèvi avèk eleman ras, koulè, etnisite, relijyon oswa peyi orijin. Yon jouman rasyal dirije kont yon moun espesifik, men yon krim rasis/rasyal dirije ak yon kolektif (yon gwoup moun). 

Si ou viktim rasis, ou dwe denonse sa imedyatman bay otorite piblik yo. Gen plizyè fason ou ka sa: 

Pou ou ka jwenn plis enfòmsyon ale sou sit wèb Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la (Ministério da Justiça e Segurança Pública).