📢 Konnen kèlke risk ou kapab jwenn si ou prale nan yon lòt peyi nan rejyon an

1) Kontrebann ak trafik moun

Anpil fwa, trakifan yo bay manti sou kondisyon vwayaj yo, peyi destinasyon, nan dokiman yo, epi anpil lòt bagay. Pandan vwayaj la, ou kapab rankontre moun k ap ofri w’ travay, ou byen anpil lòt opòtinite ki sanble trè bon pou ou. Men, sa ka yon fòm pou li twonpe w’ pou trafik moun epi eksplwate ou seksyèlman la ou byn nan travay ou.

2) Vyolans ak abi seksyèl

Fanm, timoun ak moun LGBTQIA+ kapab jwenn pi gwo risk pou soufri vyolans seksyèl. Si ou sibi tip vyolans sa yo, ou ka infòme sa a nan yon sant santé ki pi pre w pandan vwayaj ou, kidonk wap bezwen jiska 72h tan aprè insidan an.

Atansyon! Pèsòn pa dwe mande ou fè sèks pou jwenn aksè ak sèvis yo.

3) Eksplwatasyon epi fwod

Si yo mande lajan ou oswa nenpòt bagay pou ou jwenn infòmasyon, aksè pou dokiman ou byen sòvis, di NON!
Tout sèvis yo nan òganizasyon imanitè yo se gratis e pèsònn pa dwe pran Lajan (kòb) pou bay infòmasyon ou byen asistans imanitè.

4) Separasyon avèk fanmi an

Evite kite timoun yo, adolesan yo epi yon moun ki bezwen yon asistans li menm sèl ou byen kiten li avèk yon moun ou pa rekonèt. Si w’ap separe avèk yo, bay yon kote pou nou rankontre epi garanti chak manm nan fanmi an gen infòmasyon pèsonel yo, dokiman e si li posib nimewo telefòn.

5) Forè Daryen

Vwayaj nan forè a kapab mete vi fanmi w’ nan risk. Ou ekspoze avèk:

  • Ekstòsyon;
  • Tanperati ekstrèm jiska 35o C;
  • Mòd oswa atak animal sovaj;
  • Vyolans fisik oswa seksyèl;
  • Trafik moun (eksplatasyon seksyèl ak travay);
  • Vòl
  • Seperasyon ak disparisyon fanmi ou;
  • Riske nwaye (mouri) pandan nan travèse rivyè;
  • Fatig fizik ak danje mache anpil nan forè a;
  • Aksidan ak wout yo.

Atansyon avèk konjonkti politik epi sosyal nan chak peyi nan lè w’ap deplase

Pou plis kontni sou Forè Daryen an, rantre sou lyen sa a. Enfòmasyon sou forè Darién nan Panaman – Kwè nan Toukan

Proteje dokiman ou

Toujou genyen avèk dokiman pèsonèl ou, timoun ou yo, adolesan yo, ak fanmi w ak ou. Si posib, fè kopi epi mete yon lòt kote sekirize.

Toujou gen infòmasyon sou nouvo bagay ki genyen e mezi gouvènman yo pran.

Si yo mete ou nan prison ou byen w’ap andire yon difikilte, ou gen dwa avèk yon avoka.

Evite vwayaje (ou byen pase) nan zòn ki gen konfli yo!

Pou jwenn plis enfòmasyon, klike isit la.