Enfòmasyon pou popilasyon Ayisyen an

Nan dat ki te 27 desanm 2024, nouvo règleman ki defini kondisyon aksè pou viza imanitè brezilyen anfavè ayisyen yo te antre an aplikasyon. Delivrans viza yo kondisyone ak soutyen donatè kominotè yo. Gouvènman brezilyen an pral gen pou kominike enfòmasyon anplis sou nouvo pwosedi sa a. Jiska jodi a, li enpòtan pou souliye HCR pa entèvni nan pran desizyon, ni nan delivrans viza imanitè yo.

Apre delivrans viza imanitè pou Brezil

Viza imanitè a valab pou 180 (San katreven) jou, pou yon sèl antre nan Brezil (antre inik). Yon fwa vwayajè yo ki genyen viza imanitè a rive sou plas, yo genyen yon delè maksimòm (oswa pou pi plis) 90 (katreven dis) jou pou yo prezante yo nan Polis federal e yo gen dwa pou (1) mande rekonesans estati refijye ; ou (2) mande yon otorizasyon sejou tanporè pou rezon imanitè. Konsilte lyen koulè ble yo pou n kapab jwenn enfòmasyon konplemantè, diferans ant de (2) vwa legal ki disponib yo nan Brezil avèk tip regilarizasyon dokiman yo, yon pwosedi etap pa etap pou mande rekonesans estati refijye nan Brezil, avèk yon lis enstitisyon ki patnè HCR nan plizyè Eta nan Brezil kote w ka resevwa èd.

Reyinifikasyon familyal pou ayisyen : yon nouvo fason pou resevwa yon viza!

Gouvènman brezilyen an lanse yon nouvo règ pou resevwa viza regwoupman familyal pou ayisyen ak apatrid yo k ap viv an Ayiti e ki genyen lyen familyal nan Brezil.

Kiyès ki ka mande yon viza?

Nouvo viza sa rezève ak sila yo ki te deja mande yon « pèmi sejou ki nesesè pou rezon regwoupman familyal » (selon ansyen pwosesis – Òdonans entèministeryèl MJSP/MRE no 38/2023) epi, pou yon rezon kèlkonk pat ko resevwa viza yo.

Kòman nouvo pwosesis la fonksyone?

Ansanb pwosesis demand ak delivrans viza yo ap fèt antyèman pa mwayen elektwonik, atravè yon platfòm an liy, k ap gen pou anonse pwochènman pa gouvènman an.

Manb fanmi k ap viv an Ayiti, an kalite demandè viza, se kategori moun sa yo ki dwe reyalize demach sa.

Anplis, demandè a pa gen okenn frè ni amann pou peye: Viza ak anrejistreman an gratis nan Brezil. Validite viza a konfime atravè lekti yon kòd QR.

Kisa nou bezwen pou fè demand lan?

Pou konplete pwosesis la, moun k ap fè demand viza a dwe soumèt:

  • Yon kopi nimerik paj paspò li yo.
  • Prèv pèmi sejou oswa otorizasyon rezidans ou genyen avan an te apwouve.
  • Yon foto.
  • Nan ka timoun yo, otorizasyon 2 paran yo oswa moun ki gen responsabilite legal yo (titè legal).

Règ Enpòtan

  • Moun k ap resevwa viza a dwe anbake nan vòl li destinasyon Brezil inikman depi Ayiti. Apre li rive, l ap genyen 90 jou pou l ale anrejistre tèt li bò kote otorite brezilyen yo.
  • Nouvèl règ sa ap antre an aplikasyon nan yon mwa e l ap valab jiska 31 desanb 2025, oubyen jiskaske tout viza ki déjà gentan apwouve yo fin trete.