Natiralizasyon 

Natiralizasyon se pwosesis yon moun ki pa fèt Brezil fè, depi li reponn tout egzijans yo daprè lalwa, selon dekrè, oubyen nòm/règ ki gen relasyon pou pwosesis la. 

W’ap jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis natiralizasyon pi ba a oubyen rantre sou lyen sa a. Klike sou imaj ki apre a / clicando na imagem a seguir.


Kiyès yon brezilyen naturalize ye?

Se moun sa a ki, malgre li pa fèt nan Brezil, li jwen dwa pou vin sitwayènte brezilyen nan yon fason derive.
Moun ki natiralize brezilyen an ap genyen (dokiman) kat idantite  (RG), epi paspò brezilyen li pral genyen tout dwa sivil e politik nan peyi Brezil, e li kapab vote konsa tou yo kapab vote li. Sèlman kelke fonsyon takou: Prezidan ke li p’ap janm ka ye, paske se yon pòs ki fèt eksklisivman pou moun ki fèt nan peyi a, nan dot tèm pou prezidan Brezil fòk ou fèt nan peyi a.


Kòman ou ka fè demann natiralizasyon?

Pwosesis natiralizasyon an fèt atravè platfòm Naturalizar-se. Aksede sou sit Gouvènman Federal la atravè lyen bit.ly/4720coo 

Sou platfòm nan, ou ka anrejistre enfòmasyon ou yo, ranpli fòmilè demann natiralizasyon an dapre opsyon ou chwazi (òdinè, eksepsyonèl, pwovizwa oswa definitif), ajoute dokiman ki nesesè yo, epi resevwa notifikasyon sou pwogrè pwosesis la, oswa si ou bezwen ajoute plis enfòmasyon. 

Apre analiz ak apwobasyon dokiman yo, li pral nesesè pou pran yon randevou pou ale nan Polis Federal la pou prezante dokiman orijinal yo epi fè koleksyon biyometri a. 

Sèvis la gratis epi desizyon sou pwosesis natiralizasyon an ap pibliye nan Jounal Ofisyèl Inyon an (Diário Oficial da União). 


Ki prensipal kalite natiralizasyon yo epi kiyès ki ka mande l?

  • Òdinè 

Pou moun refijye ak imigran ki gen plis pase 18 ane epi ki gen rezidans pou yon peryòd endefini nan Brezil depi omwen 4 ane*.

*Tan sa a diminye a 1 an si moun refijye oswa imigran an gen yon pitit brezilyen oswa si li marye/ki nan yon inyon estab ak yon brezilyen.   

Lòt kondisyon:
Kapasite pou kominike nan lang pòtigè;
Pa gen kondanasyon penal oswa prèv reabilitasyon. 

  • Ekstrawòdinè 

Pou refijye ak imigran ki gen plis pase 18 an ak rezidans pou yon peryòd de tan endetèmine nan Brezil pou plis pase 15 ane san entèripsyon, eksepte vwayaj sporadik*.

*Vwayaj esporadik ale nan lòt peyi (total la pa ka depase 90 jou pa ane ak 12 mwa an total) pa anpeche konte peryòd tan pou natiralizasyon 

Lòt kondisyon:
Pa gen kondanasyon penal oswa prèv reabilitasyon.  

  • Pwovizwa

Pou timoun ak adolesan refijye ak imigran ki te jwenn rezidans pou yon peryòd endefini nan Brezil anvan yo rive 10 ane.

Pou timoun refijye, yo pran an kont laj li jwen demann pou rekonèt kondisyon refijye a, se pa laj deklarasyon estati pa Conare. 

Lòt kondisyon:
Li nesesè pou moun ki reprezante legalman timoun nan oswa adolesan an fè demann natiralizasyon pwovizwa 

Natiralizasyon pwovizwa kapab chanje a Karaktè Definitif si moun ki natiralize a fè demand 2 ane aprè li akonpli 18 ane.  


Kijan pou pwouve ke mwen gen rezidans nan Brezil pou yon peryòd endefini?

Pou kondisyon sa a pou li respekte, yo konte peryòd ant dat moun nan te kòmanse rezide nan Brezil pou yon peryòd endefini (sa vle di, rezidans ki pa tanporè oswa pwovizwa) ak dat demann natiralizasyon an.
Kont dlo, kouran, telefòn ak kat travay se egzanp dokiman ki yo aksepte pou pwouve kantite ane rezidans nan Brezil. Kat Enskripsyon Nasyonal Migratwa (Carteira de Registro Nacional Migratório (CRNM)) ka itilize tou pou pwouve rezidans pou yon peryòd endefini. 

Atansyon! Pou moun ki refijye yo, tan an konte soti demand dazil a (soti nan premye Pwotokòl Refij) li pa soti nan dat yo te deklare estati yo pa Conare oswa CRNM.


Kòman mwen kapab pwouve mwen konn pale pòtigè?

Ou dwe prezante kèk dokiman ki nan lis nan atik 5 nan Òdonans nº 623 ki soti 13 novanm 2020, tankou sètifika konpetans yo jwenn atravè egzamen CELPE-BRAS oswa ki bay pa yon enstitisyon edikasyon siperyè ki akredite pa Ministè Edikasyon an.
Yo aksepte tou prèv ak/oswa diplòm fini lekòl fondamantal oswa segondè atravè Egzamen Nasyonal pou Sètifikasyon Konpetans Jèn ak Granmoun (Exame Nacional para Certificação de Competências de Jovens e Adultos – ENCCEJA), ansanm ak diplòm edikasyon siperyè oswa pòs- gradyasyon ki fèt nan Brezil.


Kijan pou mwen pwouve ke mwen pa gen kondanasyon penal oswa kriminèl, oswa ke mwen reabilite?

  • Sètifika dosye kriminèl ki bay pa Jistis Federal ak Jistis Eta nan kote ou te rete nan Brezil pandan kat dènye ane yo; 
  • Sètifika dosye kriminèl oswa dokiman ekivalan ki soti nan peyi orijin ou, legalize oswa apostile, epi tradui nan Brezil pa yon tradiktè piblik ofisyèl. 

Atansyon! Moun ki refijye yo pa bezwen prezante dosye kriminèl nan peyi orijin yo.